Páginas

DIMANCH 8

PREMYE LEKTI
«Tout moun vin plen ak Lespri Sen an epi yo kòmanse pale»
LEKTI TRAVAY APOT YO
2, 1-11
Lè jou Lapanntkot yo rive bout, tout moun te ansanm nan menm kote a; san zatann, vin gen yon bwi ki sot nan syèl la tankou bwi van ki rive byen fò, li plen tout kay la, kote yo te chita a. Anpil ti moso lang tankou dife vin parèt sou yo, li chita sou yo chak. Tout moun vin plen ak Lespri Sen an, epi yo kòmanse pale divès lang, daprè sa Lespri Sen an te pèmèt yo pale. Jerizalèm menm te gen Juif yo ki abite peyi a, ni moun relijye ki sot nan tout nasyon ki anba syèl la. Lè vwa a rive, foul la rasanble, lespri yo twouble, paske chak moun t’ap tande nan pwòp lang li sila yo ki t’ap pale yo. Tout moun te sezi, yo t’ap gade, yo t’ap di: «Èske tout mesye sa yo k’ap pale yo, se pa moun Lagalile yo ye?
Konman fè n’ap tande yo nou chak nan lang pa nou, kote nou fèt la ? Part, Mèd, Elamit ak moun ki abite Mezopotami, Lajide, Lakapadòs, Pon ak Lazi, Friji ak Panfili, Lejip ak pati Libi a ki bò Sirèn nan, etranje ki sot a Wòm, Juif tou ak payen ki antre nan relijyon an, Krèt ak Arab, nou tande y’ap pale mèvèy Bondye yo nan lang nou».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 103. lab e 24ac. 29bc-30. 31 e 34
R/ Voye Lespri ou, Granmèt, refè fas tè a.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen : Granmèt Bondye m’, ou gran anpil. Ala anpil travay ou yo anpil, Granmèt : tè a plen ak kreyati ou.R.
Lè ou raple lespri yo, y’ap mouri, se nan pousyè yo y’ap tounen. W’ap voye Lespri ou, y’ap kreye, w’ap refè fas tè a.R.
Se pou bèlte Granmèt la pou tout tan ; se pou Granmèt la kontan nan travay li yo. Se pou pawòl mwen fè l’ plezi, mwen menm menm m’ap kontan nan Granmèt la.R.
DEZYÈM LEKTI
«Se nan yon sèl Lespri nou tout nou batize nan yon sèl kò»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 12, 3b-7. 12-13
Frè m’ yo:
Pèsòn pa kapab di: «Granmèt Jezi», si se pa nan Lespri Sen an. Gen divès kalite favè, men se yon sèl Lespri a. Gen divès kalite sèvis, men se yon sèl Granmèt la. Gen divès kalite aktivite, men se yon sèl Bondye a ki fè tout bagay nan tout moun. Sèlman yo bay chak moun manifestasyon Lespri a pou bezwen an. Sèke menm jan kò a fè yon sèl, men li gen anpil manb, tout manm kò a, malgre yo anpil la, se yon sèl kò yo fè kan menm : se konsa tou pou Jezikri. Reyèlman vre se nan yon sèl Lespri nou tout nou batize pou nou fè yon sèl kò, swa Juif, swa payen, swa esklav, swa moun lib ; epi nou tout se nan yon sèl Lespri a nou pase swaf nou.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
KANTIK :
Vini, Lespri Sen, voye yon reyon limyè ou sot nan syèl la.
Vini, Papa pòv yo, vini, ou menm ki bay kado yo, vini, limyè kè yo.
Ou menm ki konsole nou si byen, ki abite nanm nou avèk dousè ou, frechè ki dous,
Nan travay ou se repo, nan chalè ou se frechè, nan lapenn ou se konsolasyon.
Limyè ki sen anpil, plen fon kè fidèl ou yo.
San pouvwa ou, pa gen anyen nan moun, anyen ki pa pèvèti.
Lave sa k’ sal, wouze sa k’ sèk, geri sa k’ blese.
Asoupli sa k’ rèd, chofe sa k’ glase, drese sa k’ kwochi.
Bay fidèl ou yo ki met konfyans yo nan ou sèt kado sakre yo.
Ankouraje bon kalite nan nou, bay lanmò delivrans ; bay kè kontan tout tan.
LEVANJIL
«Menm jan Papa a voye m’ nan, mwen voye nou : resevwa Lespri Sen an»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 19-23
Lè aswè rive, jou sa a, premye jou semèn nan, tout pòt yo te fèmen, kote disip yo te rasanble poutèt yo te pè Juif yo, Jezi rive, li kanpe nan mitan, li di yo : «Lapè pou nou». Pandan l’ap di sa, li montre yo men yo ak bò kòt la. Disip yo kontan, lè yo wè Granmèt la. Li di yo ankò : «Lapè pou nou. Menm jan Papa a voye m’ nan, mwen menm tou mwen voye nou». Lè l’ fin di sa, li soufle, li di yo: «Resevwa Lespri Sen an. Moun nou renmèt peche yo, peche yo ap renmèt, moun nou kenbe peche yo, y’ap ret kenbe».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Jodi a, n’ap selebre fѐt Lapannkot, ki vle di senkant jou aprè Pak. Jou sa a, premye kominote Legliz la te reyini, yo t’ap priye pandan yo t’ap tann Lespri Sen an. Nou sonje, Jezi, avan l’ te monte nan syѐl, li te pwomѐt apot li yo, li p’ap kite yo ὸfelen. Jou Lapannkot la, pwomѐs Jezi te fè yo te akonpli, li nan mitan yo espirityѐlman.Yo te rete fѐmen nan senak la, paske yo te pѐ jwif yo, se konsa, Lespri Sen an desann epi li poze sou yo chak tankou lang dife. Menm moman an, bon konprann yo vin sou yo epi youn vin konprann lt. Se jou sa a tou Legliz la pran nesans. Patizan Jezi yo te vle kontinye travay levanjelizasyon an, men pou kont yo, yo pa t’ gen ase fs pou gwo travay sa a, pou jan yo te pѐ. Avѐk prezans Lespri Sen an, yo jwenn fason pou yo kontinye pote mesaj la menm jan avѐk Mѐt yo, pwofesѐ yo. Tout inyorans kaba devan kokennchenn prezans sa a. Se la ke gwo antrepriz sa a Jezi te kite nan men Pyѐ avѐk lt apot yo kòmanse. Travay sa a Lespri Sen an fѐ a, se yon travay san parѐy; li bay bon konprann, li wete laperѐz epi menm kote a, li kontinye mete tout moun ki pa t’ dwat nan bon chemen, paske anpil moun ki te kwѐ, te resevwa batѐm jou sa a. Legliz la pran nesans anba mouvans Lespri Sen an; jous jounen jodi a, se menm Lespri sa a ki kontinye ap aji nan nan Legliz la. Se sa k’ fѐ, malgre tout sa yo fѐ, malgre tout sa y’ap di sou Legliz la, nou gen fѐm esperans ke Legliz la ap kanpe jous tan yo rive bout paske li pa anba pouvwa lèzm men anba pouvwa Lespri Sen an. Yon sѐl bagay, nou menm k’ap dirije oubyen ki se manb Legliz, nou dwe gen kѐ nou dispoze pou Lespri Sen an kapab aji vrѐman nan mitan nou, menm jan ak premye kominote kretyen yo, konsa avѐk don sa a ke nou chak nou resevwa, nou va sòti menm jan avѐk apot yo, pou nou kapab mete l’ nan sѐvis lt yo, nan sѐvis kominote nou yo.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki fè tout Legliz ou a vin sen nan tout ras ak nasyon, gras a sakreman fèt jodi a, vide kado Lespri Sen an nan tout lajè tè a, sa ou te reyalize nan kòmansman prèch levanjil la, vide l’ koulye a  nan kè moun ki kwè yo. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Pa rete endiferan avѐk don Lespri sen an depoze nan nou, okontrè sѐvi avѐk yo pou nou fѐ patizan pou Granmѐt la, menm jan avѐk apot yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario