Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Li te rete
lakay yo, li t’ap travay, li t’ap diskite nan kay reyinyon an»
LEKTI TRAVAY APOT YO 18, 1-8
Nan jou sa yo:
Pòl kite Atèn, li rive Korent; li jwenn
yon Juif yo rele Akila, se moun Pon, li te fèk sot an Itali, avèk Prisil madanm
li (paske Klod te pase lòd pou tout Juif yo kite Wòm), li al jwenn yo. Kòm se menm metye yo te genyen, li ret
lakay yo, l’ap travay; se joupa yo te konn fè. Li t’ap diskite nan kay reyinyon
an chak saba, li poze non Granmèt Jezi, li t’ap eseye konvenk Juif yo ak Grèk
yo.
Lè
Silas ak Timote rive sot Masedwán, Pòl mete tout fòs li nan pawòl la, l’ap sèvi
temwen devan Juif yo, Jezi se Kris la.Yo menm yo kontredi l’, yo joure l’, li
souke rad li, li di yo: «San nou sou tèt nou; mwen menm mwen pwòp, apati koulye
a se kot nasyon yo m’a prale».
Li
sot la, li antre nan kay yon moun yo rele Titus Justus, yon moun ki adore Bondye,
kay li te tou kole ak kay reyinyon an. Krispous menm, chèf kay reyinyon an vin
kwè nan Granmèt la avèk tout kay li, anpil Korintyen lè yo tande l’, yo kwè, yo
resevwa batèm.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd-4
R/ Devan
fas nasyon yo Granmèt la devwale delivrans li a.
Chante
yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Men dwat li
sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a,
devan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li sonje kè sansib li, ak verite l’
pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye
nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
«Nou gen
chagren, men chagren nou an ap vin tounen kè kontan».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 16, 16-20
Lè sa a:
Jezi di disip li yo: «Yon ti moman
ankò, epi nou p’ap wè m’: epi yon lòt ti moman ankò, epi n’ap wè m’, paske m’a pral
kay Papa a».
Gen nan disip li yo ki t’ap di antan
youn ap pale ak lòt: «Ki bagay sa a l’ap di nou an: «Yon ti moman ankò, epi nou
p’ap wè m’; epi yon lòt ti moman ankò, epi n’ap wè m’», epi «M’a pral kay
Papa-a»? Konsa yo t’ap di: «Ki bagay sa a l’ap di a: «Yon ti moman ankò a? Nou
pa konn ki sa l’ap di a».
Jezi konnen yo te vle poze l’ kesyon,
li di yo: «Se sou bagay sa a n’ap chèche antre nou, poutèt mwen di: «Yon ti
moman ankò, epi nou p’ap wè m’; epi yon lòt ti moman ankò, epi n’ap wè m’». An
verite, an verite mwen di nou, n’ap plenn, n’ap kriye, nou menm; men tè a ap
kontan. Nou menm n’ap nan chagren, men chagren nou an ap vin tounen kè kontan».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Premye lekti a pale de travay levanjelizasyon Pòl, sila a yo rele «Apot
Nasyon yo». Depi lè li te fin fè gwo rankont avèk Jezi sou wout Damas, lè li te
sou wout pou li t’al pèsekite kretyen yo, li vin tounen disip-misyonè Jezikri,
e li preche levanjil la nan tout kwen kote li te ka vwayaje. Li fè anpil vwayaj
sou lanmè. Tanpèt ak move tan pa fè kè l’ sote. Menm kouraj li te santi lè li
t’ap pèsekite patizan Jezikri yo, se menm kouraj sa a li te genyen lè li te vin
tounen patizan, disip-misyonè Jezikri. Pòl pa t’ chita. Li vwayaje de vil an
vil, de peyi an peyi, pou Bòn Nouvèl lavi Jezi te pote a te ka pwopaje nan
zorèy tout moun, pou li ta ka touche tout kè.
Premye lekti nou
li jodi a rapòte nou, pandan Pòl t’ap sòti lavil Atèn (peyi Lagrès) li rankontre
ak yon jwif yo te rele Akila ki te nan yon vwayaj ekzil ansanm ak madanm li Prisil (paske Klod te pase lòd pou
tout Juif yo kite Wòm). Yo di nou kòm se menm metye yo te genyen, Pòl te ret
lakay yo ap travay; yo te konn fè joupa. Men Pòl te pwofite bèl okazyon sa a
pou li te fè moun yo konnen kilès ki Jezi, se sa k’ fè «li t’ap diskite nan kay
reyinyon an chak saba, li poze non Granmèt Jezi, li t’ap eseye konvenk Juif yo
ak Grèk yo». Nan sans sa a, Silas ak Timote, ki te sòti Masedwán te tonbe nan
konfli ak Pòl ki te mete tout fòs li ak konviksyon li nan pawòl la, kote li
t’ap di Jezi se Kris la. Mesye sa yo te manke Pòl dega, yo te joure li, yo te kontredi
li; men li menm li te di yo li pa responsab kondanasyon yo: «San nou sou tèt
nou; mwen menm mwen pwòp, apati koulye a se kot nasyon yo m’a prale». Jwif yo
refize kwè Jezi se Mesi a, Pitit Bondye a ki te gen pou vini pou pote delivrans
pou tè a, pou kase tout vye chenn esklavaj peche a. Yo te refize kwè paske yo
t’ap tann yon wa ki gen gwo ponyèt pou kraze brize, yon wa ki ka batay, ki ka
fè lagè. Jous jounen jodi a yo pa kwè toujou. Men nou wè enkredilite yo a pa t’
dekouraje Pòl; pi devan misyon Pòl la ta pral pote fwi, lè Krispous, chèf kay
reyinyon an vin kwè nan Granmèt la avèk tout fanmi li, ak anpil Korintyen ki te
tande predikasyon Pòl e ki te kwè, yo resevwa batèm.
Nan
Levanjil jodi a, Jezi ap di nou nou menm si nou tris, pran kouraj, pa kite
chagren fini avèk nou. Louvri kè nou pou nou akeyi Pawòl Bondye a, chanje move
konduit nou yo epi kè nou va kontan nèt ale.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, ba nou Lespri w’ la
pou nou kapab pwoklame pawòl ou a tout kote nou pase. Fè semans pawòl ou pote fwi tout kote li
tonbe. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Kòm disip misyonè, chèche fè patizan pou Jezi jodi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario