Páginas

MÈKREDI 21

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Yo deside pou yo monte kot Apot yo ak ansyen yo Jerizalèm osijè kesyon sa a»
LEKTI TRAVAY APOT YO 15, 1-6
Jou sa yo:
Gen kèk moun ki desann sot nan Lajide, yo t’ap anseye frè yo: «Si nou pa resevwa lasikonsizyon daprè abitid Moyiz la, nou pa kapab sove».Vin gen diskisyon ki pa piti ant Pòl ak Banabe kont yo, yo deside pou Pòl ak Banabe monte avèk kèkzen nan lòt yo kot Apot yo ak prèt yo Jerizalèm poutèt kesyon sa a. Yo menm, legliz la kondui yo, yo travèse Fenisi, ak Samari, y’ap rakonte kijan payen yo chanje wout vin nan lafwa; yo fè tout frè yo vin gen gran kè kontan. Lè yo rive Jerizalèm, legliz la ak Apot yo ak ansyen yo resevwa yo, yo anonse tout sa Bondye te fè avèk yo. Men gen kèkzen nan ti gwoup farizyen yo ki te gen lafwa yo ki leve, yo di se pou payen yo resevwa sikonsizyon, epi se pou yo pase yo lòd pou yo obsève lalwa Moyiz la. Apot yo ak ansyen yo rasanble pou yo ekzamine kesyon sa a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.      
SÒM REPONS 121, 1-2. 3-4a. 4b-5
R/Nan lakay Granmèt la n’a prale ak kè kontan.
Oubyen: Alelouya.
Mwen kontan poutèt yo di m’: «nan lakay Granmèt la n’a prale» Pye nou deja kanpe nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Sèke se la ras yo ap monte, ras Granmèt la, temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj non Granmèt la. Sèke se la fotèy yo enstale pou jijman an, fotèy kay David la.R
LEVANJIL
«Moun ki rete nan mwen, epi mwen menm nan li, moun sa a pote anpil fwi»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 15, 1-8
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Mwen se veritab pye rezen an, Papa m’ se kiltivatè a. Tout branch nan mwen ki pa donnen fwi, l’ap wete l’; tout branch ki donnen fwi, l’ap netwaye l’ pou l’ donnen plis fwi. Nou menm nou deja pwòp gras a pawòl la mwen te pale nou an.Rete nan mwen, epi mwen menm nan nou. Menm jan branch la pa kapab donnen fwi pou kont li a, si l’ pa ret nan pye rezen an, konsa tou nou menm non plis, si nou pa rete nan mwen. Mwen se pye rezen an, nou se branch yo; moun ki ret nan mwen, epi mwen menm nan li, moun sa a donnen anpil fwi, paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. Si yon moun pa ret nan mwen, y’ap jete l’ deyò, tankou branch la, l’ap seche, y’ap ranmase l’ y’ap jete l’ nan dife, l’ap boule. Si nou ret nan mwen, epi pawòl mwen yo rete nan nou, tout sa nou vle, nou mèt mande l’, l’ap rive pou nou. Se nan sa Papa m’ jwenn bèlte l’, pou nou donnen anpil fwi, pou nou vin disip mwen».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: «Tout branch nan mwen ki pa donnen fwi, l’ap wete l’; tout branch ki donnen fwi, l’ap netwaye l’ pou l’ donnen plis fwi»
«Nou menm nou deja pwòp gras a pawòl la mwen te pale nou an. Rete nan mwen, epi mwen menm nan nou. Menm jan branch la pa kapab donnen fwi pou kont li a, si l’ pa ret nan pye rezen an, konsa tou nou menm non plis, si nou pa rete nan mwen.» Parabòl pye rezen yo ak branch yo, se yon imaj pou pale de mistè Legliz la. Legliz la se yon mistè kominyon d’amou nan Lespri Sen, Papa ak Pitit la. Li nesesè pou branch yo soude ak pye rezen an pou li kapab viv. Jezi di: « Papa m’ wete branch ki pa bon yo pou pye rezen an kapab donnen bon fwi». Pawòl sa entèpele nou, puiske se yon eksperyans nou abitye fè. Pandan Prentan an, pye rezen an jete anpil branch. Kiltivatè a konnen kisa pou li fè ekzakteman. Li koupe prèske tout branch yo epi li kite yon sèl branch!
Lè pye rezen an fin netwaye, pa gen anyen ki anpeche li devlope. Si nou rete nan Kris la ak nan kominyon Legliz la, n’ap jwenn lavi nan Bondye; se la nou dekouvri grande senplisite a ak gwo povrete a. Imaj pawòl la ede nou konprann kijan lavi fini lè nou sispann viv nan tèt ansanm. Pye rezen ki rete pou kont li a, li reprezante divizyon ant Kris la ak patizan Kris la. Kominyon Legliz la avèk Kris la ba l’ lavi ak fòs. Se yon mistè lafwa ak lanmou. « Mwen se pye rezen an, nou se branch yo; moun ki ret nan mwen, epi mwen menm nan li, moun sa a donnen anpil fwi, paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen.» Jezi ap envite nou kole sou li pou nou kapab pa tounen branch initil, branch ki merite boule. Kòmandman nouvo Jezi a eksprime mistè kominyon sa a:«Se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen menm mwen renemen nou an». Lè yo te konn ap pale de premye kominote patizan Jezikri yo, yo te kapab di:«Gade kijan youn renmen lòt!» Legliz la te toujou fè fas ak sitiyasyon divizyon, zizani, chire pit. Legliz la riske tonbe nan divizyon lè gen vyolans akoz opinyon ki diferan, lè yo bliye dyaloge nan lanmou ak nan verite. Bondye Papa a ta renmen nou pote anpil fwi epi pou nou tounen disip Jezi. Jezi rete avèk nou nan Pawòl li, nan Lekaristi a, nan pòv yo ak nan plizyè fason.Li pa janm sispan ba nou Lespri Sen an pou nou kapab rete soude youn ak lòt, epi pou nou pote fwi lapè, kè poze, renmen, padon, solidarite ak pataj nan kominote n’ap viv la ak sou tout fas tè a. Ansanm nou kapab konstwi yon kominote tou nèf, nou ka konstwi lavi.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki fè moun nan tounen vin san peche, epi se konsa ou renmen l’, dirije kè sèvitè ou yo nan direksyon ou pou sila yo ou fin delivre sot nan fènwa san lafwa a, yo pa janm vire do bay limyè laverite ou la. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Mete tèt ansanm ak yon lòt moun obyen yon gwoup moun pou yon pwojè nan kominote a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario