Koulè
Blan
PREMYE LEKTI
«Yo pa t’ kapab reziste sajès la ak
Lespri a ki t’ap pale a».
LEKTI TRAVAY APOT YO
6. 8-15
Jou sa yo, Etyèn te
plen gras ak fòs, li t’ap fè anpil pwodij ak siy nan pèp la. Gen kèk ki leve,
yo te fè pati nan sinagòg sa yo rele Esklav libere yo, Sireneyen yo ak
Aleksandren yo, ak sa ki te nan Silisi ak Lazi yo, yo t’ap diskite avèk Etyèn.
Yo pa t’ kapab reziste sajès la ak Lespri a ki t’ap pale a. Lè sa a yo voye kèk
moun an kachèt pou di yo te tande l’ap di pawòl blasfèm kont Moyiz ak kont
Bondye. Konsa yo soulve pèp la ak ansyen yo ak skrib yo, yo fonse ansanm, yo
sezi l’, yo kondui l’ nan tribinal la. Yo mete fo-temwen ki di: «Mesye sa a pa
sispann pale pawòl kont kote sa a ki sen an ak kont lalwa a. Reyèlman nou tande
l’ap di: «Jezi moun Nazarèt sa a ap detwi kote sa a, l’ap chanje abitid Moyiz
te transmèt nou yo». Yo tout t’ap gade l’ fiks, yo tout ki te chita nan
tribinal la, yo te wè fas li tankou fas yon zanj.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
118, 23-24. 26-27. 29-30
R/Ala kontantman pou moun k’ap mache nan lalwa Granmèt
la.
Oubyen: Alelouya.
Menm si
chèf yo chita, y’ap pale kont mwen, sèvitè ou la ap reflechi sou desizyon ou
yo.Sèke temwayaj ou yo se plezi m’, desizyon ou yo se konsèy mwen.R.
Mwen
deklare chemen m’ yo, ou koute m’; aprann mwen desizyon ou yo. Fè m’ konprann
chemen kòmandman ou yo, m’a reflechi sou mèvèy ou yo.R.
Vire chemen
manti a lwen m’, ban m’ lalwa ou la avèk bon kè ou.
Mwen chwazi
chemen verite a, mwen mete jijman ou yo devan m’.R.
LEVANJIL
«Pa travay
pou manje k’ap peri a, men pou sa a k’ap dire pou lavi tout tan an».
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 22 29
Nan landmen foul la, ki
te kanpe lòt bò lanmè a, li wè lòt batiman an pa t’ la, se yon sèl ki te la,
epi Jezi pa t’ monte sou batiman an avèk disip li yo, men disip li yo te pati
pou kont yo, Gen lòt batiman ki te vin rive sot Tiberyad, bò kote yo te manje
pen an, lè yo te fin rann Granmèt la gras. Lè foul la wè Jezi pa t’ la ni disip
li yo, yo monte nan kannòt yo, yo rive Kafanawòm, y’ap chèche Jezi. Lè yo jwenn
li lòt bò lanmè a, yo di l’: «Rabi, ki lè ou rive isit la»? Jezi reponn yo, li
di: «Amèn, amèn mwen di nou, si n’ap chèche m’, se pa paske nou te wè mirak,
men paske nou te manje nan pen yo epi vant nou te plen. Se pa pou nou travay
pou manje k’ap disparèt la, men se pou nou travay pou manje k’ap dire pou lavi
tout tan an, sa Pitit moun nan ap ba nou an; li menm Bondye Papa a make ak so
l’ la». Yo di l’: «Ki sa pou nou fè pou nou travay travay Bondye yo»? Jezi
reponn, li di yo: «Men travay Bondye a, se pou nou kwè nan sa a li voye a».
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Aprè Jezi
te fin fè gwo mirak miltiplikasyon pen an pou li te bay pakèt foul moun yo
manje, anpil moun pa t’ vle lache li yon may paske yo te wè se yon nèg ke yo pa
t’ dwe lache yon may! Imajine ki enpòtans sa te genyen pou yo te swiv Jezi, yon
nèg ki kapab annik fè yon lapriyè epi tout moun manje vant plen. Jezi te detache patizan
li yo ak foul yo, li voye disip yo ale nan yon batiman pou kont yo epi li wete
kò li. Gen moun ki t’ap chèche li nan zòn kote li te fè mirak la, lè yo
rankontre ak li yo sezi epi yo mande li kijan li fè gen tan rive isit la. Men
Jezi ki te konprann sikoloji moun yo, li te di yo se pa paske yo te wè mirak ki
fè yo t’ap chèche li; men se paske yo te
manje pen vant deboutonnen! Aprè sa Jezi fè yo yon rekòmandasyon, kote li
envite yo travay pou manje k’ap dire pou tout tan an, e manje sa a se Jezi menm
ki bay li. Jezi envite yo travay antan yo kwè nan li menm ki se sila Papa
konsakre a.
Sen Jan ap
prepare nou pou nou resevwa mistè Lekaristi a, ki se yon chemen lafwa. «Men travay Bondye a,
se pou nou kwè nan sa a li voye a». Se lafwa ki fè nou makonnen ak mistè Jezi
ki pote lavi a. Bondye vizite nou, li dyaloge ak nou, li touche nou, kounye a
li vle nou antre nan yon lavi tou nèf, ki se yon lavi nan lanmou. Pou nou viv
lavi Kris la, plonje nan lanmò ak rezireksyon li, pou nou viv renmen li an, nou
bezwen Lespri Sen an. Lafwa nou jwenn akonplisman li nan Jezikri. Bondye se
Renmen ki angaje nou pou tout lavi. Fè tout sa Jezi mande nou, mache sou tras li,
swiv li jous nan rezireksyon an, sa mennen nou nan Lapannkòt la. Se Lespri
Lapannkot la ki te anime Etyèn ki fè li t’ap fè anpil pwodij ak siy nan pèp la,
se menm Lespri sa a ki pou kontinye anime nou jodi a, antan n’ap chèche Pen
Vivan ki sot nan syèl la, Jezikri.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki
montre limyè verite ou la, pou moun ki pèdi wout yo kapab tounen sou chemen an,
fè tout moun ki fè deklarasyon lafwa kretyen an rejte sa k’ lènmi non sa a, pou
yo kole kò yo sou sa ki kòrèk. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Kisa ki dwe motive
mwen swiv Jezi jodi a?
No hay comentarios:
Publicar un comentario