Koulè Vèt
[Efrèm Ki Sen, Dyak E Savan Sakre
Legliz La]
PREMYE LEKTI
«Eli kanpe devan fas Granmèt Bondye Izrayèl la»
LEKTI PREMYE LIV WA YO
17, 1-6
Jou sa yo:
Eli, moun Tisbe a nan rejyon Galaad
la, di Akab konsa: «Sou lavi Granmèt Bondye Izrayèl la, mwen kanpe devan l’
nan, ane sa a p’ap gen ni lawouze ni lapli, sof si m’ pale».
Pawòl Granmèt la rive kote l’, li
di: «Pati sot isit la, al nan direksyon solèy leve, kache bò ravin Karit la, sa
k’ bò larivyè Jouden an; w’a bwè nan ravin nan, mwen pase boustabak yo lòd pou
yo ba ou manje la». Konsa, l’ ale, li aji daprè pawòl Granmèt la. Lè l’ pati,
li chita bò ravin Karit la, ki anfas Jouden an. Boustabak yo te konn pote pen
ak vyann chak maten, menm jan tou pen ak vyann chak swa: li te konn bwè nan
ravin nan.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 120, 1-2. 3-4. 5-6. 7-8
R/ Sekou nou o non Granmèt la, ki fè
syèl la ak tè a.
M’ap leve je m’ nan mòn yo: kote sekou
m’ap sòti?
Sekou m’ap vin sot nan Granmèt la,
ki fè syèl la ak tè a.R.
Li p’ap kite pye ou bite, li p’ap
dòmi, li menm k’ap veye sou ou a.
Gade li p’ap dòmi, li p’ap fèmen je
l’, li menm k’ap veye sou Izrayèl la.R.
Granmèt la ap veye sou ou, Granmèt la
se lonbraj ou, li sou bò men dwat ou. Lajounen solèy p’ap frape ou, ni lalin
pandan lannuit.R.
Granmèt la ap veye sou ou kont tout
malè; Granmèt la ap veye sou nanm ou. Granmèt la ap veye sou antre
ou ak sòti ou, depi koulye a jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
«Se chans pou pòv yo nan lespri a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
5, 1-12
Lè sa a:
Jezi wè foul yo, li monte sou mòn
nan; kon l’ chita, disip li yo pwoche kote l’. Li louvri bouch li, li kòmanse
ba yo lansèyman, li di:
Se chans pou moun ki pòv yo nan
lespri a, paske se pou yo rèy syèl la ye.
Se chans pou moun ki dou yo, paske
se yo menm k’ap posede tè a,
Se chans pou moun k’ap kriye yo,
paske y’ap konsole.
Se chans pou
moun ki grangou, ki swaf jistis la, paske y’ap jwenn kont yo.
Se chans pou moun ki gen kè sansib
yo, paske y’ap jwenn kè sansib.
Se chans pou moun ki gen kè yo nèt,
paske y’ap wè Bondye.
Se chans pou moun k’ap travay
pou lapè a, paske y’ap rele yo pitit Bondye.
Se chans pou moun k’ap soufri
pèsekisyon poutèt jistis la, paske se pou yo rèy syèl la yo.
Se chans pou
nou, lè y’ap madichonnen nou, lè y’ap pèsekite nou, lè y’ap di tout kalite sa
k’ mal kont nou, antan y’ap fè manti, akoz mwen; fè kè nou kontan, danse, paske
rekonpans nou anpil nan syèl la. An verite, se konsa yo te pèsekite pwofèt yo
ki te la anvan nou yo.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou
ou, Granmèt.
REFLEKSYON
« Sekou m’ap vin sot nan
Granmèt la, ki fè syèl la ak tè a» (Sòm 120, 1). Gen anpil kote moun ap viv, pa gen
mwayen pou yo wouze jaden. Poutèt sa, yo oblije tann lapli tonbe, yo oblije
fonksyone selon mouvman sezon yo. Nou menm jwenn kèk zòn kote moun yo pa gen
aksè ak dlo sous, se dlo lapli yo oblije konsome nèt. Konsa, lè lapli pa tonbe
yo fè eksperyans sechrès, yo pèdi jaden, bèt yo mouri swaf dlo. Lè sa a moun yo
pa gen lòt sekou ke Granmèt la. Pwofèt Eli te fè eksperyans sa a, nan moman
sechrès la Bondye te pran swen li. Li te fè li deplase e li te pase boustabak
yo lòd pou pote manje ba li lajounen kou lannuit.
Jounen jodi a, gen anpil moun
ki kontinye ap fè menm eksperyans la tou. Lè tout bagay parèt nwa, lè tout
rekòlt yo pèdi, Bondye pa abandone yo, li toujou pran swen yo. Nan lavi nou,
nou petèt fè eksperyans ki sanble ak kalite eksperyans sa a: Lè mesye ak madanm
pa nan travay, lè lekòl ti moun yo pa kapab peye, lè nou pa gen kòb pou peye
fèm kay, lè nou dwe nou pa ka peye, lè gen yon moun ki malad nou pa kapab
mennen li lopital, elatriye. Nan mitan fènwa dezespwa nou yo limyè mizerikòd
Bondye a toujou klere.
Jodi a, nou li Levanjil Matye
nan chapit senk. Li parèt kòm yon Levanjil trè espesyal ke nou ta kapab rele
Levanjil konsolasyon. Men sitou, konsolasyon pou pòv yo. Jezi wè traka nou, li
konnen tout sa n’ap sibi, tout sa n’ap andire e li envite nou pran kouraj, paske
bagay yo p’ap rete konsa.
Se chans pou moun ki pòv, moun
k’ap kriye, moun ki grangou, moun k’ap sibi pèsekisyon, moun y’ap madichonnen…
Nou konnen Jezi te sibi tout
bagay sa yo; men alafen li te pote laviktwa sou tout paske li te fè Papa li
konfyans epi Papa a pa t’ abandone li. Se konsa tou, si nou menm nou aprann fè
Bondye konfyans, li kapab fè sous lagras li koule nan sechrès lavi nou, li
kapab rezoud tout ti pwoblèm k’ap toumante nou, li ka pote yon lavi tou nèf pou
nou. Men tou li
enpòtan pou nou fè sa nou kapab, paske si nou fè yon pa, Granmèt la va fè
katrevendiznèf pou nou.
LAPRIYÈ: Granmèt
tanpri, fè nou jwenn sekou nan men ou nan sechrès lavi nou. Tanpri fè sous lagras ou a
konble tout mank nou yo. Pa kite nou pèdi lespwa.
PWOPOZISYON: Ki kote mwen chèche sekou lè mwen gen
difikilte?
No hay comentarios:
Publicar un comentario