Koulè Blan
VIZITASYON MARI KI SEN, KI VYÈJ
Fèt
PREMYE LEKTI
«Wa Izrayèl la Granmèt la nan mitan ou»
LEKTI
LIV PWOFÈT SOFONI 3, 14-18
Fè
lwanj, pitit fi Siyon; bat bravo, Izrayèl; fè kè ou kontan, danse ak tout kè ou,
pitit fi Jerizalèm: Granmèt la leve kondanasyon ou nan, li pouse lènmi ou yo; wa
Izrayèl la Granmèt la nan mitan ou, ou pa bezwen pè malè ankò.
Jou sa a y’ap di Jerizalèm: «Pa pè,
Siyon; pa kite men ou febli. Granmèt Bondye ou la nan mitan ou, li menm ki fò a,
l’ap sove ou; l’ap kontan nan ou avèk anpil kontantman, l’ap fè silans nan renmen
l’ nan, l’ap fete pou ou avèk lwanj.
Moun ki te pèdi chemen, ki te pati lwen
lalwa a, m’ap rasanble yo, paske se nan ou yo te sòti; konsa ou p’ap gen lawont
ankò sou ou.
OUBYEN:
«Se pou nou patisipe nan bezwen sen
yo; se pou nou resevwa etranje».
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN POU ROMEN YO 12, 9-16b
Frè m’ yo:
Renmen an pa nan fè sanblan, se pou
nou rayi sa k’ mal, se pou nou kole kò nou sou sa k’ bon, se pou nou youn renmen
lòt tankou frè, se pou nou youn bay lòt konsiderasyon, se pou nou gen devouman
san nou pa fè regadan, se pou nou cho nan Espri a, antan n’ap rann sèvis pou
Granmèt la, se pou nou kontan nan esperans la, se pou nou gen pasyans nan tray
la, se pou nou pèsevere nan priyè a, se pou nou patisipe nan bezwen sen yo, se
pou nou resevwa etranje.
Se
pou nou beni moun k’ap pèsekite nou yo: se pou nou beni yo, se pa pou nou ba yo
madichon.
Se
pou nou kontan avèk moun ki kontan yo, se pou nou kriye avèk moun k’ap kriye
yo, se pou nou gen yon sèl kè antre nou, pa chèche bagay ki wo, men se nan
bagay ki ba pou nou mete kè nou ansanm.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Iz 12, 2-3. 4bcd. 5-6
R/ Li
gran nan mitan ou, Sen Izrayèl la.
Men Bondye ki sove m’ nan, mwen gen
konfyans, mwen p’ap pè,
paske fòs mwen ak lwanj mwen, se
Granmèt la, se li menm ki vin sove m’.N’ap tire dlo ak kè kontan sot nan sous delivrans
la.R.
Fè
lwanj Granmèt la, rele non li, fè konnen mèvèy li yo nan pèp yo,
fè
sonje kijan non l’ anlè nèt.R.
Chante
pou Granmèt la, paske li fè mèvèy, anonse sa sou tout tè a.
Danse,
fè lwanj, pèp Siyon, paske li gran nan mitan ou, Sen Izrayèl la.R.
LEVANJIL
«Kote sa sòti pou mwen, pou manman
Granmèt mwen vin kote m’?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 1, 39-56
Jou
sa yo, Mari leve, li pati al nan mòn yo byen vit, nan yon vil Jida. Li antre
nan kay Zakari, li salye Elizabèt.
Rive,
lè Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la danse nan vant li, Elizabèt vin plen
ak Espri Sen an, li rele byen fò, li di:
«Ou
beni pase tout fi; li beni tou, fwi vant ou a. Kote sa sòti pou mwen, pou manman
Granmèt mwen an vin vizite m’? Gade, lè vwa ou rive nan zòrèy mwen lè ou salye m’
nan, ti pitit la danse nan vant mwen ak kè kontan.Ala kontantman pou ou, poutèt
ou te kwè sa Granmèt la voye di ou yo, y’ap reyalize».
Mari
di:
«M’ap
fè lwanj Granmèt la, espri m’ap fete nan Bondye Sovè mwen an, paske li voye je
sou pòv sèvant li a. Gade vre depi koulye a tout jenerasyon ap di ala
kontantman pou mwen: paske li fè gran mèvèy pou mwen, sa a ki gen pouvwa a, non
l’ sen, mizerikòd li sot nan ras al nan ras pou moun ki krenn li yo.
Li
mete fòs nan bra l’, li gaye sa k’ t’ap fè grandizè nan kè yo a; li depoze sa k’
gen pouvoua yo sot sou fotèy yo, li leve
pòv yo; sa k’ grangou yo, li plen yo ak byen, rich yo li ranvwaye yo
grangou.
Li
soutni Izrayèl, sèvitè l’ li sonje mizerikòd li a, jan l’ te pale ak zansèt nou
yo, Abraam ak ras li a pou tout tan.» Mari rete avèk li apeprè twa mwa, apre
sa, li tounen lakay li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a 31 me, nan Legliz la n’ap fete jou Lasent Vyѐj Mari te ale vizite kouzin li Elizabѐt. Si nou gade Levanjil ki espesyal pou jou sa a, nou
kapab di gen yon relasyon ant Lespri Sen an avѐk Lavyѐj Mari. Nan kèk lὸt pasaj nan Labib la, nou wѐ tou chak fwa Mari parѐt, Lespri Sen an toujou ap travay nan menm tan an tou. Se pa san rezon anj
Gabriyèl te rele l’ «plen lagras», se paske prezans Lespri Sen an te deja
ranpli li ak tout gras ki sòti anwo bὸ kote Papa a.
Lѐ li fin resevwa lagras sa a, pou l’ pote Sovѐ a ki se zѐv Lespri Sen an, menm kѐ kontan sa a pouse l’ monte nan mὸn kote kouzin li Elizabèt ki te ansent, ki t’ap
pote li menm tou yon pitit espesyal, ki se Jan Batis ki te genyen yon
misyon espesyal, pou l’ te prepare wout pou Granmѐt la. Lespri Sen an mete nan Mari yon kѐ kontan ki pouse l’ pwoklame Mayifikat la pou l’ di Bondye mѐsi pou mѐvѐy li fѐ nan lavi li. Favѐ pou l’ pote nan vant li Sovѐ a. Kote Mari ye, jan nou te di l’ anvan, Lespri Sen
an toujou prezan, se sa k’ fѐ pitit ki te nan vant Elizabѐt la sote nan vant li lѐ Mari salye l’ la. Nou kapab di premyѐman, kѐ kontan sa a Mari te resevwa a, li pa kenbe l’ pou kont
li, li sòti l’al pataje l’ avѐk Elizabѐt, ki fѐ li vin tounen premye disip misyonѐ.Dezyѐmman, li te ale pou l’ ka rann Elizabѐt sѐvis paske li konnen epi li santi li te bezwen ѐd.
Jodi a an nou gade
nou menm kijan nou sѐvi ak bѐl ekzanp manman Mari ban nou yo. Lѐ nou fin resevwa yon gras nan men Bondye, ѐske nou
pran tan pou nou chante grandѐ li pou sa l’ fѐ nan lavi nou ? Lѐ nou
wѐ pwochen nou bezwen yon sѐvis, ѐske nou prѐt pou nou ede l’ ? Byen
souvan, moun nou konnen ki ka ede nou oubyen ki ka ban nou yon bagay lѐ
nou fin rann yo yon sѐvis, ѐske se pa moun sa a yo nou prѐt pou nou ede ?
Menm jan avѐk manman Mari, ѐske nou pataje kѐ kontan nou ak lòt yo pou nou
kapab fѐ yo goute yon ti kras kѐ kontan tou ?
LAPRIYÈ : Manman Mari,
tanpri, ede nou rive jwenn lagras pou nou pwoteje prezans Lespri Sen an nan
nou. Ede nou chak jou chante mѐvѐy Bondye fѐ nan lavi nou menm jan ou te fѐ l’
nan Mayifika la, pou w te montre grandѐ Bondye. Priye Jezi pitit ou pou nou,
pou nou ka jwenn vrè wout kѐ kontan an ; konsa kѐ kontan sa a va fѐ nou
rive mete nou nan sѐvis frѐ ak sѐ nou yo ki nan bezwen, menm jan w’ te fѐ l’
pou kouzin ou, Elizabѐt. Amѐn.
PWOPOZISYON: Vizite yon moun ki nan bezwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario