Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Mwen gen yon gran pèp nan lavil sa a»
LEKTI TRAVAY APOT YO 18, 9-18
Pandan
Pòl te Korent, Granmèt la di l’ yon nuit nan vizyon: «Pa pè, se pou ou pale, pa
pe bouch ou. Paske mwen avèk ou, pèsòn p’ap poze men sou ou pou yo fè ou
kichòy, sèke mwen gen yon pèp ki anpil pou mwen nan vil sa a». Li rete la yon
ane ak si mwa, l’ap anseye pawòl Bondye a lakay yo. Pandan Galyon te prefè
Lagrès, Juif yo met ansanm yo fè konplo kont Pòl, yo kondui l’ nan tribinal, yo
di: «Sila a ale kont lalwa a, l’ap pran tèt moun yo pou yo adore Bondye». Pòl menm
te kòmanse ap louvri bouch li, Galyon di Juif yo: «Si se te yon krim oubyen yon
move aksyon, mesye Juif yo, mwen ta pran ka nou byen Men si se kesyon sou mo ak
non ak lalwa nou an, se nou menm ki pou wè sa; mwen pa vle jij bagay sa yo». Li
ranvwaye yo sot nan tribinal la. Tout moun sezi Sostèn, chèf kay reyinyon an,
yo kòmanse frape l’ devan tribinal la, Galyon menm pa okipe yo. Kanta Pòl, li te
rete ankò kèk jou, aprè sa li kite frè yo, li navige pou Lasiri (Prisil avèk
Akila te avèk li). Li te fè koupé cheve l’ Sankre; paske li te fè yon ve.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 46,
2-3. 4-5. 6-7
R/
Bondye wa
tout tè a.
Tout nasyon yo, se pou nou bat
bravo, fè lwanj pou Bondye avèk kè kontan. Paske Granmèt la ki anwo nèt la, li
terib, wa ki gran anlè tout tè a.R.
Li mete pèp yo anba lòd nou, ak nasyon
yo anba pye nou. Li
chwazi eritaj nou pou nou, bèlte Jakòb la, sila a li renmen an.R
Bondye
monte nan gran fèt, Granmèt la monte nan son klewon. Fè lwanj pou Bondye, fè lwanj;
fè lwanj pou wa nou an, fè lwanj.R.
LEVANJIL
«Kè kontan
nou an, pèsòn p’ap wete l’ sot nan nou»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKR A DAPRÈ JAN KI
SEN 16, 20-23a
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«An
verite, an verite mwen di nou, n’ap kriye, n’ap plenn, tè a menm ap nan kè
kontan.N’ap gen lapenn, men lapenn nou an ap vin tounen kè kontan.Yon madanm k’ap
anfante, li nan lapenn, paske lè l’ rive; men lè l’ fin fè pitit la, li pa sonje
soufrans la ankò akoz kè kontan an, paske yon moun fèt sou tè a. Konsa nou menm
tou koulye a nou gen lapenn; men m’ap wè nou ankò, kè nou ap kontan, kè kontan
nou an, pèsòn p’ap pran l’ sot nan nou. Jou sa a nou p’ap mande m’ anyen».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a nou gen lapenn, men yon jou n’ap gen kè kontan k’ap dire pou tout
tan, pawòl Bondye pou jodi a ba nou anpil ankourajman avèk fòs, kote li di nou
nou pa bezwen pè pale pawòl la paske nou pa pou kont nou, menm jan sòm 46 la di
nou, se Bondye Granmèt la ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki sèl fòs nou; li
toujou pare pou pote n’ sekou nan tout antrav nou yo; se pou tèt sa li di nou
menm si nou wè tè a ap tranble, mòn yo ap chavire nou pa bezwen pè anyen, papa
n’ ki nan syèl la avèk nou. Si nou gen
Bondye ki toujou kanpe ak nou, nanpwen jou pou n’ pa byen kore. Paske viktwa a
se pou moun k’ap travay san rete, epi k’ap lite pou fè volonte Bondye. Kòm mwen
toujou di nou, pa janm gen dimanch Pak san Vandredi Sen. Se poutèt sa Sen Jan
nan Levanjil li a di nou, menm si nou nan lapenn, n’ap kriye jodi a, lapenn sa
a gen pou tounen kè kontan; li di gen moun k’ap viv pou moun, pou fè moun
plezi, y’ap kontan wè nou nou nan lapenn, men piga nou ebranle, yon jou lapenn
nou an gen pou tounen kè kontan. Pou ede n’ konprann pawòl la pi byen Sen Jan
prezante nou yon imaj:li pran imaj yon fi k’ap akouche pou l’ montre nou kijan
Bondye genyen pou l’ fè kè nou kontan. Nou konn wè yon fi k’ap pote yon bebe,
pafwa depi nan premye mwa a l’ap soufri pou jis li rive nan dènye mwa pou l
akouche a, men aprè akouchmam an, li bliye soufrans lan tèlman li kontan wè ti
pitit li, lè sa a li pran tan l’ pou l’ admire pitit li, paske li te gen espwa
pitit la t’ap pote lajwa. Jodi a se menm espwa sa a Jezi vle pote pou nou, kote
li vle nou rive menm kote avèk li, nan yon lavi san lapenn ni tristès, kote ki
pa gen soufrans, abi ak lanmò. Ann mande Jezi tanpri fè espwa sa a grandi nan kè
nou kòm pitit Bondye.
LAPRIYÈ: Bondye ki refè nou pou lavi tout tan
an nan leve vivan Jezikri a, drese nou kot lotè delivrans nou an ki chita adwat
ou a, pou lè Sovè nou an rive nan bèlte l’ la, sila yo ou te refèt nan batèm
nan, ou a fè yo abiye avèk lavi ki p’ap fini an, ki sen an. Pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:Aksepte
soufri ak Jezi pou mwen ka pote laviktwa ansanm ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario