Páginas

SAMDI 17

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Men nou vire nan direksyon nasyon yo».
LEKTI TRAVAY APOT YO 13, 44-52
Nan Saba ki suiv la, prèske tout vil la te rasanble pou koute pawòl Bondye a. Lè Jwif yo wè foul yo, yo plen ak raj, yo atake sa Pòl t’ap di yo antan y’ap blasfeme.Pòl ak Banabe menm kenbe fèm, yo di:
«Se nou menm nou te gen pou nou pale pawòl Bondye a an premye; men kòm nou repouse l’, nou montre nou pa merite lavi ki p’ap janm fini an, men n’ap vire nan direksyon nasyon yo.Se konsa Granmèt la te pase nou lòd: «Mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou ou sèvi delivrans jous nan bout tè a».
Lè nasyon yo tande sa, yo kontan, yo fè lwanj pou pawòl Granmèt la, tout sa yo Bondye te rezève pou lavi ki p’ap janm fini an, yo kwè. Pawòl Granmèt la menm t’ap simen nan tout rejyon an.
Jwif yo menm rasanble medam relijye yo ak medam lasosyete a, ak chèf vil yo, yo monte pèsekisyon kont Pòl ak Banabe, yo chase yo sot nan limit peyi yo.Men yo menm, yo souke pousyè pye yo, yo rive Ikonyòm. Disip yo te plen ak kè kontan ak Lespri Sen.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.      
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd4
R/ Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè.
Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, devan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li sonje kè sansib li ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an.Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik; sou twonpèt ki dous ak son kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
«Moun ki wè m’, li wè Papa a tou»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 7-14
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Si nou te konnen m’, nou ta konnen Papa m’ tou; koulye a nou deja konnen l’, nou wè l’».
Filip di l’: «Granmèt, montre nou Papa a, sa kont nou».
Jezi di l’: «Depi tout tan sa a mwen avèk nou, epi nou pa konnen m’? Filip moun ki wè m’, li wè Papa a tou. Kòman ou fè di: «Montre nou Papa a»? Nou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Pawòl yo, sa mwen deklare nou yo, se pa ak pwòp fòs mwen mwen deklare yo. Papa a ki rete nan mwen an, se li menm ki fè aksyon yo. Nou pa kwè mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen? O mwen poutèt aksyon yo, se pou nou kwè.
Amèn, amèn, mwen di nou, moun ki kwè nan mwen, aksyon mwen fè yo, li menm tou l’ap fè yo, epi l’ap fè bagay ki pi gran ankò pase sa yo. Paske mwen menm m’a prale kay Papa a.Nenpòt ki sa nou mande Papa a o non m’, m’ap fè l’ pou Papa a jwenn bèlte l’ nan Pitit la. Si nou mande m’ kichòy o non m’, m’ap fè l’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Yon lòt fwa ankò, Jezi vle atire atansyon nou nan fason nou kwè. Jis jounen jodi a, gen yon pakèt moun ki gen difikilte pou kwè ke Bondye ekziste e se li menm ki mèt tout sa nou wè ak tout sa nou pa wè. Malgre tout temwen ki te viv yon eksperyans lafwa pwofon ak Bondye te kite temwayaj yo pou nou, anpil moun pa janm rive kwè tout bon. Eksperyans montre tou, anpil fwa, gen de moun lè yo gen difikilte, se Bondye sèl yo rele. Lè machin yo pèdi fren, lè yo anba kout kouto operasyon, lè doulè grangou ap manje lestomak yo, yo pa gen de kout rèl pou yo fè ke «woy Bondye kote w’ ye?» Poukisa w’ kite pitit ou ap peri? Donk nan Levanjil jodi a Bondye vle atire atansyon nou sou enpòtans lafwa a genyen pou nou kapab rive kwè tout bon vre nan ekzistans li. Levanjil jodi a envite nou admire mèvèy Bondye yo sou latè pou nou kapab rive kwè nan li tout bon. Se pa sèlman lè nou gen pwoblèm, lè nou nan difikilte pou n’ap sonje li ekziste, men lè bagay yo ap mache byen pou nou, fòk nou pran ti tan tou pou nou louwe non li, di lòt yo jan li gran. Se youn nan fason tou pou nou kapab ede lòt yo grandi nan lafwa. Anpil fwa nou toujou di nou mande li, nou pa jwenn anyen. Men, gwo kesyon ki poze a se: èske vrèman vre ou te mande li ak lafwa?. Èske ou te kwè ke Bondye te kapab fè priyè w’ tounen reyalite vre. Yon lòt fwa ankò kretyen yo, Jezi envite nou fè Papa l’ konfyans. Li envite nou lapriyè ak lafwa epi fè Papa li konfyans pou rèv nou yo kapab tounen yon reyalite.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, fè sakreman pak la jwenn tout mezi li nan nou pou tout tan. Pwoteje nou, ede nou, fè nou donnen anpil fwi; fè nou rive jwi kè kontan nan lavi ki p’ap janm fini an. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Dekouvri prezans Bondye nan difikilte lavi mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario