Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Ja farin nan
pa manke daprè pawòl Granmèt la, sa Eli te di a»
LEKTI PREMYE LIV WA YO 17, 7-16
Jou sa yo:
Ravin nan kote Eli te kache a vin seche; sèke pa t’ gen
lapli sou tè a. Pawòl Granmèt la rive kote l’, li di: «Leve, al nan Sarepta
Sidonyen yo, w’a rete la; mwen pase yon vèv lòd pou l’ nouri ou». Li leve, l’ale
nan Sarepta.
Lè l’al antre nan pòt lavil la, yon vèv parèt devan l’,
l’ap ranmase bwa; li rele l’, li di l’: «Ban m’ ti gout dlo nan yon veso pou m’
bwè». Pandan l’a pral chèche l’, li rele dèyè l’, li di: «Tanpri, pote yon ti
bouche pen nan men ou pou mwen».
Li reponn: «Sou lavi Granmèt Bondye ou la, mwen pa gen
pen, sof yon ti ponyen farin nan yon ja ak yon ti kras luil nan yon poban. Koulye
a menm m’ap ranmase de bout bwa pou m’ antre, m’ap pare l’ pou mwen ak pou
pitit mwen an, pou nou manje, pou nou mouri».
Eli di l’: Pa pè, men ale, fè jan ou di a; sèlman ak
farin sa a menm, kòmanse fè yon ti pen ki kuit anba sann pou mwen, epi pote l’
ban mwen; kanta ou menm ak pitit ou a, w’a fè aprè. Men pawòl Granmèt Bondye
Izrayèl la: «Ja farin nan p’ap manke, poban luil la p’ap bese jous jou Granmèt
la ap bay lapli sou fas tè a».
L’ale, li fè daprè pawòl Eli a; Eli manje, madanm nan
tou, ni kay li; depi lè sa a, ja farin nan pa manke, poban li a pa bese, daprè
pawòl Granmèt la, sa l’ te di pa lantremiz li a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 4, 2-3. 4-5. 7-8
R/ Leve limyè figi ou sou nou tankou yon siy, Granmèt.
Koute m’
pandan m’ap lapriyè, Bondye jistis mwen; nan tray mwen ou degaje m’; pran pitye
pou mwen, koute lapriyè m’. Pitit moun yo, jouskilè n’ap lou nan kè nou? Pouki
sa nou renmen sa k’ pa vo anyen, n’ap chèche pawòl manti? R.
Se pou nou
konnen Granmèt la fè mèvèy pou sen l’ nan; Granmèt la ap koute, lè m’ap rele
kote l’. Fè kòlè, men pa fè peche; pale nan kè nou, sou kabann nou, rete
trankil.R.
Leve limyè
fas ou sou nou tankou yon siy, Granmèt. Ou mete plis kè kontan nan kè m’ pase
lè ble ak diven yo vin anpil.R.
LEVANJIL
«Nou se limyè
tè a»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 13-16
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Nou se sèl tè a. Si sèl la vin fad, ak ki sa y’ap sale
l’? Li pa vo anyen ankò, sof pou yo jete l’ deyò, pou moun pile l’.
Nou se limyè tè a. Yon vil ki poze sou yon mòn pa kapab
kache. Yo pa limen yon lanp, pou yo mete l’ anba mamit; men sou yon etajè, pou l’
klere tout moun ki nan kay la.
Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo wè
bon aksyon nou yo, pou yo fè lwanj pou Papa nou ki nan syèl la».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: «Nou se sèl
tè a. Si sèl la vin fad, ak ki sa y’ap ba li gou? Se sa Granmèt la vle fè nou
sonje jodi a, ki devwa nou kòm kretyen, nou dwe met gou nan lavi n’, nan kote n’ap
viv; sa vle di, kote nou ye, nou temwaye nan pawòl ak aksyon nou ke nou se sèvitè
Bondye, menm jan tou lavi n’ dwe tounen limyè pou klere chemen frè ak sè nou
yo. Ann pran yon ti tan pou nou ekzamine lavi n’, pou wè si n’ap fè devwa nou
tankou kretyen oubyen si reyèlman vre nou se sèl ak limyè nan kote n’ap viv. Misyon
sèl ak limyè a, li pa fasil, paske san sèl pa gen anyen ki gen gou. Kidonk si
nou pèdi misyon nou kòm sèl, mond la p’ap gen gou Bondye. E si nou pèdi misyon
nou kòm limyè, tout bagay ap rete nan fènwa.
Gen anpil fason nou ka montre nou se
sèl ak limyè tè a: nan renmen pwochen n’, nan pataj, nan sèvis, padon; lè nou
prè pou nou kolabore nan kominote a, nan kole zepòl pou lajistis, nan chèche
viv nan kominyon ak Bondye Granmèt, ki rele nou pou puize nan sous lagras
sakreman yo. Se nan sous sa n’ap jwenn enèji k’ap pèmèt nou travay pou yon
sosyete ki miyò, yon sosyete kote tout moun santi li se moun.
Nan premye lekti a, nou wè jan Granmèt
la aji ak moun ki fè volonte l’ yo, nou wè ekzanp sa klè nan lavi Eli, kote
Bondye voye l’ kote yon vèv pou li ka nouri l’ nan tan grangou sa, menm jan tou
Bondye fè ni farin nan, ni luil la pa fini pou yo te ka kontinye nouri lavi yo.
Bondye nou an kapab konble tout vid ki nan lavi
nou. Granmèt la fè
mèvèy, epwi pa gen anyen ki enposib pou li. Pafwa nan difikilte lavi a, nou
konn bliye ke Bondye nou an pwisan, li p’ap janm lage nou, malgre nou wè wout
espwa lwen anpil. Men nou pa dwe dekouraje, paske nou konnen se Bondye malere,
se Bondye moun y’ap pèsekite yo, se Bondye moun y’ap maltrete yo, moun y’ap
derespekte diyite yo. An nou
renouvle lafwa n’ nan Granmèt la ki toujou kanpe avèk nou, nan tout moman lavi
nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, fè m’ tounen sèl ak limyè nan fason m’ap viv,
pa kite m’ dekouraje nan konba lavi a, pou m’ ka viv jan ou vle. Amèn.
PWOPOZISYON: Granmèt, mèsi pou tout mèvèy ou fè nan lavi m’, malgre mwen pa merite sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario