Koulè Wouj
Chal Lwanga Ak
Zanmi L’ Yo, Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Mwen fini kous mwen, ak sèvis pawòl la mwen te resevwa
nan men Granmèt Jezi a»
LEKTI TRAVAY APOT YO
20,
17-27
Jou
sa yo:
Antan
Pòl Milè, li voye Efèz pou yo rele chèf Legliz yo. Lè yo rive kote l’, yo te
rasanble, li di yo:
«Nou
konnen, depi premye jou mwen antre nan Lazi a, kijan mwen te aji avèk nou
pandan tout tan, antan m’ap sèvi Granmèt la avèk lespri m’ byen ba, avèk dlo
nan je, avèk tray yo ki te rive m’ nan konplo Juif yo; kijan mwen pa t’ neglije
anyen ki te kapab sèvi nou, pandan m’ap anonse nou mesaj la, m’ap anseye nou an
piblik ak nan kay yo, antan m’ap bay Juif yo ak nasyon yo temwayaj pou yo
chanje vin jwenn Bondye, pou yo met lafwa nan Granmèt nou Jezikri.
Koulye
a menm men mwen mare nan Lespri a m’a pral Jerizalèm, san m’ pa konn anyen nan
sa k’ gen pou yo rive m’ yo; sof Lespri Sen an avèti m’ nan tout vil, li di:
«Se chenn ak tray k’ap tann mwen Jerizalèm». Men mwen pa pè bagay sa yo, mwen
pa konsidere lavi m’ gen plis enpòtans pase m’, yon fwa mwen fini kous mwen an,
ak sèvis pawòl la, sa m’ te resevwa nan men Granmèt Jezi a, pou m’ sèvi
levanjil favè Bondye a temwen.
Koulye
a men mwen konnen nou p’ap wè fas mwen ankò, nou tout, kote mwen te pase antan
m’ap preche rèy Bondye a. Se pousa mwen avèti nou jodi a menm mwen inosan pou
san tout moun. Mwen pa t’ konn
rale kò m’ chak fwa mwen te dwe anonse nou tout avètisman Bondye.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
67, 10-11. 20-21
R/
Rèy tè yo, chante Bondye.
Se yon lapli favè ou te vide, Bondye; eritaj ou a ki fèb
la, ou te refè l’.Vivan ou yo te abite ladan l’, ou te pare l’ pou pòv la nan
bon kè ou, Bondye.R.
Konpliman pou Granmèt la chak jou; Bondye delivrans nou
yo ap pote nou. Bondye nou, se Bondye k’ap sove nou; nan menm Granmèt la, pòt
lanmò a ye.R.
LEVANJIL
«Papa, bay Pitit ou a bèlte a»
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 17, 1-11a
Lè sa a:
Jezi leve je l’ nan syèl la, li di: «papa, lè a rive, bay
Pitit ou a bèlte a, pou Pitit ou a fè wè bèlte ou; menm jan ou te ba l’ pouvwa
sou tout chè a, pou tout sa ou te ba l’, li ba yo lavi tout tan an.
Mwen te fè wè bèlte ou sou tè a; mwen fini sa ou te ban
m’ fè a. Koulye a ban m’ bèlte a, Papa, kote ou, bèlte sa a mwen te genyen an,
anvan tè a te fèt la, kote ou la.
Mwen te fè moun yo wè non ou, yo menm ou te ban mwen sot
sou tè a. Se pou ou yo te ye, ou te ban mwen yo; yo te kenbe pawòl ou a. Koulye
a yo konnen tout sa ou te ban mwen yo, se nan ou yo sòti, paske ou ba yo pawòl
yo ou te ban mwen an; yo menm yo resevwa yo, yo konnen reyèlman vre se nan ou
mwen sòti, yo kwè se ou menm ki te voye m’.
Mwen
lapriyè pou yo: se pa pou tè a mwen lapriyè, men pou sila yo te ban mwen yo;
paske se pou ou yo ye. Tout sa m’
genyen se pou ou yo ye, epi sa ou genyen se pou mwen yo ye, epi mwen jwenn
bèlte m’ nan yo. Mwen deja pa sou tè a, yo menm yo sou tè a, mwen menm m’ap vin
jwenn ou».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Tout lavi Jezikri
sou tè a, se ansèyman pou nou menm kòm moun epi kòm kretyen. Chak fwa nou panse
n’ fin aprann yon leson nan yon moso levanjil, lè nou tounen sou li nou rann
nou kont ke gen yon richès ki te chape anba limyè zye nou. Nan tèks sen Jan
prezante nou jodi a, n’ap pote plis enterè a li ke lòt tèks yo, paske mesaj
santral la sanse rezime lòt de tèks yo pi byen.
Yon senp ti kout
je sou moso levanjil la pèmèt nou wè kijan Jezi sousye de lavi nou chak : «
Mwen lapriyè pou yo : se pa pou tè a mwen lapriyè, men pou sila yo te ban mwen
yo… ». Menm lè li konnen li p’ap lage nou, l’ap toujou avèk nou, sa pa anpeche
l’ kontinye lapriyè pou nou. Sepandan sa ki plis atire atansyon nou nan lekti
sa a, se satisfaksyon Granmèt nou, gran frè nou pou reyalizasyon misyon li. « Mwen te fè wè
bèlte ou sou tè a; mwen fini sa ou te ban m’ fè a… Mwen te fè moun yo wè non ou
». Kidonk, Jezi vin fè konnen non Bondye. Se nan Jezi nou konnen Bondye, paske
Papa ak Pitit la, yo fè yon sèl.
Levanjil jodi a fè
nou yon envitasyon spesyal. Li di nou chèche satisfaksyon nou nan men Granmèt
la. Epi sèl fason pou nou rive gen satisfaksyon sa a, se nan renmen. Se pou sa
Sen Jan di nou :« moun ki pa renmen pa konnen Bondye » (1 Jn 4, 8). Men
atansyon ! Nou konjige vèb renmen chak jou pou montre tandrès pou fanmi nou,
zanmi nou, manb koral, manb gwoup parèy nou pandan n’ap koupe moun nou pa
rekonèt kout je, yon kout je ki ka koupe souf. Kijan pou nou santi nou satisfè
de travay nou fè si se pwòp lwanj nou n’ap chache ak popilarite ?
LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki fè san mati yo vin tounen semans kretyen yo, tanpri, fè
jaden Legliz ou a Chal ak zanmi l’ yo ki sen wouze ak san yo a vin donnen ba ou
tout tan nan anpil rekòlt. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Pran yon ti tan nan jounen an pou analize tèt nou pou wè
konbyen fwa nou trayi non nou kòm patizan Jezikri.
SI
YO VLE YO KA LI POU JOU SA A:
PREMYE
LEKTI: 2 Makabe 7, 1-2. 9-14.
SÒM
REPONS: Sòm 123, 2-3. 4-5. 7b-8
LEVANJIL: Mt 5, 1-12a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario