Páginas

LENDI 19

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Nou anonse nou kite bagay sa yo ki pa vo anyen an, pou nou vire kot Bondye vivan an»
LEKTI TRAVAY APOT YO 14, 5-17
Jou sa yo:
Kòm foul payen Ikonyòm yo ak Juif yo te rasanble ansanm ak chèf yo, pou yo maltrete Pòl ak Banabe, pou yo touye yo ak kout wòch, lè yo vin konn sa, yo sove kò yo nan vil Likaòni yo: Lis ak Dèbe ak tout rejyon alantou yo; yo t’ap anonse bòn nouvèl la.
Lis, te gen yon mesye ki te chita la, li te enfim nan pye, depi l’ nan vant manman l’ li te enfim, li pa t’ janm mache. Li tande Pòl k’ap pale. Pòl gade l’ byen, li wè li te gen lafwa pou l’ sove, li di byen fò: «Leve sou pye ou byen dwat». Li vòltije, li pran mache.
Lè foul yo wè sa Pòl te fè, yo te leve vwa yo, yo di nan langaj likaonyen: Se dye yo, ki pran fòm moun, ki desann kote nou». Yo rele Banabe Zès, yo rele Pòl Mèki, paske se li menm ki te chèf pawòl la. Prèt Zès la, ki te devan lavil la, li mennen towo ak kouwòn devan pòt yo, ansanm ak pèp yo, li te vle ofri sakrifis.
Lè apot yo Banabe ak Pòl tande sa, yo chire rad yo, yo vòltije nan foul yo, yo rele byen fò, yo di: «Mesye, ki sa n’ap fè la a? Nou menm tou, se moun k’ap mouri nou ye, menm jan avèk nou, se moun k’ap anonse nou pou nou kite bagay sa yo ki pa anyen an, pou nou vire nan direksyon Bondye vivan an, ki fè syèl la ak tè a ak lanmè a ak tout sa k’ nan yo; li menm ki te kite tout nasyon yo mache nan chemen yo nan jenerasyon ki pase yo. Men li pa t’ kite pwòp tèt li san temwayaj, antan li fè dibyen sot nan syèl la, li bay lapli ak sezon ki donnen fwi, li plen kè nou ak manje, ak kontantman». Malgre bagay sa yo di a, se apèn si yo rive kalme foul yo, pou yo pa ofri sakrifis pou yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.      
SÒM REPONS 113 b, 1-2. 3-4. 15-16
R/ Se pa nou menm, Granmèt, men se non ou pou ou bay bèlte a.
Oubyen: Alelouya.
Se pa nou menm, Granmèt, se pa nou menm, men se non ou pou ou bay bèlte a, anlè kè sansib ou ak verite ou la, Pouki sa pou nasyon yo ta di: «Kote Bondye yo a»? R.
Bondye nou an nan syèl la, tout sa l’ vle, li fè l’. Zidòl payen yo se lajan ak lò, travay men lèzòm.R.
Benediksyon pou nou sot nan Granmèt la, li menm ki fè syèl la ak tè a.Syèl yo, syèl yo se pou Granmèt la, tè a menm, li bay pitit lèzòm yo li.R.
LEVANJIL
«Avoka a Papa a ap voye a, l’ap aprann nou tout bagay».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 21-26
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Moun ki gen kòmandman m’ yo epi ki kenbe yo, se li menm ki renmen m’. Moun ki renmen m’ nan menm, Papa m’ ap renmen l’ tou; mwen menm tou m’ap renmen l’, m’ap fè l’ wè m’». Jid di l’, se pa Iskaryòt la: «Granmèt, pou ki rezon se nou menm w’ap fè wè ou, se pa tè a»? Jezi pran lapawòl, li di l’: «Si yon moun renmen m’, l’ap kenbe pawòl mwen, Papa m’ ap renmen l’, n’ap vin jwenn li, n’ap abite lakay li. Moun ki pa renmen m’, li pa kenbe pawòl mwen yo. Pawòl la nou tande a, se pa nan mwen li sòti, men se nan sila a ki voye m’ nan, Papa a». Mwen di nou bagay sa yo, pandan m’ ret avèk nou toujou. Avoka a menm, Lespri Sen an, sa Papa a ap voye o non m’ nan, se li menm k’ap aprann nou tout bagay, l’ap soufle nou tout sa m’ te di nou yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Premye lekti a fè nou konnen ki difikilte ak obstak premye patizan Jezikri yo, ki te temwen gwo mèvèy leve byen vivan an, te rankontre sou wout levanjelizasyon an.Yo te nan kouri, nan kache; pou yo te chape anba grif malveyan yo ki pa t’ vle tande pale de Jezi a, yo te chape poul yo nan lòt zòn pou yo pou yo te gaye bòn nouvèl la. Malfetè sa yo, se moun ki te plase konfyans yo nan plizyè zidòl, yo te kwè nan plizyè dye. Aprè patizan Jezi yo te fè yon gwo mèvèy gerizon pou yon kokobe te rive mache, anpil moun te sezi epi yo te panse disip yo se dye ki pran fòm moun epi yo te kòmanse prepare yo pou yo sèvi yo. Sa te fè mesye yo fache devan inyorans moun yo.Yo pa t’ vle pran glwa Bondye a pou yo, yo te fè moun yo konnen se moun yo ye, men se Bondye, Mèt syèl la ak tè a ki t’ap aji nan yo. Nou tout gen pou travay pou chèche glwa Bondye menm jan ak Pòl ak Banabe.Nou dwe rekonèt ke nou pa mèt travay n’ap reyalize nan sosyete a.Se nan non Jezikri ki leve byen vivan an nou te resevwa Batèm nan dekwa pou n’ tounen pitit Bondye.Menm Lespri sa a nou te resevwa ak tout kado l’ yo nan konfimasyon nou an, li pral pèmèt nou temwaye bèlte Granmèt la ki voye delivrans lan pou limanite pa lantremiz Jezikri, Pitit li a.Nan li menm nou menm tou ki batize, nou vin tounen pitit epi temwen li.
Nan levanjil la nou dekouvri rezon ki fè mesye yo t ap mache tou patou pou anonse Bon Nouvèl la epi fè mèvèy nan lavi moun ki te nan sitiyasyon difisil. Rezon an chita nan Pawòl Jezi te di disip li yo: «Moun ki gen kòmandman m’ yo epi ki kenbe yo, se li menm ki renmen m’. Moun ki renmen m’ nan menm, Papa m’ap renmen l’ tou; mwen menm tou m’ap renmen l’, m’ap fè l’ wè m’». An reyalite se renmen disip yo pou Jezikri, gras a lafwa yo resevwa nan li a, ki pral pèmèt yo rive fè mèvèy tankou Jezikri. Renmen disip yo pou Bondye pa t’ anpeche yo bay tèt yo nèt ale nan sèvis li, chache menm jan ak li delivrans pou moun ki anba pouvwa fòs tenèb la. Gras a renmen Bondye sa a, disip yo te gen asirans prezans Jezikri avèk yo gras a Lespri Sen an yo te resevwa a. Nou menm tou nou bezwen viv lafwa nou ak Sila a ki te mouri a men ki leve byen vivan epi k’ap viv nan mitan nou.Se Lespri Sen an sèlman ki kapab ede nou dekouvri prezans sa a, se li menm k’ap ede n’ viv nan imilite pou n’ konprann enpòtans ak ijans ki genyen pou n’ kontinye travay pou liberasyon tout moun anba tout fòs fènwa k’ap kokobe pitit Bondye yo.Travay pou yon sosyete jis, pou konbat tout fòm opresyon k’ap defigire moun yo, travay pou renmen, respè lavi, konbat tout fòm egoyis, rankin, jalouzi, rayisans, pou favorize dyalòg, solidarite, tolerans, padon nan relasyon moun ak moun nan sosyete a, nan fanmi yo: tout bagay sa yo fè pati de travay disip Jezi nan tan jounen jodi a. Tankou disip-misyonè, ann fè jefò pou n’ kite Lespri Granmèt la gide nou epi voye nou nan mitan pèp la pou n’ temwaye nan aksyon evanjelik nou yo renmen Bondye a pou limanite.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ede nou chache viv tankou vrè disip-misyonè ou k’ap temwaye non w’ ak pwoklame pawòl ou ak nan aksyon nou yo pou bèlte w’ la ka parèt devan tout moun, devan tout pèp. Amèn.

PWOPOZISYON: Òganize nou kòm disip-misyonè pou n’ pote limyè verite a nan fènwa inyorans lòt yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario