Páginas

DIMANCH 1

Koulè Blan
ASANSYON GRANMÈT LA
PREMYE LEKTI
«Pandan y’ap gade l’, li leve».
LEKTI TRAVAY APOT YO 1, 1-11
Mwen te fè yon premye liv, Teofil, sou tout sa Jezi te kòmanse fè ak sa l’ te aprann, jous nan jou, lè l’ te pase Apot yo lòd la pa pouvwa Lespri Sen an, yo menm li te chwazi a, li monte; yo menm li te parèt devan yo byen vivan an aprè soufrans li a avèk anpil prèv, pandan karant jou li parèt devan yo, l’ap pale yo sou rèy Bondye a.
Pandan l’ap manje, li pase yo lòd pou yo pa kite Jerizalèm, men pou yo tann reyalizasyon pwomès Papa a, li di «sa nou te tande nan bouch mwen an; sèke Jan te batize nan dlo, men nou menm se nan Lespri Sen an n’ap resevwa batèm, nan kèk jou».
Sila yo te rasanble yo, yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap di: «Granmèt, èske se nan tan sa a w’ap refè rèy Izrayèl la?» Li di yo: «Se pa nou menm k’ap konnen tan ak moman Papa a deside nan pouvwa l’; men n’ap resevwa fòs Lespri Sen an k’ap vini sou nou, n’ap sèvi m’ temwen Jerizalèm, nan tout Lajide ak Lasamari, epi jous nan bout tè a».
Kon l’ fin di sa, pandan y’ap gade l’, li monte; yon nyaj kache l’ devan je yo. Kòm yo t’ap gade l’a prale nan syèl la, gen de mesye ki vin kanpe bò kote yo, abiye tout-an-blan, yo di: «Mesye Galileyen yo, pou ki sa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jezi sa a yo pran nan men nou an nan syèl la, se konsa l’ap vini menm jan nou wè l’ ale nan syèl la».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.     
SÒM REPONS 46, 2-3. 6-7. 8-9
R/ Bondye monte nan gran fèt, Granmèt la monte nan son klewon.
Tout nasyon yo, se pou nou bat bravo, fè lwanj pou Bondye avèk rèl kè kontan. Paske Granmèt la ki anwo nèt la, li terib, wa ki gran anlè tout tè a.R.
Bondye monte nan gran fèt, Granmèt la monte nan son klewon.
Fè lwanj pou Bondye, fè lwanj; fè lwanj pou wa nou an, fè lwanj.R.
Paske Bondye se wa tout tè a, fè lwanj avèk sajès. Bondye wa sou nasyon yo, Bondye chita sou fotèy li ki sen an.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li enstale l’ adwat li nan syèl yo».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 1, 17-23
Frè m’ yo:
Bondye Granmèt nou Jezikri, Papa bèlte a, se pou l’ ba nou Lespri sajès ak revelasyon nan konesans li; se pou l’ klere je kè nou, pou nou konnen ki espwa rele li rele nou an genyen, ki richès bèlte eritaj li a pou sen yo, ki grandè estrawòdinè pouvwa li a nan nou menm ki kwè yo, daprè aktivite fòs pouvwa l’, sa l’ deplwaye nan Jezikri a, antan l’ leve l’ sot nan pami mò yo, li enstale l adwat li nan syèl yo, anlè tout chèf, pouvwa, otorite ak kòmandman, ak tout non yo kapab nonmen non sèlman nan syèl sa a, men nan sa k’ap vini an tou.
Li mete tout bagay anba pye l’, li mete l’ kòm tèt anlè tout legliz la, legliz sa a ki kò l’ la, sa l’ plen an, li menm ki reyalize tout bagay nan tout moun.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.     
LEVANJIL
«Yo renmèt mwen tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 28, 16-20
Lè sa a:
Onz disip yo pati nan Lagalile nan mòn nan, kote Jezi te deziye yo a. Lè yo wè l’, yo adore l’; kèkzen doute poutan. Jezi menm pwoche, li pale avèk yo, li di:
«Yo renmèt mwen tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a; konsa ale, enstwi tout nasyon yo, batize yo o non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an, aprann yo kenbe tout sa mwen te kòmande nou yo. Men mwen avèk nou tou lejou jous nan finisman syèk tan an».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Premye moso Labib nou li jodi a, se premye pati nan liv Travay Apòt yo. Nou jwenn liv sa a touswit aprè kat Levanjil yo, avan lèt Sen Pòl te ekri yo.Nòmalman, Levanjil yo pale nou de lavi Jezi, epi liv Travay Apòt yo pale nou de kòman apòt yo te preche Bòn Nouvèl la epi yo fòme plizyè kominote aprè Jezi te mouri epi l’ leve. Lè fini, lèt Sen Pòl ak lòt yo te ekri, se ankourajman pou kominote sa yo, epi liv Apokalips la li menm, se yon liv ki te ekri pou ankouraje kretyen ki t’ap sibi pèsèkisyon yo. Tout liv sa yo ansanm, nou rele yo Nouvo Kontra a, epi Ansyen Kontra a, pale nou de tout sa k’ te pase ak pèp Izrayèl la avan Jezi te fèt, pou nou ka konprann sans lavi Jezi a pi byen.
Nan premye vèsè premye moso Labib la, sanble otè liv la te ekri l’ pou yon moun, ki rele Teofil. Pinga nou panse se nenpòt zanmi l’ ki te gen non sa a.  Okontrè, non Teofil la, se yon non senbolik li ye. Li sòti nan 2 mo nan lang grèk, ki se lang orijinal Nouvo Kontra a : «Theos», ki vle di Bondye, ak «Filo», ki vle di renmen. Sa vle di, Teofil se « moun ki renmen Bondye a ».  Si ou renmen Bondye, liv la se pou ou menm yo ekri l’.
Lè fini, otè a pale de yon lòt liv li te ekri avan. Liv sa a, se levanjil daprè Lik.  Sa vle di, se menm kominote Sen Lik te fonde a ki te ekri ni Levanjil daprè Lik, ni liv Travay Apòt yo. Se sa k’ fè Levanjil daprè Lik la fini ak istwa jan Jezi te monte nan syèl la, epi se ak menm istwa sa a liv Travay Apòt yo kòmanse.
Jodi a n’ap fete fèt Asansyon Granmèt la, lè Jezi te monte nan syèl la aprè l’ te mouri epi li leve byen vivan. Jezi ba nou misyon pou nou sèvi l’ temwen jis nan dènye bout tè a. Misyon an, se fè tout moun konnen jan Papa nou ki nan syèl la renmen yo san kondisyon.
LAPRIYÈ : O Lespri Sen, ban m’ fòs ak kouraj pou m’ sèvi Jezi temwen !

PWOPOZISYON : M’ap chache yon fason pou m’ fè yon moun konprann Bondye renmen l’.

No hay comentarios:

Publicar un comentario