Páginas

JEDI 15

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Nan ras David Bondye fè Jezi sòti kòm Sovè».
LEKTI TRAVAY APOT YO 13, 13 -25
Pòl ak moun ki te avèk li yo fè vwal sot Pafòs, yo rive Pèje nan Panfili. Jan menm kite yo, li tounen Jerizalèm.
Yo travèse Pèje, yo rive Antyòch Pisidi; yo antre nan sinagòg la jou saba a, yo chita. Aprè lekti lalwa ak pwofèt yo, chèf kay reyinyon yo voye kote yo, yo di: «Mesye frè yo, si nou gen yon pawòl ankourajman pou pèp la, di l’».
Pòl menm leve, li lonje men l’ pou l’ mande silans, li di:
«Mesye Izrayelit yo, epi nou menm ki krenn Bondye, koute. Bondye pèp Izrayèl la te chwazi zansèt nou yo, li leve pèp la, lè yo te etranje nan Ejip, li leve bra l’ byen wo pou l’ fè yo sòti nan peyi a, pandan karant an li sipòte konduit yo nan dezè a. Li detwi sèt nasyon nan peyi Kanaan an, li separe tè yo ba yo kòm eritaj, anviwon aprè katsansenkant an; aprè sa li bay jij jouska pwofèt Samyèl.
Aprè sa yo mande yon wa; Bondye ba yo Sayil, pitit Sis, yon mesye nan ras Benjamen, pandan karant an. Aprè sa, li wete l’, li fè David kanpe pou yo kòm wa, li rann li temwayaj, li di: «Mwen jwenn David, pitit Jese a, yon mesye daprè kè m’, k’ap fè tout volonte m’ yo».
Se nan ras li, daprè pwomès la, Bondye fè Jezi leve kòm sovè pou Izrayèl, anvan l’ te rive a, Jan te preche yon batèm penitans pou tout pèp Izrayèl la. Lè Jan t’ap rive nan bout chemen l’ li t’ap di: «Sa a nou panse mwen ye a, se pa sa mwen ye; men l’ap vini aprè m’, sa a mwen pa merite pou m’ defèt lasèt sapat li a».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.    
SÒM REPONS 88, 2-3. 21-22. 25 e 27
R/ Mizerikòd ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Oubyen : Alelouya.
Mizerikòd Granmèt la, se tout tan m’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse verite w’ nan bouch mwen. Sèke mwen te di: «Pou tout tan mizerikòd la bati», nan syèl la ou asire verite w’ la. R.
Mwen jwenn David sèvitè m’ nan; ak luil mwen ki sen an mwen sakre l’. Men m’ ap ret fèm avèk li, bra m’ ap ba li fòs.R.
Verite m’ ak mizerikòd mwen ap avèk li, o non m’ l’ap leve kòn li.
Li menm l’ap rele m’: «Se Papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen.R.
LEVANJIL
«Moun ki resevwa sa a mwen voye a, se mwen menm li resevwa»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 13, 16-20
Aprè Jezi fin lave pye disip li yo, li di yo:
«Amèn, amèn, mwen di nou, sèvitè a pa pi gran pase mèt li, apot la tou pa pi gran pase sa a ki voye l’ la. Si nou konn sa, ala kontantman pou nou si nou fè bagay sa yo.
Se pa osijè nou tout m’ap pale; mwen konnen sa yo mwen chwazi a; men se pou sa k’ ekri a kapab reyalize: «Sa a k’ap manje pen an avèk mwen an, l’ap leve talon l’ kont mwen».Mwen di nou sa davans anvan sa rive, pou, lè sa rive, nou kwè [mwen menm mwen ekziste] [mwen menm menm se mwen].
Amèn, amèn, mwen di nou, moun ki resevwa sa a mwen voye a, se mwen menm li resevwa; moun ki resevwa m’, li resevwa sa a ki voye m’ nan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè m’ yo, sè m’ yo, jodi a Legliz la prezante nou yon tèm espesyal nou kapab reflechi sou li ki se: sèvis. Genyen plizyè fason nou entèprete mo sèvis la. Yon premye fason, se lè pa ekzanp nou ale nan yon biwo epi moun ki nan biwo sa resevwa nou. Anpil fwa nou pa peye moun nan dirèkteman men an retou gen yon lajan moun sa pral touche nan men mèt travay la. Donk nou ka di nan sans sa kan menm sèvis sa pa pou granmesi. Gen kèk lòt fwa, genyen kèk moun ki konn ofri ou yon sèvis paske li gen tan wè daprè nesesite w’ ki kote li pral pran w’ pi devan. Nan tou de ka sa yo, se toujou yon sèvis ki baze sou enterè ak meskinri nou jwenn. Levanjil jounen jodi a vle pale nou de yon lòt kategori sèvis. Se yon kategori kote moun k’ap rann sèvis la bliye tèt li pou li kapab ede lòt la ak tout kè li, san li p’ap tann rekonpans sou okenn fòm nan men moun li ede a. Se vrèman nan fason sa Bondye mande pou nou aji. Li vle montre nou nan Levanjil la nou pa dwe montre nou siperyè pase okenn lòt moun, e lè n’ap ede yon moun nou dwe fè sa nan plis imilite posib pou lòt la kapab santi prezans Bondye ki abite nan nou. Se youn nan fason ki pi efikas nou kapab temwaye renmen Bondye a bay lòt yo ki gen difikilte pou yo konprann grandè Bondye. Donk jounen jodi a Levanjil la envite nou reflechi pou nou kapab ekzamine fason nou te konn sèvi pwochen nou. Si nou te konn fè sa pandan n’ap chache pwòp glwa nou oubyen pwòp enterè nou, ebyen Jezi vle fè nou sonje ke kretyen an dwe gen yon atitid ki diferan ak tout lòt moun. Konsa n’a va chache fè efò chak jou pi plis pou nou kapab sèvi pwochen nou yo, sitou sa ki plis nan bezwen yo pandan nou p’ap tann okenn redevans.
LAPRIYÈ: Bondye, ou refè nou pi byen pase jan nou te ye nan premye kòmansman an. Pou jan ou gen bon kè, ou ba nou yon sakreman ki si tèlman gran nou pa gen bouch pou nou pale. Sonje sa ou fè pou nou. Se ou menm ki refè nou selon sekrè plan ou. Nou vin tounen yon moun nouvo, ou ba nou gras ou, ou beni nou pou tout tan. Tanpri, presève sa ou met nan nou an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Mwen vle akeyi Jezi nan lavi mwen, poutèt sa m’ap aprann renmen menm jan li renmen mwen an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario