Páginas

MADI 27

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Kwè nan Granmèt Jezi, w’ap sove, ni nou menm ni kay ou a».
LEKTI TRAVAY APOT YO 16, 22-34
Jou sa yo:
Foul Filipyen yo rasanble kont Pòl ak Silas; majistra yo chire rad yo, yo pase lòd pou yo bat yo ak fwèt. Lè yo fin ba yo anpil kou, yo voye yo nan prizon, yo pase yo lòd pou yo veye yo byen. Moun nan ki resevwa lòd sa a, li mete yo nan prizon ki anndan an, li mare pye yo sere avèk bwa.
Nan mitan nannuit, Pòl ak Silas t’ap lapriyè pou fè lwanj Bondye; santinèl yo te tande yo. Yon ti moman, gen yon gran tranbleman-tè ki rive, atèl pwen fondasyon prizon an souke. Menm lè a, tout pòt yo louvri, chenn tout moun lage. Gadyen prizon an reveye, li wè pòt prizon yo louvri, li rale epe a, li te vle touye tèt li, li te konprann prizonye yo te chape. Pòl menm rele byen fò, li di: «Pa fè tèt ou anyen ki mal: sèke nou tout nou isit la».
Li mande limyè, li antre, li sezi, li lage kò l’ nan pye Pòl ak Silas. Li fè yo sòti deyò, li di: «Mèt, ki sa pou m’ fè, pou m’ sove»? Yo di: «Kwè nan Granmèt Jezi, w’ap sove, ni ou menm ni kay ou a».
Yo anonse l’ pawòl Granmèt la avèk tout moun ki te nan kay li a. Li pran yo menm lè sa a nan nuit la, li lave kote yo te blese yo; li batize, ni li menm ni tout kay li a menm lè a. Li kondui yo nan lakay li, li ba yo manje, li kontan ansanm avèk tout kay li a, antan l’ kwè nan Bondye.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.      
SÒM REPONS 137, l-2a. 2bc-3. 7c-8
R/ Men dwat ou ap sove m’, Granmèt
Oubyen :Alelouya.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, ak tout kè m’, paske ou tande pawòl bouch mwen yo. Devan fas mesaje yo m’ap chante pou ou. M’ap adore nan kay sakre ou la ki sen an.R.
M’ap fè lwanj pou non ou, poutèt kè sansib ou ak verite ou.Nenpòt ki jou mwen rele ou, ou reponn mwen; w’ap devlope bon kalite nan nam mwen.R.
Men dwat ou ap sove m’. Granmèt la ap reyalize travay la pou mwen; Granmèt, kè sansib ou pou tout tan: travay men ou yo, pa renmèt li.R.
LEVANJIL
«Si m’ pa ale Avoka a p’ap vin jwenn nou»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN16, 5b-ll
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Koulye a m’a pral jwenn sila a ki te voye m’ nan, epi pèsòn nan nou pa poze m’ kesyon: «Kote ou a prale»? Men, poutèt bagay sa yo mwen di nou an, chagren plen kè nou. Epoutan se laverite mwen di nou: li pi bon pou nou pou m’ ale; sèke si m’ pa ale, Avoka a p’ap vin jwenn nou; si m’ ale, m’ap voye l’ vin jwenn nou. Lè l’ap rive, l’ap akize tè a sou peche, ak jistis ak jijman: sou peche a, paske yo pa t’ kwè nan mwen; sou jistis la, paske m’a pral kay Papa a, epi nou p’ap wè m’ ankò; sou jijman an, paske chèf tè sa a deja jije».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Gen kèk gwoup karismatik an Ayiti ki konn chante nan fason sa: «Lapriyè se kle ki louvri tout pòt, nenpòt kijan li fèmen l’ap louvri li kan menm». Istwa nou jwenn nan premye lekti a vin konfime nou pawòl sa yo. Pòl ak Silas te anba kadna, yo te fèmen nan prizon pou yo te kapab sispann pale de Jezi. Men, lè mesye yo te nan prizon an, yo te rete ap lapriyè. Se konsa «te gen yon gran tranbleman-tè ki rive, atèl pwen fondasyon prizon an souke. Menm lè a, tout pòt yo louvri, chenn tout moun lage. Gadyen prizon an reveye, li wè pòt prizon yo louvri, li rale epe a, li te vle touye tèt li, li te konprann prizonye yo te chape». Gadyen prizon an t’ap tranble, se pa paske tè a te souke, men se paske li te panse prizonye yo te gen posiblite pou yo te tou chape epi li te kapab peye sa byen chè! Kidonk, inosan te ka vin pase pou koupab. Men Pòl ak Banabe misye t’ap veye a, se yo menm ki pral libere li anba laperèz li a. Gadyen an te menm vle touye tèt li tèlman li te dezespere, li santi ki kalite pinisyon ke li ta pral resevwa. Men Pòl ta pral konsole li lè li rele byen fò pou di li: «Pa fè tèt ou anyen ki mal: sèke nou tout nou isit la». Se konsa li mande limyè, li antre, li sezi, li lage kò l’ nan pye Pòl ak Silas. Li fè yo sòti deyò, li di: «Mèt, ki sa pou m’ fè, pou m’ sove»? Yo di: «Kwè nan Granmèt Jezi, w’ap sove, ni ou menm ni kay ou a». Kidonk gadyen an te bezwen yon sèl bagay pou li te sove: lafwa nan Jezikri. Sila yo ki te prizonye yo yo, se yo menm li pral libere sila a ki t’ap veye yo nan prizon an. Bondye delivre moun nan tout fason. Si Pòl ak Silas pa t’ nan prizon, petèt gadyen prizon an, pa t’ap jwenn yon okazyon pou li te sove. Tout sa te pase pou glwa Bondye te ka eklate.
Nou menm tou, frè ak sè m’ yo, nan kèlke swa sitiyasyon nan lavi a, se pou nou fè Bondye konfyans, se pou nou lapriyè. Paske lapriyè se kle ki louvri tout pòt, nenpòt ki jan li fèmen, l’ap louvri li kan menm. Se pou Bondye libere nou anba tout prizon nou yo, prizon maladi, prizon enjistis, prizon lanbisyon, prizon gran dizè, prizon chire pit. Se pou lafwa nou fè nou rete kole sou Bondye epi ede anpil lòt moun sòti nan prizon.
LAPRIYÈ: Granmèt mwen se yon prizonye, tanpri vin kase chenn move santiman mwen yo, pou mwen ka tounen liberasyon pou lòt yo, epi pou lavi mwen tounen yon enstriman pou glwa ou.
PWOPOZISYON: Eseye idantifye nan lavi mwen ki chenn ki mare mwen, nan ki prizon mwen ye.


No hay comentarios:

Publicar un comentario