Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Bondye reyalize
pwomès la, antan l’ fè Jezi resisite».
LEKTI TRAVAY APOT YO 13, 26-33
Jou sa yo: Lè Pyè rive Antyòch
Pisidi, li di nan sinagòg la: «Mesye frè m’ yo, pitit ras Abraam, epi nou menm
ki krenn Bondye, se pou nou pawòl delivrans sa a yo voye l’. Sa yo ki te abite Jerizalèm yo, ni
chèf li yo, yo pa rekonèt li, ni pawòl pwofèt yo yo konn li chak Saba a, yo reyalize
pawòl sa yo antan yo jije l’. Yo pa jwenn okenn koz lanmò nan li, yo mande
Pilat pou yo touye l’. Lè yo fin reyalize tout sa k’ te ekri sou li, yo desann
li sot sou bwa a, yo depoze l’ nan yon kavo.Men Bondye leve l’ sot nan pami mò
yo sou twazyèm jou a; li parèt pandan anpil jou devan sa yo ki te monte avèk li
sot Galile a rive Jerizalèm nan, yo menm ki sèvi l’ temwen jous koulye a devan
foul la. Nou menm nou anonse nou reyalizasyon pwomès la yo te fè bay papa nou
yo; Bondye reyalize l’ pou pitit nou yo antan l’ fè Jezi resiste, jan sa ekri
nan sòm dezyèm nan: «Ou se Pitit mwen; jodi a mwen anfante ou».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS
2. 6-7. 8-9. 10-11
R/
Se Pitit mwen
ou ye: jodi a mwen anfante ou.
Oubyen: Alelouya.
«Mwen enstale wa m’ nan sou Siyon,
mòn mwen an ki sen an»!
M’ap anonse desizyon l’ nan. Granmèt la di m’: «Se Pitit mwen ou
ye, se mwen menm jodi a ki anfante ou.R.
«Mande
m’, m’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou, posesyon ou, se limit tè a. W’ap kòmande
yo ak yon bagèt an fè, tankou veso ki fèt ak tè, w’ap kraze yo».R.
Koulye
a, wa yo, konprann, pran leson, nou menm k’ap jije tè a.
Sèvi
Granmèt la ak krent, fete devan l’ avèk sezisman.R.
LEVANJIL
«Mwen se chemen
an, verite a, ak lavi a».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 1-6
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Pa kite kè nou twouble. Se pou nou
kwè nan Bondye, epi kwè nan mwen menm tou. Nan kay Papa m’ nan gen anpil kote
pou rete. Otreman mwen
ta di nou, paske m’a prale pare yon plas pou nou. Lè m’a fin al prepare plas la
pou nou an, m’a tounen vin pran nou avèk mwen, konsa, kote m’ap ye a, se la n’a
ye tou. Epi kote m’a prale a, n’a konnen l’, n’a konnen chemen
an». Toma di l’: «Granmèt, nou pa konnen kote ou a prale; kòman nou kapab fè
konnen chemen an»? Jezi di l’: «Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsòn
pa vin kot Papa a, sof si l’ pase pa lantremiz mwen».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye pou jodi a
ap envite nou gen konfyans, nou ta kapab di konfyans nan Bondye epi konfyans
nan pwòp tèt nou ak nan kapasite nou genyen pou nou travay pou yon lavi miyò.Nou
dwe chèche konnen kisa Bondye vle nan lavi nou, paske Bondye gen yon pwoje pou
nou chak, e pafwa nou bliye sa. Si nou te fè Granmèt la yon pwomès, nou dwe
kenbe pwomès nou. Gen yon pwovèb ki di «pwomès se dèt»; lè w’ di yon moun w’ap
fè yon bagay pou li oubyen w’ap ba li yon bagay, moun sa gen anpil espwa. Nan
premye lekti a, nou wè kijan Bondye fidèl, li reyalize pwomès li antan li fè
Jezi leve byen vivan. Pwomès sa a Bondye reyalize l’ tout bon vre pou nou menm
ki se pitit eritye l’ yo; li louvri pòt yon lavi tou nèf pou nou antan li fè
Pitit li a touye lanmò a. Vrèman vre, se Jezi ki vin reyalize tout pwomès
Bondye Papa a. Li se Wa nou, e poutèt sa nou dwe santi nou gen asirans, nou pa
gen pou n’ap trakase tèt nou ni jodi a, ni demen. Pou kisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Pou
kisa pèp yo ap fè plan pa yo pou anyen kont Wa sila a ki korèk la, li menm ki
se Chemen, Verite ak Lavi a? Jezi kontinye ap fè mèvèy tout kote li pase, paske
li gen tout pouvwa epi li vini pou kase tout chenn esklavaj nou yo. Se poutèt
sa, se pou nou koute li, epi kwè nan li. Jan di nou nan Levanjil li a, nou pa bezwen
boulvèse nou pou anyen; yon sèl bagay se pou nou kwè nan Bondye Papa a epi kwè
nan Jezi. Kay Papa a gen anpil plas pou n’ rete, men fòk nou fè anpil atansyon,
si pou yon moun eritye plas sa a, fòk li travay pou sa, paske syèl la se pa
piyay; pa gen mafya, pa gen magouy, ou pa bezwen parenn ni marenn pou w’ al
ladan l’; nan pwen vòlè ni achte. Si nou swiv Chemen Jezi a, si nou mache ak
Jezi, yon jou nou va rive.
LAPRIYÈ: Jezi, tanpri ede
mwen chwazi ou chak jou nan lavi mwen: ou se Chemen ki bay asirans, ou se
Verite ki sèten an, ou se Lavi ki p’ap janm fini an.
PWOPOZISYON: Mwen vle jwenn yon
plas kay Papa Bondye. Poutèt sa depi jodi a m’ap travay pou rèv sa a ka
reyalize.
No hay comentarios:
Publicar un comentario