Páginas

SAMDI 7

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Li rete a Wòm, l’ap preche rèy Bondye a»
LEKTI TRAVAY APOT YO
28, 16-20. 30-31
Lè nou rive a Wòm, yo pèmèt Pòl rete pou kont li avèk sòlda a ki t’ap veye l’ la. Aprè twazyèm jou a, li rele chèf Juif yo. Lè yo rasanble, li di yo: «Frè m’ yo, mwen pa t’ fè anyen kont pèp la oubyen abitid zansèt yo, Juif yo mare m’, yo renmèt mwen nan men Women yo. Lè Women yo poze m’ kesyon, yo te vle lage m’, paske yo pa t’ jwenn okenn kòz lanmò nan mwen.
Men Juif yo anpeche yo, mwen blije rele Seza, se pa paske mwen gen kichòy pou m’ akize nasyon m’ nan. Se pousa mwen mande wè nou pou m’ pale ak nou; se poutèt esperans Izrayèl la mwen mare ak chenn sa yo».
Li rete dezan antye nan lakay li a; li te konn resevwa tout moun ki te konn vin kote l’; li t’ap preche rèy Bondye a, li t’ap aprann yo sa k’ konsène Granmèt Jezikri avèk asirans, san anpechman.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 10 (Vulg.), 5. 6 e 8
R/ Moun ki kòrèk yo ap wè fas ou, Granmèt.
Granmèt la nan kay sakre l’ la ki sen an, Granmèt la gen fotèy li nan syèl la. Je l’ ap gade sou pòv la, pòpyè l’ ap poze pitit moun yo kesyon.R.
Granmèt la ap poze moun ki kòrèk la ak mechan an kesyon moun ki renmen peche a, li rayi nanm li. Sèke Granmèt la kòrèk, li renmen jistis, moun ki dwat yo ap wè fas li.R.
LEVANJIL
«Se disip sa a ki ekri bagay sa yo, temwayaj li a vre»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 21, 20-25
Lè sa a:
Pyè vire, li wè disip sa a Jezi te renmen an ki t’ap suiv; li menm ki te poze sou lestonmak li nan soupe a, epi ki te di: «Granmèt, kilès k’ap trayi ou la»? Konsa kon Pyè wè l’, li di Jezi: «Granmèt, sila a menm sa k’ap rive l’»? Jezi di l’: «Si m’ vle li rete joustan mwen vini, sa sa fè ou? Ou menm suiv mwen». Bwi sa a kouri nan pami frè yo: disip sa a p’ap mouri. Epoutan Jezi pa t’ di: «Li p’ap mouri», men: «Si m’ vle li rete joustan mwen vini, sa sa fè ou? Se disip sa a ki sèvi temwen sou bagay sa yo, epi ki ekri yo; nou konnen temwayaj li a vre. Gen anpil lòt bagay Jezi fè; si yo ta ekri yo chak, mwen pa kwè tè a ta kapab pran liv yo ta ekri yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Premye lekti a mete nou nan kontèks jijman Apot Pòl. Pou apot la te kab jistifye tèt li devan gwo akizasyon ki te tonbe sou do li, li te mande pou se Seza ki tande l’ epi jije l’. Pòl de vle konvenk Juif yo te jistis pawòl Bondye a. Yo te mete Pòl nan prizon sèlman paske li t’ap bay temwayaj Jezi ki mouri a leve byen vivan. Youn nan leson nou ka tire de Pòl, se fidelite l’, pèseverans li, paske malgre soufrans li, jan yo t’ap pèsekite l’, li pa t’ janm nye non Jezi. Levanjil la gen yon pati ki pa trè fasil pou pran sans li, sèke Pyè mande Jezi kisa k’ ap deveni de Jan, Jezi reponn li kisa li gen pou l’ wè nan sa. Nou k’ab wè gen yon tansyon nan repons Pyè a ak nan repons Jezi, poukisa? Jezi ak disip li yo te fòme yon fanmi, yo te viv tankou frè. Nou kab imajine ke Granmèt la santi te gen yon ti jalouzi ki te manifeste atravè kesyon Pyè a e li reponn li konsa, pou l’ fè l’ konnen ke chak moun gen istwa pa l’, gen relasyon pèsonèl li avèk Bondye. Anpil fwa, nou konn wè gen moun ki pa fin kontan lè li wè yon lòt ap fè jefò pou li soude ak Bondye, ebyen Jezi fè nou konnen ke chak moun gen pou fè pwòp eksperyans pa li epi pou sa ki konsène relasyon yon moun ak Bondye, se Bondye sèl ki pou konnen l’, pèsonn pa kapab antre nan sa.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki ba nou Jezikri, Pitit ou, pou sove nou anba tout kalite mal k’ap ravaje nou,  delivre Legliz ou a anba anba tout tandans egoyis ak jalouzi.Amèn.
PWOPOZISYON: Menm jan ak apot Pòl, m’ap sèvi Bondye temwen nan bon ak nan move moman nan lavi nou.


No hay comentarios:

Publicar un comentario