Páginas

JEDI 22

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Mwen konsidere pou yo pa trakase sila yo nan payen yo ki vire vin jwenn Bondye yo»
LEKTI TRAVAY APOT YO 15, 7-21
Jou sa yo:
Kòm te gen gran diskisyon, Pyè leve, li di Apot yo ak ansyen yo: «Frè m’ yo, nou konnen kijan depi nan jou lontan yo Bondye chwazi pou payen yo tande pawòl levanjil la, pou yo kwè l’, pa lantremiz bouch mwen, nan mitan nou. Bondye, ki konnen kè yo, li sèvi temwen, antan l’ ba yo Lespri Sen an menm jan ak nou menm, li pa fè okenn distenksyon ant nou menm ak yo menm, antan li pwòpte kè yo nan lafwa.
Koulye a menm pouki sa n’ap eseye Bondye a, antan n’ap poze yon jouk sou zepòl disip yo, jouk sa a ni zansèt nou yo ni nou menm nou pa t’ kapab pote a? Men se gras a favè Granmèt Jezikri nou kwè nou sove menm jan ak yo menm».
Tout foul la pe bouch li; yo t’ap koute Banabe ak Pòl k’ap rakonte tout siy ak pwodij Bondye te fè nan nasyon yo pa lantremiz yo. Lè yo fin pe bouch yo, Jak pran lapawòl, li di: «Frè m’ yo, koute m’. Simon sot rakonte kijan depi nan kòmansman Bondye te vizite nou pou l’ pran yon pèp nan pami nasyon yo pou non l’. Pawòl pwofèt yo dakò avèk sa, daprè sa k’ ekri a:
«Apre bagay sa yo, m’ap tounen, m’ap bati joupa David la ankò, sa k’ te tonbe a; m’ap bati debri l’ yo ankò, m’ap mete l’ kanpe, pou rès moun yo chèche Granmèt la, ni tout nasyon yo kote yo rele non m’ sou yo a, deklarasyon Granmèt la ki fè bagay sa yo.Yo konnen depi tout tan se travay Granmèt la».
Se pousa mwen konsidere yo pa gen dwa trakase sila yo nan pami nasyon yo ki vire vin jwenn Bondye yo, men y’a ekri yo pou yo evite sal kò yo ak zidòl yo, pou yo evite move plezi, vyann toufe ak san. Sèke depi nan tan lontan Moyiz gen moun nan chak vil k’ap preche l’ nan kay reyinyon yo, kote yo li l’ chak saba.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.      
SÒM REPONS 95, l-2a. 2b-3. 10
R/ Anonse mèvèy Granmèt la nan tout pèp yo
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a. Chante pou Granmèt la, fè konpliman pou non l’.R.
Anonse jou an jou delivrans li. Anonse bèlte l’ pami nasyon yo, nan tout pèp yo mèvèy li yo.R.
Di nan nasyon yo: «Granmèt la wa». L’ap drese fas tè a pou l’ pa souke; l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
LEVANJIL
«Ret nan renmen m’ nan, pou kè nou kapab kontan nèt»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 15, 9-11
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Menm jan Papa a renmen m’ nan, mwen menm tou mwen renmen l’. Ret nan renmen m’ nan. Si nou kenbe kòmandman m’ yo, n’ap rete nan renmen m’ nan; menm jan mwen menm mwen kenbe kòmandman Papa m’ yo, epi mwen rete nan renmen l’ nan. Mwen di nou sa, pou kè kontan m’ nan kapab nan nou, epi pou kè nou kapab kontan nèt».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan lanmò ak leve byen vivan Jezi pami mò yo, nou jwenn gwo prèv renmen Bondye Papa a gen pou lèzòm. Papa a Montre n’ kijan li renmen nou nan bay li bay sèl Pitit li a pou l’ sove nou, pou l’ padonen peche nou yo. Jezi resevwa tout bagay nan men Papa a, li vin pataje yo ak nou tout ki disip li. «Jan Papa a renmen m’ nan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm se pou nou renmen m’ menm jan mwen renmen nou an. Si nou fè tout sa mwen ba nou lòd fè a, n’a renmen m’ tou menm jan mwen renmen nou. Menm jan mwen menm mwen fè tout sa Papa a te ban m’ lòd fè a, mwen renmen l’ menm jan li renmen m’ tou. »
Jezi montre nou renmen menm jan Papa a renmen l’ epi li renmen Papa a. Li vin rekonsilye nou ak Papa a. Li vle nou rete fè yon sèl nan renmen Papa a ak Pitit la ak Lespri Sen an. Jezi ba nou ekzanp nan fason li te viv. Levanjil jodi a ap fè nou sonje kote ki gen renmen, gen lajwa ak kè poze. Se sa Jezi vle pou nou ak pou Legliz li a. Konsa nou kapab bay yon vrè temwayaj fèt Pak la pou sosyete a.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede m’ viv lafwa mwen nan kè kontan pandan m’ap suiv kòmandman w’ yo.

PWOPOZISYON: Fè yon zèv charite ak lajwa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario