Koulè Blan
BÈNADEN DE SYÈN KI SEN, Prèt
PREMYE LEKTI
«Yo rapòte legliz la tout sa Bondye
te fè avèk yo»
LEKTI
TRAVAY APOT YO 14, 18-27
Jou
sa yo:
Gen
kèk Juif ki vin sot Antyòch ak Ikonyòm; yo pran tèt foul yo, yo kalonnen Pòl ak
kout wòch, yo trennen l’ deyò lavil la, yo te konprann li te mouri, disip yo menm
antoure l’, li leve, li antre nan lavil la, nan landmen, li pati Dèbe ansanm ak
Banabe.
Lè
yo fin anonse levanjil la nan vil sa a, epi yo fin bay anpil moun lansèyman, yo
tounen Lis, Ikonyòm, Antyòch, y’ap ankouraje kè disip yo, y’ap ba yo konsèy pou
yo rete nan lafwa a, yo di yo kijan nou gen pou nou pase anpil tray pou nou
antre nan rèy Bondye a. Yo enstale prèt pou yo nan chak legliz, yo lapriyè, yo
fè jèn, yo renmèt nan men Granmèt la yo te kwè nan li a.
Yo
travèse Pisidi, yo rive Panfili, yo anonse pawòl Granmèt la Pèje, yo desann
Atali.Yo sot la, yo fè vwal pou Antyòch, kote yo te renmèt yo nan favè Bondye a
pou travay la yo te reyalize a. Lè yo rive, yo rasanble legliz la, yo rapòte
tout sa Bondye te fè avèk yo, epi kijan li te louvri pòt lafwa a bay nasyon
yo.Yo te rete yon ti moman avèk disip yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS 144, 10-11. 12-13ab. 21
R/ Zanmi
ou yo, Granmèt, ap fè konnen bèlte rèy ou an.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa ou
fè yo; sen ou yo ap fè konpliman pou ou. Y’ap deklare bèlte rèy ou an, y’ap
anonse pouvwa ou.R.
Pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy
ou yo, ak bèlte grandè rèy ou an. Rèy ou an, se rèy tout tan, kòmandman ou nan
pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Se pou bouch mwen fè lwanj Granmèt
la, se pou tout chè m’ fè konpliman pou non l’ ki sen pou tout tan ak tout tan
gen tan.R.
LEVANJIL
« Se lapè m’ nan mwen ba nou».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 14, 27 -31a
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Se
lapè mwen kite pou nou, se lapè m’ nan mwen ba nou; se pa tankou tè a bay li a
mwen ba nou li. Pa kite kè nou twouble, pa kite l’ sote. Nou te tande mwen te
di nou: «M’a prale epi m’ap vin jwenn nou». Si nou te renmen m’, nou ta kontan
sètènman poutèt m’a pral kay Papa a, paske Papa a pi gran pase m’. Koulye a menm
mwen di nou sa anvan sa rive, pou lè l’ rive nou kapab kwè. Mwen p’ap di nou
anpil bagay ankò. Sèke chèf tè sa a rive, li pa gen okenn pouvwa sou mwen.Men se
pou tè a konnen mwen renmen Papa a, epi se daprè kòmandman Papa a ban mwen an,
se konsa mwen aji».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Disip ki deside travay pou Jezi yo,
se sèten yo oblije fè fas ak anpil difikilte. Premye disip-misyonè Jezi yo te rankontre
anpil difikilte akoz otorite relijye yo ki pa t’ vle kwè nan Rezireksyon
Jezikri a. Men disip yo te rete fèm paske yo te konnen Lespri Bondye a te avèk
yo. Yo te rete soude youn ak lòt nan sèvis sa a, se yon bagay ki enpòtan anpil
pou nou viv lafwa nou nan Legliz la nan solidarite. Yo te mete yo deyò pou yo
kontinye travay gaye Bòn Nouvèl renmen Jezikri a bay anpil lòt pèp, yo te òganize
pèp yo epi yo te kontinye chemen yo jous yo rive nan Antyòch kote yo te reyini
pou yo pataje ak lòt frè yo tout mèvèy Bondye te fè nan mitan pèp ki pa t’ ko
resevwa lafwa a. Lafwa a se yon reyalite pou n’ viv, pou n’ pataje ak lòt yo.
Kòm
kretyen nou gen pou n’ swiv ekzanp mesye sa yo ki te gen zèl sa a pou yo rive ekzekite
travay Granmèt la te konfye yo a. Men nou gen bezwen chak jou pi plis konnen se
ak konkou Lespri Bondye a menm nou ka reyalize misyon sa a nan pami nasyon yo,
kòmanse nan kominote kote n’ap viv yo. Nou gen bezwen lapriyè epi chita pale
ansanm pou òganizasyon travay Bondye a.
Jezi
nan levanjil la te anonse disip li yo li gen pou l’ retounen kote Papa li. Nou
konnen Lespri Jezi a, se li k’ap akonpanye disip yo pou ranpli misyon li kite
nan men yo a. Mesye yo te sanble yo tris, men Jezi te vle asire yo l’ap toujou
avèk yo gras a pouvwa Lespri a. Se pousa li di yo, se pou avantaj yo li prale.
Menm lè li pa nan mond lan fizikman men li la an espri. Se sa ki pral fè nou
menm rive pran angajman nou, se sa k’ pral fè n’ rive grandi nan travay sa a
pandan nou konnen nou toujou soude ak li menm ki se sous la. Travay n’ap fè a,
nou konnen Granmèt la toujou akonpanye nou e se li menm k’ap kontinye fè mèvèy
li eklate nan nou menm nan aksyon misyonè a. Se pou nou aprann fè li konfyans
pi plis epi aprann konnen li pi byen, pou li ka kontinye travay nan nou menm,
pa jan nou ta vle, men jan li menm li vle. Se pou nou rive fè travay misyonè a
nan tèt ansanm avèk anpil renmen nan kè nou.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki refè nou pou lavi tout tan an nan leve
vivan Jezikri a, bay pèp ou a pèseverans lafwa ak lesperans, pou nou pa fè dout
sou sa k’ gen pou yo reyalize yo, paske nou konnen se ou menm ki pwomèt ou ap
fè yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Ann eseye fòme yon ti gwoup misyonè pou levanjelize
yon sektè nan kominote kote n’ pat ko janm rive.
No hay comentarios:
Publicar un comentario