Koulè
Blan
PREMYE LEKTI
«Granmèt Jezi, resevwa lespri m’».
LEKTI TRAVAY APOT YO 7,
51-59
Jou sa yo: Etyèn t’ap
di foul la ak ansyen yo ak skrib yo:
«Tèt di, je ak zòrèy
bouche, tout tan n’ap reziste Espri Sen an; menm jan ak papa nou yo, se konsa
nou ye tou. Kilès nan pwofèt yo papa nou yo pa t’ pèsekite? Yo te touye sa yo
ki te anonse davans sa a ki kòrèk la t’ap vini an, li menm nou te renmèt koulye
a, nou te touye a. Nou menm ki te resevwa lalwa a nan men zanj yo epi nou pa t’
kenbe l’ la». Lè yo tande bagay sa yo, yo t’ap fè kè yo vin di kont li, yo t’ap
sere dan kont li. Li menm li te plen ak Lespri Sen an, li fikse syèl la, li wè
glwa Bondye a ak Jezi ki kanpe adwat Bondye, li di: «Mwen wè syèl yo louvri, ak
Pitit moun nan ki kanpe adwat Bondye». Yo leve vwa yo byen fò, yo fèmen zòrèy
yo, yo fonse ansanm sou li. Yo jete l’ deyò vil la, yo kòmanse kalonnen l’ ak
kout wòch. Temwen yo te depoze rad yo nan pye yon jenòm yo te rele Sòl.Pandan
yo t’ap kalonnen l’ ak kout wòch, Etyèn t’ap lapriyè, li t’ap di: «Granmèt,
resevwa lespri m’». Sòl menm te dakò avèk sa yo ki te touye l’ la.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM
REPONS 30, 3cd-4. 6ab; 7b e 8a. 17
e 21ab
R/
Se nan men ou, Granmèt, mwen renmèt lespri m’.
Oubyen: Alelouya.
Se pou ou sèvi m’ yon
wòch kachèt ak yon kay defans, pou ou kap sove m’. Paske fòs mwen ak kachèt
mwen se ou menm, poutèt non ou w’a kondui m’, w’a swen m’.R.
Se
nan men ou mwen renmèt lespri m’; ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a. Mwen
menm se nan Granmèt la mwen met esperans mwen. M’ap danse, m’ap kontan nan kè sansib ou a.R.
Klere fas ou sou sèvitè ou la. Sove m’ nan kè sansib ou
a.W’a kache yo nan kachèt fas ou a devan tranzaksyon lèzòm.R.
LEVANJIL
«Se pa Moyiz, men se Papa m’ ki bay
pen ki sot nan syèl la».
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 30-35
Lè sa a: foul la di
Jezi:
«Ki siy ou fè, pou nou
wè, pou nou kwè nan ou? Ki sa ou fè? Papa nou yo te manje mán nan dezè a, jan
sa ekri a: «Li ba yo pen sot nan syèl la pou yo manje». Jezi di yo: «Amèn, amèn
mwen di nou, se pa Moyiz ki te ba nou pen sot nan syèl la, men se Papa m’ ki ba
nou pen ki sot nan syèl la, veritab pen an. Pen Bondye a se sa a ki desann sot
nan syèl la epi ki bay tè a lavi a». Yo di l’: «Granmèt, toujou ba nou pen sa
a». Jezi di yo: «Mwen menm mwen se pen lavi a; moun ki vin jwenn mwen p’ap
grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Zanmi Jezi yo, jodi a litiji pawòl Bondye a ap envite
nou fikse atansyon nou sou materyalizasyon mistè renmen enfini Bondye pou
limanite. Kalite renmen sa a, se nan Jezi nou dekouvri li, li menm ki ba nou
pwòp chè li ak pwòp san li nan mistè sakreman Lekaristi a. Li di nou «mwen se
pen lavi a; moun ki vin jwenn mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm
swaf». Si Lespri Bondye pa louvri je entelijans nou pou nou konprann pawòl sa,
nou p’ap janm rive konprann li. Li byen klè ke, malgre nou kwè nan Jezikri, nou
resevwa lakominyon nan lamès, men sa pa anpeche nou grangou. Pafwa nou tèlman
grangou, sa fè menm kanpe nou pa ka kanpe, tankou pwovèb la di li: Sak vid pa
kanpe!
Lè Moyiz te nan dezè a
ak pèp Izrayèl, pèp la t’ap babye li t’ap bougonnen, paske li te grangou, li te
swaf, li te fatige, li te dekouraje, li te dezespere. Li te menm fè Moyiz
repwòch, kote li te di li pito li te kite li nan peyi Lejip. Men lè Moyiz te
pale ak Bondye, li te fè yon manje espesyal tonbe pou li, se sa yo rele lamán
nan; menm jan an tou, Bondye te fè yon sous dlo eklate pou pèp la nan dezè a.
Jounen jodi a, Jezi ap
di nou manje li ba nou an, li pa konparab ak lamán nan, paske lamán nan se te
yon manje ki te pase grangou pou yo ti tan epi se kò a sèlman li te soutni. Men
nouvo sous dlo sa nou gen pou pase swaf nou jodi a, se san Jezi, ki se lank ki
siyen papye nouvo kontra Bondye pase ak nou an. Se yon kontra ki baze sou
renmen ak mizerikòd, jistis ak lapè. Nouriti Jezi ba nou, se pou soutni kò nou,
men sitou nanm nou, se gras a li menm ki fè tout dezi nou yo, tout vid nou gen
nan lavi nou kapab rive konble.
An nou fikse zye nou
sou Jezi ki byen vivan nan Sakreman Lekaristi a, li menm ki gran men ki fè li
tou piti; ann kontanple vizaj Renmen an. Ann kite reyon limyè li klere fènwa
ekzistans nou; ann kite sous dlo li a pase swaf nou.An nou di Jezi mwen renmen
w’, mwen adore ou, epi an nou montre li sa antan n’ap bese pou nou lave pye lòt
yo, pou nou sèvi yo san nou p’ap chèche enterè pèsonèl.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri fè
nou antre nan mistè Jezi, Pen ki bay lavi a.
PWOPOZISYON: Pran kèk minit nan
jounen an pou kontanple, adore Jezi nan Sen Sakreman an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario