Páginas

MÈKREDI 4

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Mwen rekòmande nou bay Bondye, ki gen pouvwa pou l’ bati nou, pou l’ ba nou eritaj la»
LEKTI TRAVAY APOT YO
20, 28-38
Jou sa yo: Pòl t’ap di chèf legliz Efèz yo:
«Fè atansyon nou, ni tout bann mouton an, sa Lespri Sen an enstale nou kòm evèk sou li a pou nou kondui legliz Bondye a, legliz sa a li te reprann ak san l’ nan. Mwen menm mwen konnen lè m’ fin pati gen lou mechan k’ap antre nan pami nou, yo p’ap menaje bann mouton an. Nan nou menm menm gen mesye k’ap leve, k’ap pale pawòl pèvèti, pou yo trennen disip dèyè yo.
Se pousa, nou dwe veye, sonje kijan pandan twazan lannuit kon lajounen mwen pa t’ sispann avèti chak moun nan nou avèk dlo nan je. Koulye a menm mwen rekòmande nou bay Bondye ak pawòl favè l’ la, ki gen pouvwa pou l’ bati nou, pou l’ ba nou eritaj nan pami tout sen yo.
Lajan ak lò oubyen rad pèsòn mwen pa t’ anvi sa, jan nou menm nou konnen an; paske sa m’ te bezwen, ak sila yo ki te avèk mwen an, se men m’ sa yo ki te travay pou sa.Mwen te montre nou tout bagay, se antan n’ap travay konsa pou nou soutni sa k’ fèb yo, pou nou sonje pawòl Granmèt Jezi a ki te di: «Se plis chans pou moun ki bay pase sa k’ resevwa».
Kon l’ fin di sa, li met jenou atè, li lapriyè avèk yo tout. Tout moun t’ap kriye anpil, yo te lage kò yo nan kou Pòl, yo t’ap anbrase l’, yo te gen anpil lapenn pou pawòl li te di a: yo pa t’ap wè figi l’ ankò. Yo kondui l’ jous nan batiman an.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 67, 29-30.33-35a. 3b-36c
R/ Rèy tè yo, chante pou Bondye.
Kòmande, Bondye, ak fòs ou; asire sa, Bondye, sa ou te reyalize nan nou an. Depi nan kay sakre w’ la nan Jerizalèm sr pou wa yo pote kado pou ou.R.
Rèy tè yo, chante pou Bondye, chante kantik pou Granmèt la chante kantik pou Bondye, li menm ki monte anlè syèl la nan direksyon solèy leve; men li leve vwa l’, vwa pouvwa l’. Bay Bondié pouvwa a.R.
Sou Izrayèl grande l’, pouvwa l’ nan nyaj yo. Konpliman pou Bondye.R.
LEVANJIL
«Se pou yo fè yon sèl tankou nou menm!»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
17. 11 b-19
Lè sa a: Jezi leve je l’ nan syèl la, li lapriyè, li di:
«Papa ki sen, konsève yo non ou, sila yo ou te ban mwen an, pou yo kapab fè yon sèl tankou nou menm. Lè m’ te avèk yo a, mwen te konsève yo o non ou. Sila yo ou te ban mwen an, mwen te veye sou yo, pèsòn nan yo pa peri, sof pitit pèdisyon an, pou labib la te kapab reyalize.
Koulye a menm m’ap vin jwenn ou, m’ap di bagay sa yo sou tè a, pou yo kapab gen kè kontan m’ nan ki reyalize nan yo menm. Mwen te ba yo pawòl ou a, tè a rayi yo, paske yo pa fè pati tè a, tankou mwen menm pa fè pati tè a.Mwen pa lapriyè pou ou wete yo sot sou tè a, men pou ou prezève yo sot nan sa k’ mal la. Yo pa fè pati tè a, tankou mwen menm mwen pa fè pati tè a. Fè yo vin sen nan laverite a: pawòl ou a se laverite. Tankou ou te voye m’ sou tè a, mwen menm tou mwen voye yo sou tè a. Mwen konsakre tèt mwen pou yo, pou yo menm tou yo kapab vin sen nan laverite a».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Lekti Pawòl Bondye nou li pou jodi a ap envite nou pran konsyans de responsablite nou genyen, pou nou defann lafwa nou devan ekzijans ak tantansyon lemond. Nan premye moso Labib la, apot Pòl, nan moman li t’ap kite kominote Efèz la, te fè chèf Legliz yo ouvri je yo pou yo kapab konfwonte moun ki pral vin pèvèti pawòl Bondye a, pou yo ka trennen disip dèyè yo; an menm tan tou, bann fo pwofèt k’ap enteprete pawòl Granmèt la jan yo vle. Konsèy sa yo enpòtan pou nou anpil nan tan n’ap viv la, kote nou wè chak jou yon pakèt moun ki pran pòz yo se mèt pawòl Bondye a; pafwa yo menm jije n’, yo kritike n’. Fòk nou kenbe fèm nan lafwa nou; si se pa sa nou ka tonbe nan pyèj, nan koute vwa fo mesaje sa yo, konsa tou nou ka sòti nan vrè wout Granmèt la trase pou nou an.
Yon ti mesaj enpòtan nou dwe retni nan premyè lekti a, se sa apot Pòl te raple kominote a, pou yo sonje pawòl Granmèt Jezi te di a: «Se plis chans pou moun ki bay pase sa k’ resevwa». Fòk nou aprann pataje sa nou genyen ak moun ki pa genyen anyen.
Yon lòt bò, Levanjil la ap kontinye fè nou rèflechi, si vrèman nou se kretyen, menm si nou nan mond lan, nou pa fè pati l’. Se poutèt sa Jezi mande papa l’ pou li pwoteje tout sèvitè l’ yo, pou yo pa tonbe nan tantasyon ni pou yo pa bliye temwaye bòn nouvèl la. Sèlman nou ka viv konsa si nou rete kole sou Granmèt la. Se nan fason sa a n’a kapab viv lafwa nou nan tout sikonstans. Se poutèt sa nou kapab di lapriyè se sèl fòs nou, si nou pa kenbe fèm relasyon sa ak Bondye Papa nou, l’ap enposib pou nou reziste fòs mal la.
LAPRIYÈ: Granmèt ede m’ viv jan ou vle a, pa kitè m’ tonbe nan pyèj mechan, ni pa kite move predikatè pèvèti pawòl ou a nan mwen. Ban m’ fòs pou m’ kapab temwaye Pawòl ou nan mond la, san m’ pa fè pati li.

PWOPOZISYON: Reflechi sou difikilte ak obstak ki anpeche mwen sèvi Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario