Koulè Wouj
MATYAS KI SEN,
Apot
PREMYE LEKTI
«Sò a tonbe sou Matyas, li antre nan gwoup onz
Apot yo»
LEKTI TRAVAY APOT YO 1, 15-17. 20-26
Jou sa yo Pyè leve nan mitan frè yo,
li di (foul moun yo te apeprè san ven): «Frè m’ yo, se pou sa k’ ekri a reyalize,
sa Espri Sen an te di nan bouch David la sou Jida ki te kondui moun yo ki te
vin arete Jezi a, Jida sa a ki te youn nan nou an, ki te gen plas li nan sèvis
sakre sa a.
Men
sa ki ekri nan liv sòm yo: «Se pou kay li vin tounen dezè, pou pa gen pèsòn ki
abite ladan li». Epi: «Se pou yon lòt resevwa chaj li genyen kòm evèk la».
Konsa
nan mesye sa yo ki rasanble avèk nou yo pandan tout tan Granmèt Jezi te konn
antre-sòti nan pami nou an, kòmanse depi sou batèm Jan an jous jou li monte kite
nou an, se pou youn nan yo vin sèvi temwen rezireksyon l’ nan ansanm avèk nou».
Yo
prezante de, Jozèf sa yo rele Basabas la, ki gen ti non Kòrèk la, avèk Matyas.
Yo
priye, yo di: «Ou menm Granmèt, ki konnen kè tout moun, montre sa a ou chwazi
nan de sa yo, pou l’ pran plas sèvis sakre sa a ak travay apot la, sa Jida pati
kite l’ la pou l’ al fè wout li a».
Yo
tire osò sou yo; sò a tonbe sou Matyas, yo mete l’ nan gwoup Onz Apot yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS 112, 1-2. 3-4. 5-6. 7-8
R/ Granmèt
la ba l’ ansanm avèk chèf pèp li a.
Oubyen: Alélouya.
Fè
lwanj, pitit Granmèt la, fè lwanj pou non Granmèt la.
Se
pou non Granmèt la jwenn konpliman depi koulye a jous pou tout tan.R.
Depi
olevan jous okouchan, non Granmèt la merite lwanj.
Li
wo anlè tout nasyon yo, Granmèt la, anlè syèl yo, glwa li ye.R.
Kilès
ki tankou Granmèt Bondye nou an, li menm ki abite nan wotè yo, ki wè sa k’ ba
yo nan syèl la ak sou tè a? R.
Li
leve malere a sot atè a, li drese pòv la sot nan pousyè a, pou l’ ba l’ plas
avèk chèf yo, avèk chèf pèp li yo.R.
LEVANJIL
«Se pa nou menm ki chwazi m’, men se
mwen menm ki chwazi nou»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 15, 9-17
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Menm jan Papa a renmen m’ nan, mwen
menm tou mwen renmen l’. Ret nan renmen m’ nan. Si nou kenbe kòmandman m’ yo, n’ap
rete nan renmen m’ nan; menm jan mwen menm mwen kenbe kòmandman Papa m’ yo, epi
mwen rete nan renmen l’ nan. Mwen di nou sa, pou kè kontan m’ nan kapab nan
nou, epi pou kè nou kapab kontan nèt.
Men kòmandman m’, se pou nou youn renmen
lòt, menm jan mwen renmen nou an. Pèsòn pa renmen pi plis pase moun ki bay lavi
l’ pou zanmi l’ nan. Nou menm nou se zanmi m’, si nou fè sa mwen kòmande nou
yo.
Mwen p’ap rele nou sèvitè ankò, paske
sèvitè a pa konnen sa mèt li ap fè; men mwen rele nou zanmi, paske tout sa m’
tande kot Papa m’, mwen fè nou konnen yo. Se pa nou menm ki chwazi m’; men se mwen
menm ki chwazi nou, mwen mete nou, pou nou ale, pou nou pote fwi, pou fwi nou an
dire; konsa, pou nenpòt ki sa nou mande Papa a o non m’, li ba nou l’. Men sa m’ kòmande nou, se pou youn renmen
lòt».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Legliz la ap fete jodi a fèt Apot Matyas ki Sen.
Fete yon apot se fete rasin Legliz la. Sa fè nou sonje se sou do apot yo li bati. Matyas se apot ki te gen
vokasyon e ki te dakò pou ranplase Jida, sila ki te trayi Granmèt la : sò
a tonbe sou do Matyas. Kòm apot, li la pou temwaye Rezireksyon an, li te konn
toujou reyini avèk lòt yo. Ki donk Sen Matyas se youn nan moun ki te bay lavi l’
pou Legliz la ak pou Levanjil Jezikri a te ka gaye nan tout kwen sou latè. Se Jezi
menm ki chwazi l’, menm jan li te chwazi lòt onz yo.
Konsa, nou kab
konprann se Jezi menm ki se Rezireksyon ak Lavi toutan, Limye ak Laverite, sila
ki konnen nou nan chouk, nan zo, e ki rele nou vin travay avèk li. Tankou nou
abitye chante li a: «Mwen reve yon moun ki vin ban mwen lebra, li di m’ pa ret
chita gade, vin travay avèk li…». Pou byen di nou, frè ak sè m’ yo, vokasyon se
zèv Bondye. Tout sa n’ap antreprann nan lavi a, se pou nou met Bondye devan.
Paske se li ki chwazi n’, se li ki te wè n’, li konn eta nou ye, li konnen kè
noua k lide nou yo. Li mande nou de bagay nan levanjil jodi a : pou nou
rete nan renmen an, li mande nou renmen menm jan li renmen nou, menm jan li
renmen Papa ; konsa n’ap rive kenbe kòmandman l’ yo. Se pou nou rete kole
nan renmen li an. Lòt bagay li mande nou jodi a, se pou youn zanmi lòt ;
li menm li rele nou zanmi li, nou pa esklav li, nou se zanmi Jezikri. Nou dwe
viv kòmandman l’ yo, obeyi ak sa Bondye mande n’ fè, epi fè sa li mande nou fè.
Se pou Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ : Bondye
Papa, tanpri, aprann nou renmen w’ nèt ale, pou n’ ka rete soude ak ou, pou n’
ka aprann renmen frè ak sè n’ yo tout bon vre jan ou vle a, ou menm ki vivan e
ki wa k’ap kòmande depi toutan e pou tout tan. Amèn
PWOPOZISYON : Ann rete kole sou
Bondye konsa l’a ba nou tout sa nou bezwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario