Koulè Blan
FILIP NERI
KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Granmèt la
louvri kè l’ pou l’ met atansyon nan sa Pòl t’ap di yo»
LEKTI TRAVAY APOT YO 16, 11-15
Nou navige sot Twoas, nou rive tou dwat
Samotras, epi nan landmen nou rive Neapolis; nou sot la, nou rive Filip, vil ki
pi enpòtan nan rejyon Masedwán nan, kote anpil etranje abite.
Nou
te rete pase kèk jou nan vil sa a. Jou saba a, nou sòti deyò pòt la, bò larivyè
a, kote yo konn lapriyè a, nou chita, nou t’ap pale avèk medam yo, ki te
rasanble yo.
Yon
madanm yo rele Lidi, yon machann vlou nan vil Tiati, ki te adore Bondye, li t’ap
koute; Granmèt la louvri kè l’ pou l’ fè atansyon nan sa Pòl t’ap di yo. Lè l’
fin batize, ni kay li tou, li ensiste, li di: Si nou konsidere m’ kòm fidèl
Granmèt la, antre lakay mwen, rete la». Li fòse nou.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b
R/ Granmèt
la jwenn plezi nan pèp li a.
Oubyen: Alelouya.
Chante
pou Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan legliz sen yo.
Se
pou Izrayèl kontan nan sila a ki fè l’ la, se pou pitit Siyon yo danse pou wa
yo.R.
Se
pou yo fè lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak gita se pou yo chante pou
li. Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a, l’ap fè pòv yo jwenn konsiderasyon
nan delivrans la.R.
Se
pou sen yo fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou kabann yo. Lwanj Bondye yo nan bouch yo: bèlte sa a pou
tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
«Lespri laverite a ap sèvi m’ temwen»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN15, 26-16, 4
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Lè
Avoka a ap rive, li menm m’ap voye ba nou sot kot Papa a, lespri laverite a ki
sòti nan Papa a, se li menm k’ap sèvi m’ temwen. Nou menm tou n’ap sèvi m’ temwen,
paske se depi nan kòmansman nou avèk mwen. Mwen di nou bagay sa yo, pou nou pa
dekontwole. Y’ap mete nou deyò nan kay reyinyon yo. Men lè a ap rive, tout moun
k’ap touye nou, y’ap konprann se yon sèvis yo rann Bondye. Y’ap fè nou sa, paske
yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm.Men mwen di nou bagay sa yo, pou lè lè pa
yo a rive, nou sonje mwen te di nou sa».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
OUBYEN POU JOU SA A, SI YO VLE YO KA LI TÈKS SA YO:
PREMYE LEKTI: Filipyen 4, 4-9
SÒM REPONS: sòm
33, 2-3. 4-5. 6-7. 8-9. 10-11
LEVANJIL: Jan 17, 20-26
REFLEKSYON: Liv travay apot yo ap
ede nou viv tan Pak la nan fason l’ap rakonte nou istwa wvoyaj misyon disip yo.
Jodi a l’ap rakonte nou istwa premye wvoyaj apot Pòl ak ekip li nan kontinan Ewòp
la. Lè nou medite istwa sa a, nou kapab konprann kijan Bondye sèvi ak kalite
chak moun pou pawòl li a kontinye simaye toupatou sou tè a. Apot Pòl se yon gwo
ekzanp nan sans sa a. Jounen jodi a Bondye ap sèvi avèk ou pou li kapab rive
nan lavi lòt yo. Nan levanjil la Jezi ap anonse disip yo reyalite difisil k’ap
tan n’ yo nan lavi lafwa a epi l’ap fè yo sonje yo p’ap pou kont yo, l’ap voye
yon defansè pou yo. Pawòl sa yo ap ede nou viv lafwa nou ak plis konviksyon epi
kè kontan. Legliz la ap vanse gras a defansè sa a ki se Lespri Sen an. Lespri
sa a ap ede nou mache nan chemen Jezi te trase pou nou. Se gras a Lespri Sen an
Jezi toujou prezan nan selebrasyon sakreman yo, nan misyon Legliz la ak nan
lavi kretyen vivan.
LAPRIYÈ: Granmet nap di w mesi pou Lespri sen an ak renmen
ou renmen nou. Tanpri Ede nou viv nan Moman difisil
nap travese nan lavi nou.
PWOPOZISYON: Patisipe nan aktivite pastoral pawas mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario