Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Travèse Masedwán,
pote nou sekou».
LEKTI TRAVAY APOT YO 16, 1-10
Jou sa yo : Pòl rive Dèbe ak Lis.
Te gen yon disip la yo te rele Timote, pitit yon Juif ki
te gen lafwa, papa l’ te payen. Frè yo ki te Lis avèk Ikonyòm yo, yo te bay bon temwayaj sou
li. Pòl te vle pati avèk li, li pran l’, li fè l’ resevwa sikonsizyon akoz Juif
yo ki te nan kote sa yo; men tout moun te konnen papa l’ te payen.
Pandan
y’ap travèse vil yo, yo t’ap transmèt yo desizyon yo pou yo kenbe, sa Apot yo
ak ansyen Jerizalèm yo te deklare yo. Legliz yo t’ap vin solid nan lafwa a,
chak jou yo t’ap gen plis moun.
Yo
travèse Friji ak rejyon Galat la, Lespri Sen an te anpeche yo pale pawòl Bondye
a nan Lazi. Lè yo rive nan Mizi, yo t’ap eseye ale nan Bitini; men lespri Jezi
pa t’ pèmèt yo.Yo travèse Mizi, yo desann Twoas.
Nan
nuit Pòl gen yon vizyon: se yon mesye Masedwán ki te kanpe, ki t’ap lapriyè l’,
ki t’ap di: «Travèse nan Masedwán, vin pote nou sekou». Kon l’ wè vizyon an, menm
lè a nou chèche pati nan Masedwán, nou te gen lasirans se Bondye ki te rele nou
pou nou anonse yo levanjil la.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
99, 2. 3. 5.
R/
Fè lwanj pou
Granmèt la, tout tè a.
Fè
lwanj pou Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan; antre davan fas
li avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye;
se li menm ki fè nou, se pou li nou ye, pèp li ak mouton pak li.R.
Sèke
Granmèt la bon; pou tout tan kè l’ sansib, pou jenerasyon ak jenerasyon verite l’
la.R.
LEVANJIL
«Nou pa fè
pati tè a, men mwen chwazi nou sot sou tè a».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 15, 18-21
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Si
tè a rayi nou, konnen li te rayi m’ anvan nou. Si nou te fè pati tè a, tè a ta
renmen sa k’ pou li; men paske nou pa fè pati tè a, okontrè mwen chwazi nou sot
sou tè a, se pou sa tè a rayi nou an. Sonje pawòl mwen an, sa m’ te di nou an: «Sèvitè
a pa pi gran pase mèt li. Si yo te pèsekite m’, nou menm tou y’ap pèsekite nou;
si yo te kenbe pawòl mwen yo, y’ap kenbe pa nou yo tou». Men tout bagay sa yo,
y’ap fè nou yo poutèt non mwen, paske yo pa konnen sila a ki voye m’ nan».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: «Si tè a rayi nou, konnen li te rayi m’
anvan nou.»Travay
yon kretyen (patizan Jezikri), se yon bagay ki difisil anpil. Rezon an,
se paske kretyen an gen vokasyon pou li viv an kontradiksyon ak reyalite mond
lan. Lè yon moun tounen disip Jezi, li oblije divòse ak mond lan. Si li divòse
ak mond lan, li pa fè mond lan plezi ankò, li pa viv pou mond lan; okontrè yon
disip Jezi, li chèche fè Bondye plezi nan tout bagay. Li viv pou Bondye. Se poutèt sa,
menm si li nan mond lan, li pa pou mond lan; deja li se sitwayen syèl la. Kòm
kretyen an viv an kontradiksyon ak mond lan, kòm li pa kite lespri mond lan
mennen li, ebyen mond lan rayi li. Mond lan kapab menm touye li. Men se nòmal,
puiske gen yon pwovèb kreyòl ki di « Moun ou frekante, se li ou ye». Jezi te
soufri tout kalite imilyasyon, konsa tou, tout moun k’ap mache ak li, se menm
sò a ki rezève pou yo. Men Jezi te di nou «piga nou pè moun ki ka touye kò a
men ki pa ka touye nanm nan». Premye
patizan Jezikri yo, Apot yo te jwenn anpil difikilte nan misyon yo te genyen
pou yo te kontinye travay Jezi a: gwo chèf ki t’ap viv nan tan yo a te trennen
yo nan tribinal, yo te bat yo, yo te touye yo nan tout fason; genyen yo te
koupe tèt, genyen yo te boukannen sou dife. Men sa pa
t’ anpeche yo pwoklame bòn nouvèl delivrans lan. Yo te asime mati a tankou yon favè, paske se nan
non Jezi yo te maltrete yo. Nan sa nou ye kòm moun, nou jwenn anpil obstak ki
anpeche nou antre nan lavi Bondye a. Nou dwe kontan mache ak Granmèt li menm ki
pa regrèt bay lavi li sou kwa pou nou. Tankou Sen Pòl di nou, si nou soufri ak
Jezi, avèk li tou nou va pote laviktwa; si nou mouri avèk li, avèk li nou va
reviv ankò.
Se pou Lavyèj Mari sèvi nou modèl, li menm ki te ba
nou Jezi; se pou li lapriyè pou nou, pou antan n’ap ranpli misyon nou kòm
patizan Jezi, nou jwenn fòs pou nou kapab fè fas ak tout difikilte mond lan ke
nou gen vokasyon pou nou transfòme a, dekwa pou rayisans ak tout move santiman
ka disparèt, dekwa pou lavi ka boujonnen pou tout pitit Bondye.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri voye Lespri Sen
w’ nan vin ba nou fòs pou nou pa tranble devan difikilte misyon nou, men pou
nou kontinye lite pou nou antre nan gras lavi Jezi a. Pavwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Lapriyè jodi a pou kretyen k’ap sibi pèsekisyon nan mond lan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario