Páginas

VANDREDI 23

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Lespri Sen an avèk nou deside pou yo pa poze okenn lòt chaj sou nou pase bagay sa yo ki nesesè yo».
LEKTI TRAVAY APOT YO 15, 22-31
Jou sa yo: Apot yo ak ansyen yo deside ansanm ak tout legliz la pou yo chwazi kèk mesye nan pami yo, pou yo voye yo Antyòch avèk Pòl ak Banabe, se Jid, sa yo bay ti non Basabas la, epi Silas, moun ki gen gran konsiderasyon nan pami frè yo; yo ekri pa lantremiz yo:
«Apot yo ak ansyen yo, frè yo, pou sila yo ki Antyòch, Siri ak Silisi yo, frè yo ki nan pami nasyon yo, sali. Kòm nou tande gen kèkzen ki sòti nan pami nou bò isit la, k’al twouble nou lòt bò a, yo boulvèse nanm nou avèk pawòl yo, men se pa nou menm ki te bay lòd; nou deside, nou tout ansanm tankou yon sèl moun pou nou chwazi kèk mesye, pou nou voye yo kote nou ansanm avèk Banabe ak Pòl nou renmen anpil yo, se moun ki bay lavi yo pou non Granmèt nou Jezikri. Konsa nou voye Jid ak Silas, yo menm y’a rapòte nou menm bagay sa yo nan pawòl yo.
Lespri Sen an deside avèk nou, pou yo pa poze okenn dòt chaj sou nou pase bagay sa yo ki nesesè yo: pou nou evite bagay yo sakrifye bay zidòl, ni san, ni vyann toufe, ni move plezi, n’a aji byen antan nou prezève tèt nou sot nan bagay sa yo. Kouraj».
Yo menm menm, yo pati, yo desann Antyòch; yo rasanble foul la, yo renmèt lèt la. Lè yo li l’, yo kontan avèk konsolasyon.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.      
SÒM REPONS 56, 8-9. 10-12
R/ M’ap fè lwanj ou nan pèp yo, Granmèt.
Oubyen: Alelouya.
Kè m’ pare, Bondye kè m’ pare; m’ap chante, m’ap resite sòm. Leve, bèlte m’, leve, gita bandyo, m’ap reveye devan jou a.R.
M’ap fè lwanj ou nan pèp yo, Granmèt, m’ap resite sòm pou ou nan nasyon yo, paske ou gran, kè sansib ou rive jous nan syèl yo, fidelite ou rive jous nan nyaj yo.Leve anlè syèl yo, Bondye, anlè tout tè a bèlte ou.R.
LEVANJIL
«Sa m’ kòmande nou, se pou nou youn renmen lòt».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 15, 12-17
Lè sa a : Jezi di disip li yo :
«Men kòmandman m’, se pou nou youn renmen lòt, menm jan mwen renmen nou an. Pèsòn pa renmen pi plis pase moun ki bay lavi l’ pou zanmi l’ nan.
Nou menm nou se zanmi m’, si nou fè sa mwen kòmande nou yo. Mwen p’ap rele nou sèvitè ankò, paske sèvitè a pa konnen sa mèt li ap fè ; men mwen rele nou zanmi, paske tout sa m’ tande kot Papa m, mwen fè nou konnen yo.
Se pa nou menm ki chwazi m’ ; men se mwen menm ki chwazi nou, mwen mete nou, pou nou ale, pou nou pote fwi, pou fwi nou an dire ; konsa, pou nenpòt ki sa nou mande Papa a o non m’, l’a ba nou l’.Men sa m’ kòmande nou, se pou nou youn remnen lòt».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : «Men kòmandman m’, se pou nou youn renmen lòt, menm jan mwen renmen nou an
Pa gen pèson ki renmen pase sila a ki bay lavi li pou zanmi li yo. Jezi di nou nou nan ki fason nou kapab vin zanmi ak li, se sèlman si nou fè sa li mande nou fè. N’ap lapriyè pou, gras a konkou Lespri Sen an, nou kapab rete kole sou Bondye.  Se li k’ap ba nou tout sa nou bezwen, se li k’ap konble tout dezi ki nan fon kè nou, se li k’ap ba nou fòs pou nou kontinye kanpe lè nou pran move kou, move baf, move souflèt nan lavi a. Jezi ba nou asirans tout sa nou mande Papa nan non li, l’ap ba nou li. Jezi di nou tout sa li aprann nan men Papa li fè nou konnen li, se poutèt sa li rele nou zanmi, li pa rele nou sèvitè. Sa Jezi ap fè nou konnen an, se flanm lanmou Bondye genyen pou nou an. Tout Kreyasyon an, tout sa ki ekziste se granmesi lanmou sa Bondye gen pou nou an. Si Jezi te pran chè nan vant Lavyèj Mari, se pou nou menm nou te kapab vin tounen « sa nou ye a». Jezi vini pou libere nou, se vrèman li menm ki Mesi a, Sovè a. Li desanm nan fènwa ekzistans nou. Se gras a li menm nou ka rekonèt fènwa ki nan lavi nou epi se gras a li menm nou ka rive libere anba fènwa sa yo. Jezi di: «Mwen se pye rezen an, nou menm nou se branch yo», pye rezen an ak branch yo byen soude youn ak lòt.  Li di nou tou: «Papa m’ se kiltivatè a ki pran swen pye rezen an ak anpil lanmou». Pèsonn pa renmen plis pase sila ki bay lavi li pou zanmi li yo. Lè nou bliye tèt pa nou ak tout difikilte la vi a, nou kole sou Jezi, ebyen nou kapab pwodui anpil bon fwi.
Frè ak sè m’ yo, nou menm k’ap mache ak Jezikri, jodi a l’ap raple nou se pa nou menm ki chwazi l’ ; men li menm ki chwazi nou, li mete nou, pou nou ale, pou nou pote fwi, pou fwi nou an dire. Li enpòtan pou nou konprann sa : Jezi chwazi nou pou nou pote fwi ! Jodi a, an nou gade tèt nou, gade istwa nou, pou nou wè ki fwi Jezi ap tann nan men nou, ki sa lavi nou dwe donnen. Ki fwi nou pote deja, ki fwi nou ta dwe pote jounen jodi a.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri fè nou antre nan mistè lanmou Jezi Pitit ou a ki sove nou an.

PWOPOZISYON : Ak konkou Lespri Sen an, travay pou pote fwi renmen, lapè, jistis ak kè poze.

No hay comentarios:

Publicar un comentario