Koulè Blan
SIZYÈM
DIMANCH PAK, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Yo t’ap poze
men sou yo, moun yo te resevwa lespri Sen an»
LEKTI
TRAVAY APOT YO 8, 5-8. 14-17
Jou sa yo:
Filip desann nan yon vil Lasamari,
li t’ap bay moun lansèyman sou Jezikri. Foul moun yo te fikse lide yo sou sa Filip t’ap di, yo tout
t’ap koute, yo te wè siy yo li te fè yo. Sèke anpil nan sila yo ki te gen lespri
papwòp yo, yo te sòti, antan y’ap rele byen fò; anpil moun ki pa t’ kapab fè
mouvman, ki te enfim, yo te vin geri. Te vin gen gran kè kontan nan lavil sa a.
Lè
Apot yo ki te Jerizalèm yo tande kijan Lasamari te resevwa pawòl Bondye a, yo
voye Pyè ak Jan lakay yo. Lè yo rive, yo lapriyè pou yo, pou yo resevwa lespri
Sen an; sèke li pa t’ ko vini sou pèsòn nan yo, men se o non Granmèt Jezi sèl
yo te batize. Lè sa a atò yo poze men sou yo, yo resevwa lespri Sen an.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
65, l-3a. 4-5. 6-7a. 16 e 20
R/ Bat bravo
pou Bondye, tout tè a.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, chanteé
bèlte non l’, fè lwanj li.
Di
Bondye: «A la respè travay ou yo merite.R.
Tout tè a ap adore ou, l’ap chante
pou ou, l’ap chante pou non ou».
Vini, n’a wè travay Bondye yo, li merite
respè nan aksyon li fè pou pitit moun yo.R.
Li fè lanmè a vin tounen tè sèk, y’ap
pase larivyè a apye; n’ap kontan nan li kote sa a. Li menm k’ap kòmande nan
pouvwa l’ pou tout tan.R.
Vini, koute, m’ap rakonte, nou tout
ki respekte Bondye, tout sa l’ fè pou nanm mwen. Konpliman pou Bondye, ki pa meprize
lapriyè m’
li pa wete kè sansib li sot sou mwen.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li mouri pa
rapò a chè a, li vivan parapò a lespri a».
LEKTI PREMYE
LÈT APOT PYÈ KI SEN 3, 15-18
Nou menm mwen renmen anpil la:
Fè wè kijan Jezikri Granmèt la sen
nan kè nou, antan nou toujou pare pou nou rann kont devan tout moun k’ap mande
nou eksplikasyon sou espwa sa a anndan nou an, men avèk dousè epi respè, antan
nou gen bòn konsyans, pou sou pwen sa a menm kote y’ap repwoche nou an, se sou
li menm yo wont, yo menm k’ap rapòte manti sou bon konduit nou genyen nan Jezikri
a. Reyèlman vre li pi bon pou nou soufri
antan n’ap fè sa k’ byen, si se volonte Bondye, pase antan n’ap fè sa k’ mal.
Sèke Jezikri mouri yon fwa pou tout
pou peche nou yo, sila a ki kòrèk la pou sila yo ki pa kòrèk yo, pou l’ ofri
nou bay Bondye, li mouri nan chè a, li vivan nan lespri a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
«M’ap lapriyè Papa a, l’ap ba nou
yon lòt Avoka»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 15-21
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Si
nou renmen m’ kenbe kòmandman m’ yo. M’ap lapriyè Papa a, l’ap ba nou yon lòt
Avoka, pou l’ rete avèk nou pou tout tan: Lespri verite a, sa tè a pa kapab resevwa
a, paske li pa wè l’, ni li pa konnen l’; men nou menm n’ap konnen l’, paske l’ap
rete lakay nou, l’ap nan nou.
Mwen
p’ap kite nou òfelen; m’ap vin jwenn nou.Yon ti moman ankò, tè a p’ap wè m’; men
nou menm n’ap wè m’, paske mwen vivan epi n’ap viv. Jou sa a n’ap konnen mwen
nan Papa m’, epi nou nan mwen, epi mwen nan nou. Moun ki gen kòmandman m’ yo, epi
ki kenbe yo, moun sa a se li menm ki renmen m’. Moun ki renmen m’ nan menm,
Papa m’ renmen l’ tou; m’ap renmen l’, m’ap parèt devan l’».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a nou rive nan sizyѐm dimanch Pak kote n’ap kontinye selebre menm kѐ kontan premye dimanch Pak la. Jezi ki leve sòti nan lanmὸ pou l’ ka ban nou lavi.
Nan premye moso
Labib la, nou wѐ kὸman apot yo te
kontinye ap reyalize anpil bѐl aksyon nan non
Jezi. Yo t’ap libere kѐk moun ki te
posede ak move lespri epi yon lὸt bὸ, yo t’ap batize, yo t’ap poze men sou anpil moun ki te resevwa Lespri Sen
an. Menm Lespri sa a ki te fѐ Jezi fѐt nan vant Mari ki vyѐj la, menm Lespri
sa a ki fѐ l’ resisite a, se menm Lespri sa a k’ap miltipliye
siy ak mirak nan mitan apot yo epi jous jounen jodi a, nan mitan nou ak nan
mitan kominote kretyen yo. Fason pou lespri malen an disparѐt, se kontak pѐmanan avѐk pawὸl Bondye a ke apot yo t’ap preche a, yo menm ki te temwen leve vivan Jezi
a. Jodi a nou genyen evѐk yo, pѐ yo ak dyak yo ki ranplase apot yo e yo gen kὸm misyon pou yo priye pou tout kretyen, yo kapab resevwa Lespri Sen an,
batize yo nan non Granmѐt la, pou yo kapab pataje ansanm pen Lekaristi a.
Sѐlman Granmѐt la kapab chanje tout danje, tout pwolѐm nou yo an kѐ kontan. Sѐl li menm kapab fѐ nou pote fwi lesperans ak respѐ pou nou kapab pratike yon bon kondwit nan Jezikri
pandan n’ap fѐ sa ki byen, volonte Bondye. Jezi fѐ nou tounen disip paske menm jan avѐk apot yo, li ban nou defansѐ sa a ki se Lespri Sen an ki toujou gide nou. Tout kote nou pase, nan tout
sa n’ap fѐ. Konsa nou kapab di pwomès li te fè apot yo nan
Levanjil jodi a akonpli pou nou nou tout. Nou pa ὸfelen ; non sѐlman li voye Lespri li pou akonpaye nou men li pwomѐt nou tou l’ap retounen.Retounen pa vle di sѐlman retou Jezi nan dѐnye jou; men tou chak fwa li prezan nan selebrasyon
Lekaristi nou yo, se yon siy ki montre ke li toujou la avѐk nou.
Nan sizyѐm dimanch Pak sa, ann mande Jezi libere nou de tout mal, geri tout sa ki
paralize kὸ nou, kѐ nou ak nanm nou tankou egoyis, rayisans elatriye, epi
kite Lespri sen l’ lan penetre nan nou, nan kominote nou yo pou Rèy li an kapab
rive tabli sou fas tѐ a.
LAPRIYÈ: Jezi Granmѐt, beni tout moun ki responsab pou kondwi pѐp ou a. Ede yo pou yo toujou
gen kѐ kontan nan misyon yo genyen pou yo transmѐt Lespri rezireksyon na bay tout moun ki swaf renmen, padon ak libѐte. Amѐn !
PWOPOZISYON: Kite Lespri Sen an gide nou, toutan ak tout kote.
No hay comentarios:
Publicar un comentario