Koulè Wouj
Bonifas Ki Sen,
Evèk E Mati
(Memwa)
Premye LekTI
«Ou gen pou ou sèvi temwen a Wòm tou»
LEKTI TRAVAY APOT YO
22, 30; 23,
6-11
Jou sa yo:
Lyetnan an te vle konnen pi byen pouki sa Juif yo te
akize Pòl la, li lage l’, li pase lòd pou fè prèt yo rasanble ak tout tribinal
la; li kondui Pòl, li mete l’ kanpe nan mitan yo.
Pòl menm te konnen gen yon pati se te sadiseyen, lòt la
se te farizyen, li rele byen fò nan tribinal la: «Frè m’ yo mwen se farizyen,
pitit farizyen; se pou esperans ak leve vivan mò yo y’ap jije m’».
Kon
l’ di sa, vin gen divizyon nan pami farizyen yo ak sadiseyen yo; foul la defèt.
Sadiseyen yo di pa gen leve vivan, ni mesaje, ni lespri; farizyen yo menm kwè
nan tou lede. Vin gen yon gran rèl, gen kèk farizyen ki leve, yo diskite, yo
di: «Nou pa jwenn anyen ki mal nan mesye sa a; si se yon lespri ki te pale avèk
li a, oubyen yon mesaje»?
Kòm
diskisyon an t’ap vin pi gran, lyetnan an te pè pou yo pa t’ chire Pòl, li pase
sòlda yo lòd pou yo desann, pou yo pran l’ sot nan mitan yo, pou yo kondui l’
nan prizon an.
Nan
nuit ki suiv la, Granmèt la kanpe kote l’, li di: «Pran kouraj; menm jan ou
sèvi m’ temwen Jerizalèm nan, se konsa tou w’ap sèvi m’ temwen a Wòm».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM
REPONS 15, l-2a e 5.
7-8. 9-10. 11
R/
Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou.
Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou. Mwen di
Granmèt la: «Se Granmèt mwen ou ye, Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen:
se ou menm ki kenbe destine mwen.R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’ entelijans;
menm nannuit ren m’ ban m’ leson. Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout
tan, paske li adwat menm, mwen p’ap tranble.R.
Se pousa kè m’ kontan, tout anndan fon kè m’ap danse;
menm chè m’ poze nan esperans. Paske ou p’ap lage nanm mwen nan lanfè a, ou
p’ap kite sen ou nan wè dekonpozisyon.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo, kè kontan k’ap debòde
avèk fas ou, plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
«Se
pou yo fè yon sèl nèt»!
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 17, 20-26
Lè sa a: Jezi leve je l’ nan syèl la, li lapriyè, li di:
«Papa ki sen, se pa pou yo menm sèlman mwen lapriyè, men
pou sila yo tou k’ap kwè nan mwen gras a pawòl yo a, pou tout moun fè yon sèl,
tankou ou menm, Papa, ou nan mwen, epi mwen nan ou, pou yo menm tou yo fè yon
sèl nan nou, pou tè a kwè se ou menm ki voye m’.
Mwen menm bèlte a ou te ban mwen an, mwen ba yo l’, pou
yo fè yon sèl tankou nou menm nou fè yon sèl la. Mwen menm nan yo, epi ou menm
nan mwen, pou yo fè yon sèl nèt, pou tè a rekonèt se ou menm ki voye m’, epi
mwen renmen yo, tankou ou renmen m’.
Papa, sila yo ou te ban mwen an, mwen vle pou kote m’ ye
a se la yo ye tou avè m’, pou yo wè bèlte m’ nan, sa ou te ban mwen an; paske
ou renmen m’ depi anvan tè a fèt.
Papa ki kòrèk, tè a pa t’ rekonèt ou; mwen menm mwen
konnen ou, epi sila yo rekonèt se ou menm ki voye m’. Mwen fè yo konnen non ou,
m’ap fè yo konnen l’ ankò, pou renmen ou renmen m’ nan, li kapab nan yo, ni
mwen menm nan yo».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Nan tan Pak sa n’ap viv
la, n’ap kontinye reflechi sou Travay Apot yo. Nan pati sa, Pòl ap pase devan
tribinal, nan prezans de gwoup: Farizyen
yo ak Sadiseyen yo. De gwoup sa yo t’ap jije Pòl, men ant yo menm gen yon pwen
yo pa janm dakò avèk li. Pwen sa, se rezireksyon mò yo. Sadiseyen yo pa t’ kwè
ke moun ki mouri te kapab leve, tandiske Farizyen yo, yo menm yo te kwè nan sa.
Pòl pwofite sikonstans sa a pou l’ mete gwoup Farizyen yo an favè l’ avèk
deklarasyon sa a. «Frè m’ yo, mwen se farizyen, pitit farizyen; se pou esperans
ak leve vivan mò yo y’ap jije m’».
Nan menm moman an de pati ki te prezan nan
jijman Pòl la vin divize. Pòl bòykote jijman, li mete mesye yo dozado pandan l’
t’ap bay temwayaj pou Jezi ki resisite byen vivan sot nan pami mò yo.
Nan moso levanjil Sen Jan nou li jodi a,
n’ap reflechi sou dènye priyè Jezi te fè Papa l’ pou disip li yo; se kòm si
Jezi t’ap sevre disip yo, li mande Papa l’ kenbe yo nan linyon pou yo ka rete
soude youn ak lòt, pou mond lan ka kwè se li menm ki voye l’. Lè Jezi priye
avèk ensistans sa a pou linyon nan mitan disip yo, se pou linyon nan mitan
Legliz la li t’ap priye, paske apot yo se poto mitan Legliz la, si pa gen poto,
kay la p’ap kanpe, l’ap tonbe; donk, se chèf relijye yo ki pou bay lamen avan,
se pou yo viv an amoni youn ak lòt.
LAPRIYÈ
: Se pou Bonifas, mati ki sen an, kanpe pou l’ plede kòz nou,
Granmèt, pou lafwa sa a li te anseye ak bouch li a, li te siyen ak san l’ nan,
nou kenbe l’ fèm, nou deklare l’avèk asirans nan aksyon nou yo. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON:
Tout sa n’ap fè nan Legliz la dwe sèvi pou tèt ansanm kapab yon reyalite nan
mitan kominote patizan Jezikri yo.
SI YO VLE YO VA LI POU JOU SA A:
PREMYE
LEKTI: Travay Apot yo 26, 19-23
SÒM
REPONS: Sòm 116, 1. 2
LEVANJIL: Jan 10, 11-16
No hay comentarios:
Publicar un comentario