Páginas

LENDI 2

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Èske nou te resevwa lespri Sen an lè nou te kwè a»?
LEKTI TRAVAY APOT YO 19, 1-8
Pandan Apolon te Korent, Pòl travèse rejyon anwo yo, li rive Efèz, li jwenn kèk disip. Li di yo: «Èske nou te resevwa Lepri Sen an lè nou te kwè a»? Yo di l’: «Nou pa menm tande pale sou Lespri Sen an». Li di: «Nan ki sa nou te batize»? Yo di: «Nan batèm Jan an». Pòl di: «Jan te batize pèp la nan batèm penitans, antan li te di pou yo kwè nan sila a ki gen pou l’ vini aprè l’ la, sila a menm sa vle di nan Jezi».
Lè yo tande sa, yo batize o non Granmèt Jezi. Lè Pòl poze men sou yo, Lespri Sen an vin sou yo; yo t’ap pale nan lang, yo t’ap fè deklarasyon pwofèt. Tout mesye yo te apeprè douz. Li antre nan kay reyinyon an, li pale avèk asirans pandan twa mwa, l’ap diskite, l’ap bay prèv sou rèy Bondye a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.     
SÒM REPONS 67, 2-3. 4-5ac. 6-7ab
R/ Rèy tè yo, chante pou Bondye,
Bondye leve, se pou lènmi l’ yo gaye; se pou sila yo ki rayi l’ yo sove kò yo devan fas li. Tankou lafimen gaye, ou gaye yo; tankou lasi fonn devan fas dife, konsa moun peche yo peri devan fas Bondye.R.
Se pou moun ki kòrèk yo fè kè yo kontan, pou yo danse devan Bondye, se pou yo jwi nan kè kontan. Chante pou Bondye, di kantik pou non l’; Granmèt la se non l’ sa.R.
Papa òfelen yo ak jij vèv yo, Bondye nan lakay li ki sen an. Bondye ki fè pòv yo abite nan yon kay, ki kondui prizonye yo nan richès.R.
LEVANJIL
«Pran konfyans, mwen ranpòte laviktwa sou tè a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 16, 29-33
Lè sa a:
Disip yo di Jezi: «Koulye a menm w’ap pale klè, ou pa di anyen an parabòl. Koulye a nou konnen ou konnen tout bagay, pèsòn pa bezwen poze ou kesyon: konsa nou kwè se nan Bondye ou sòti». Jezi reponn yo: «Koulye a nou kwè? Men lè a ap rive, li deja rive, chak moun ap gaye kote pa l’, n’ap kite m’ pou kont mwen; men mwen pa pou kont mwen, paske Papa a avèk mwen. Mwen di nou bagay sa yo pou nou gen lapè nan mwen. Sou tè a n’ap gen tray, men, konfyans, mwen ranpòte laviktwa sou tè a».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jan nou wè nan premye moso Labib jodi a, lè Sen Pòl te rive nan zòn Efèz, li te jwenn yon gwoup disip ki pa t’ ko batize nan non Jezi, paske yo pa t’ menm konnen si sa te ekziste. Aprè yon ti eksplikasyon, Sen Pòl te tou batize yo. Men sa ki pi enteresan toujou, aprè sa li te rete avèk yo pandan twa mwa, pou ba yo fòmasyon nan lafwa, ak pou reponn a dout yo.
Pafwa nou menm, nou batize, men nou pa vrèman gen yon fòmasyon nan lafwa nou. Petèt, lè nou te timoun nou te konn al nan katechèz pou n’ kominye, men aprè sa nou pa t’ janm resevwa lòt fòmasyon ankò. Nou vin granmoun, men lafwa nou rete yon lafwa timoun. Antan ke Legliz tou, fò n’ ta evalye pastoral nou, paske pafwa nou tèlman santre nou sou sakreman yo, nou bliye si moun yo ka pa twò konprann sa n’ap selebre a.
Se sa k’ fè lè yo site Labib pou kritike nou, nou pa konn kisa pou n’ reponn.  Lè fini nou ka gen anpil dout ak bagay nou pa konprann nan relijyon nou.  Nan sans sa a, li enpòtan pou nou chache fòme tèt nou pi byen, pou nou chache etidye Labib ak katechèz pou granmoun, ak istwa Legliz la. Nou kapab fè sa nan plizyè mouvman Legliz katolik, ak nan bon jan liv. Pa ekzanp, gen yon liv an kreyòl ki rele “Annou li Labib”, ki enteresan anpil. Nou kapab jwenn li nan libreri Las Paulinas, oubyen mande nenpòt pè Jezwit (se yon Jezwit ki rele Exilas Brunelson ki te ekri li).
Men se pa etidye sèlman ki enpòtan. Jan nou wè nan Levanjil jodi a, lè disip yo te fin konnprann tout bagay, Jezi avèti yo konsa, talè yo pral gaye, kite l’ pou kont li. Sa k’ nan tèt konte, men se sa k’ nan kè moun nan ki pi enpòtan.  Pou nou rete fidèl ak Granmèt la, fò n’ kenbe lafwa nou. Se pou fòmasyon an ede nou pwofondi nan sa nou kwè, pou nou kwè ak plis konfyans toujou.
LAPRIYÈ : Jezi, m’ pa ta janm vle kite ou pou kont ou !  Ede m’ kenbe lafwa m’, ede m’ kanpe avèk ou nan tout sikonstans lavi mwen. Pa kite m’ pou kont mwen tou ! Amèn.

PWOPOZISYON : M’ap chache mwayen pou m’ prann plis fòmasyon nan sa m’ kwè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario