Páginas

VANDREDI 6

Koulè Blan
[NOBÈ KI SEN, Evèk]
PREMYE LEKTI
«Jezi mouri, Pòl deklare li vivan»
LEKTI TRAVAY APOT YO 25, 13-21
Jou sa yo:
Wa Agripa ak Berenis te desann Sezare pou salye Festis. Kòm yo t’ap pase plizyè jou la, Festis pale ak wa a osijè Pòl, li di:
«Gen yon mesye Feliks kite isit la kòm prizonye; lè m’ te Jerizalèm, chèf prèt yo ak ansyen Juif yo vin jwenn moun, yo mande kondanasyon kont li. Mwen reponn yo, se pa abitid Women yo pou yo kondane yon moun, anvan moun sa a yo akize a, li gen moun ki akize l’ yo ki konparèt, pou l’ gen lokazyon defann tèt li pou l’ demontre akizasyon an pa vre. Lè yo rasanble isit la san reta, mwen pran plas nan landmen nan tribinal la, mwen pase lòd pou yo mennen mesye a. Sila yo ki te akize l’ la, yo kenbe pozisyon yo, men yo pa prezante okenn kòz sou bagay mwen ta konsidere ki mal; se kèk kesyon sipèstisyon yo yo te genyen kont li avèk sou yon sèten Jezi ki mouri, epi Pòl deklare vivan.
Kòm mwen pa wè klè nan kesyon sa a, mwen te mande l’ si l’ ta vle al Jerizalèm pou yo jije l’ laba a sou bagay sa yo.Men Pòl mande pou yo kenbe l’ pou konesans Ogis, mwen pase lòd pou yo kenbe l’, joustan mwen voye l’ bay Seza».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.     
SÒM REPONS 102, 1-2. 11-12. 19-20
R/ Granmèt la pare fotèy li nan syèl la.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen; tout sa k’ anndan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Sèke, otan syèl la wo anlè tè a, kè sansib li debòde sou sila yo ki respekte l’ yo; otan solèy leve lwen ak solèy kouche, li ranvwaye peche nou yo lwen nou.R.
Granmèt la pare fotèy li nan syèl la, rèy li ap kòmande sou tout bagay. Fè konpliman pou Granmèt la, tout mesaje l’ yo, ki gen pouvwa ak fòs pou reyalize pawòl li a.R
LEVANJIL
«Okipe mouton m’ yo, okipe mouton m’ yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 21, 15-19
Lè Jezi te parèt devan disip li yo, li te manje avèk yo a, li di Simon Pyè: «Simon pitit Jan, èske ou renmen m’ plis pase sila yo»? Li di l’: «Wi, Granmèt, ou konnen mwen renmen ou». Li di l’: «Okipe ti mouton m’ yo». Li di l’ ankò «Simon pitit Jan, èske ou renmen m’»? Li di l’: «Wi, Granmèt, ou konnen mwen renmen ou». Li di l’: «Okipe ti mouton m’ yo». Li di l’ pou twazyèm fwa a: «Simon pitit Jan, èske ou renmen m’»? Pyè pran lapenn, paske li te di l’ twazyèm fwa a «Èske ou renmen m’»? Li di l’: «Granmèt, ou konnen tout bagay; ou konnen mwen renmen ou». Li di l’: «Okipe bann mouton m’ yo. An verite, an verite mwen di ou, lè ou te pi jèn, ou te konn mare ren ou, epi w’ale kote ou vle; men lè w’ap vin vye, w’ap lonje men ou, yon lòt ap mare ren ou, l’ap kondui ou kote ou pa vle». Li te di sa pou l’ montre ki kalite lanmò li t’ap sèvi pou l’ fè wè bèlte Bondye. Lè l’ fin di sa, li di l’: «Suiv mwen».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lè ou renmen yon moun, pa gen anyen ou p’ap fè pou li. Se sa pawòl Bondye jodi a ap fè nou konprann, Jezi te renmen Pyè e Pyè te renmen Jezi. Nou di travay yon misyonè se pa bagay ki fasil, men fòk nou pa bliye, nou gen yon rekonpans k’ap tann nou pi devan. Jwif yo te fè mete Pòl nan prizon pou verite li t’ap pale, li t’ap simaye Bòn Nouvèl Jezi ki leve byen vivan an; kòm Jwif yo pa t’ janm kwè nan bagay sa yo, se pou sa yo te arete Pòl mete l’ nan prizon. Paske nan pouvwa Women yo, te gen anpil koripsyon moral, politk, ekonomik ak sosyal. Pòl te sipoze jije, men yo te refize bal jistis. Lè n’ap gade jounen jodi a, sa k’ap pase nan sosyete a, bagay sa yo ekziste toujou. Chèf Women yo pa t’ wè pou ki koz yo kondane Pòl, yo mande l’al Jerizalèm pou yo jije l’ la, paske li pa t’ fè anyen kont Jwif yo. Pòl menm te reponn yo konsa, se nan tribinal Seza mwen ye, se la pou yo jije m’. Nan lavi a se konsa, lè yo pa renmen ou, yo chèche zo nan kalalou, pou yo pwofite fè w’ soufri. Jodi a Legliz la bezwen moun tankou Pòl pou kontinye misyon an; konsa l’a pote fwi. Nan Levanjil la Jezi envite nou pou n’ toujou gen tèt ansanm, pou nou viv nan kominyon, menm jan li te fè ak Apot yo, pou nou gen renmen nan kè nou youn pou lòt. Se sa wi ki misyon Legliz la, le Jezi fi n’ manje ak patizan l’ yo, li poze Pyè kesyon sa a: Simon, èske ou renmen m’ plis pase tout bagay? Simon di l’: «wi Granmèt, ou konnen mwen renmen w’»; Jezi di l: «okipe ti mouton m’ yo», konsa Jezi poze li menm kesyon an pandan twa fwa. Sou twazyèm fwa a Pyè te gen anpil lapenn, paske l’ konnen li te renmen Jezi anpil. Jezi te chwazi l’ pou l’ pran swen mouton l’ yo tankou bon gadyen, yon vrè gadyen ki ofri tèt li tout bon vre nan sèvis kominote a, a la swit Jezi. Se renmen sa a ki fè Jezi te aksepte bay tèt li pou l’ te kab sove nou. Jezi poze Pyè kesyon sa a pou l’ fè l’ sonje li te nye l’ pandan twa fwa, e li te konnen sa k’ t’ap pase nan kè l’; se pou sa li rele l’ pou mete l’ a la tèt mouton yo. Frè ak sè m’ yo, jodi a moun sa yo pa la ankò, se nou menm kretyen batize Jezi remèt travay sa a. Se pou nou gen kouraj, mete nou an aksyon pou n’ fè travay la mache pi devan. Kòm nou p’ap ka rive pou kont nou, ann mande Jezi ba nou fòs Lespri Sen an pou n’ ale jis nan bout.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, mèsi pou rele ou rele m’, ou chwazi m’ pou asosye w’, ou konfye m’ yon misyon, mwen dakò, men tanpri souple pa kite m’ pou kont mwen. Amèn.

PWOPOZISYON:M’ap fè yon eksperyans pèsonèl ak Jezi pou m’ kab sèvi l’ temwen nan kominote kote m’ap viv la, pou lòt yo kab kwè tout bon vre.

No hay comentarios:

Publicar un comentario