Koulè Blan
SENKYÈM DIMANCH PAK, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Yo chwazi
sèt mesye ki plen ak Lespri Sen an»
LEKTI
TRAVAY APOT YO 6, 1-7
Jou
sa yo, foul disip yo t’ap gwosi, Grèk yo plenyen kont Ebre yo, paske nan sèvis
chak jou a yo te meprize vèv pa yo.
Douz
yo konvoke foul disip yo, yo di: «Se pa nòmal pou nou kite pawòl Bondye a epi
pou n’ap sèvi sou tab yo. Frè m’ yo, chèche sèt mesye nan pami nou ki gen bon temwayaj
sou yo, ki plen ak Lespri Sen an ak sajès, n’a enstale yo pou travay sa a. Kanta
nou menm, n’ap rete nan priyè ak sèvis pawòl la».
Pawòl
la fè tout foul la plezi, yo chwazi Etyèn, yon mesye ki plen lafwa ak Lespri Sen,
Filip, Pwokò, Nikamò, Timon, Pamenas, ak Nikola, yon moun Antyòch ki te fèk vin
tounen disip.Yo prezante yo devan Apot yo, yo lapriyè, yo poze men sou yo.
Pawòl
Granmèt la t’ap devlope, foul disip yo t’ap vin anpil menm nan Jerizalèm, anpil
foul prèt t’ap obeyi lafwa a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS 32, 1-2. 4-5. 18-19 7
R/
Se pou mizerikòd
ou sou nou, Granmèt, menm jan nou met espwa sou ou a.
Oubyen:
Alelouya.
Fete
nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo; lwanj la ale ak moun ki dwat yo. Fè lwanj
pou Granmèt la sou gita, sou enstriman dis kòd la, chante pou li.R.
Sèke
pawòl Granmèt la dwat, tout aksyon l’ yo nan fidelite. Li renmen jistis ak
jijman, mizerikòd Granmèt la plen tè a.R.
Men
je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun ki met espwa sou mizerikòd
li, pou l’ delivre nam yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
DEZYÈM LEKTI
«Nou menm nou se yon ras ki chwazi,
yon peyi-wa prèt»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 2, 4-9
Nou menm mwen renmen anpil la:
Se pou nou pwoche kot Granmèt la, li
menm wòch vivan an, sa lèzòm yo rejte a, men sa Bondye menm chwazi a, sa l’ bay
konsiderasyon an, nou menm tou tankou wòch ki vivan, se pou nou kite yo bati
nou pou nou vin tounen yon kay Espri, yon reyinyon prèt ki sen, pou nou ofri
sakrifis Espri, sa Bondye resevwa gras a Jezikri. Se pousa sa ki ekri a gen: «Men
mwen poze yon wòch ki anlè nèt nan Siyon, yon wòch kwen, yon wòch ki chwazi, ki
gen anpil valè; moun ki kwè nan li p’ap wont».
Konsa pou nou menm ki kwè yo, se
konsiderasyon; men se pa pou moun ki pa kwè yo, «wòch la, sa bòs mason yo te jete
yon kote a, li vin tounen tèt kwen an», epi «wòch k’ap fè moun bite ak blòk wòch
k’ap jennen moun», pou sa yo k’ap bite sou pawòl la epi ki pa kwè nan sa a kote
yo poze a.
Nou menm nou se yon ras chwazi, yon
peyi wa prèt, yon nasyon ki sen, yon pèp Bondye posede, pou nou anonse mèvèy sa
a ki rele nou vin nan bèl limyè l’ la.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye,
mèsi.
LEVANJIL
«Mwen se chemen
an, verite a, ak lavi a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 1-12
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Pa kite kè nou twouble. Nou kwè nan
Bondye, se pou nou kwè nan mwen menm tou. Nan kay Papa m’ nan gen anpil kote
pou rete. Otreman mwen
ta di nou, paske m’a prale pare yon plas pou nou.Lè m’a fin al prepare plas la
pou nou an, m’a tounen vin pran nou avèk mwen, konsa, kote m’ap ye a, se la n’a
ye tou. Epi kote m’a prale a, n’a konnen l’, n’a konnen chemen
an».
Toma di l’: «Granmèt, nou pa konnen
kote ou a prale; kòman nou kapab fè konnen chemen an»?
Jezi di l’: «Mwen se chemen an, verite
a, ak lavi a. Pèsòn pa vin kot Papa a sof si l’ pase pa lantremiz mwen». Si nou te konnen m’, nou ta konnen
Papa m’ tou; koulye a nou konnen l’, epi nou wè l’».
Filip di l’: «Granmèt, montre nou
Papa a, epi sa ap kont nou».
Jezi di l’: «Depi tout tan sa a mwen
avèk nou, epi nou pa konnen m’? Filip, moun ki wè m’, li wè Papa a tou. Kijan ou fè di: «Montre nou Papa a»?
Ou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Pawòl yo mwen pale nou an, se
pa nan mwen menm mwen pale yo. Papa a ki rete nan mwen an, se li menm ki fè
travay yo. Nou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa nan mwen? O mwen poutèt travay
yo se pou nou kwè.
Amèn,
amèn, mwen di nou, travay mwen fè yo, l’ap fè yo tou, l’ap fè pi gran pase yo menm,
paske m’a pral kay Papa a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jezi se Chemen an, Verite a ak Lavi a. Sa vle
di pèson pa ka rive kot Papa a san l’ pa pase pa Pitit la. Jezi, wòch bòs mason
yo te jete a, li tounen wòch kwen kay la. Se li ki fòs nou, se li ki konnen fon
kè n’, si nou apiye sou li, si nou mete tout konfyans nou nan li, nou p’ap janm
pase wont. Pawòl li se verite. Vrè lavi a se li sèl ki bay li, sous lavi a se
nan li li ye. Jan nou wè sa nan premye lekti a, li chwazi nou pou nou sèvi li
menm jan ak 7 dyak sa yo pou ede sa ki pòv yo, pran swen malad yo, sa ki nan
nesesite yo, san fanmi yo, sa ki abandone yo. Jezi vle montre nou jan nou dwe
solidè youn ak lòt.
Jezi se chemen an, kidonk
nou pa gen pou n’ chèche lòt chemen. Li se vrè chemen ki mennen kay Papa a, se
chemen kè kontan ak lapè, chemen gerizon ak soulajman, chemen renmen ak padon,
chemen delivrans ak liberasyon an. Jezi idantifye li kòm Verite a. Ane sa a, se
ane nou vle dyalòg la fèt nan laverite pou nou renouvle sosyete a. Anpil moun pa
renmen verite, yo pa zanmi verite, yo plis renmen bay manti, di sa ki pa sa, pale
lòt moun mal, kale do lòt moun, di sa yo pa wè, sa yo pa ka pwouve. Jezi envite
nou fè yon revolisyon nan lavi nou, li mande nou kwape mansonj. Tou manti pa
fon, depi w’ap bay manti y’ap kenbe ou kan menm. Jezi envite nou gen zanmitay
ak verite a. Jezi di nou tou, li se Lavi a. Lavi se nan Bondye li sòti, se
li ki bay lavi, nou pa mèt lavi a. Se pou sa nou pa ka detwi lavi pa n’ ni lavi
pa lòt moun. Se pou nou renmen lavi, se pou nou respekte lavi, kite lavi pou
boujonnen.Vrè lavi a, se nan Bondye li sòti, se pa nan plezi ni nan lajan, ni
nan pouvwa. Jezi se lavi nou bezwen an. Se pou Bondye ba nou lavi li a agogo.
Se pou li beni nou byen beni.
LAPRIYÈ : Granmèt, fè lavi a pa janm sispan boujonnen nan nou, fè
n’ renmen lavi a nèt ale, pou nou viv nan laverite, pou nou renmen verite a epi
swiv chemen w’ nan. Ou Menm ki vivan e ki Wa, depi tout tan e pou tout tan. Amèn.
PWOPOZISYON : Pa banalize lavi Bondye a nan nou.
Pa detwi ni menase lavi lòt la, respekte lavi a e ba li tout enpòtans li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario