Koulè
Blan
PREMYE LEKTI
«Yo t’ap travèse antan y’ap anonse
pawòl Bondye»
LEKTI
TRAVAY APOT YO
8,1-8
Jou sa yo vin gen yon
gran pèsekisyon kont Legliz la ki te Jerizalèm nan; tout moun te gaye nan
rejyon Jide ak Samari a sof Apot yo. Gen moun ki krenn Bondye ki okipe Etyèn,
yo fè gran dèy sou li. Sòl menm t’ap ravaje Legliz la; li t’ap antre nan kay
yo, li t’ap mete ni gason ni fi deyò, li t’ap mennen yo nan prizon. Konsa sa yo
ki te gaye yo, yo t’ap travèse ap pote bòn nouvèl pawòl Bondye a. Filip desann
nan yon vil Samari, li t’ap bay moun yo ansèyman sou Jezikri. Foul moun yo te
fikse lide yo sou sa Filip t’ap di, yo tout t’ap koute, yo te wè siy yo li te
fè yo. Sèke anpil nan sa yo ki te gen lespri papwòp yo, yo te sòti, antan y’ap
rele byen fò; anpil moun ki pa t’ kapab fè mouvman, ki te enfim, yo te vin
geri. Te vin gen gran kè kontan nan vil sa a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM
REPONS 65, l-3a. 4-5. 6-7a
R/ Bat bravo pou Bondye, tout tè a.
Oubyen: Alelouya.
Bat bravo
pou Bondye, tout tè a, chante glwa non l’, fè lwanj li.
Di Bondye: «A la respè
travay ou yo merite.R.
Tout tè a
ap adore ou, l’ap chante pou ou, l’ap chante pou non ou».
Vini, n’a
wè travay Bondye yo, li merite respè nan aksyon li fè pou pitit moun yo.R.
Li fè lanmè
a vin tounen tè sèk, y’ap pase rivyè a apye; n’ap kontan nan li kote sa a. Li
menm k’ap kòmande nan pouvwa l’ pou tout tan. R.
LEVANJIL
«Sa a, se
volonte Papa a, pou tout moun ki wè Pitit la, li gen lavi tout tan an».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 35 40
Lè sa a: Jezi di foul
yo:
«Mwen menm mwen se pen
lavi a; moun ki vin jwenn mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm
swaf. Men mwen te di nou, nou wè m’, epi nou pa kwè. Tout sa Papa a ban mwen,
l’ap vin jwenn mwen; moun ki vin jwenn mwen, mwen p’ap jete l’ deyò; paske mwen
pa desann sot nan syèl la pou m’ fè volonte pa m’, men volonte sa a ki voye m’
nan. Men volonte sa a ki voye m’ nan, Papa a, sèke tout sa l’ ban mwen, pou m’
pa pèdi anyen nan yo, men pou m’ fè l’ resisite nan dènye jou a. Sa a se
volonte Papa m’ nan ki voye m’ nan, pou tout moun ki wè Pitit la, epi ki kwè
nan li, jwenn lavi tout tan an; mwen menm m’ap fè l’ resisite nan dènye jou a».
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:Premye moso
labib nou sot li nan liv travay Apot yo pale nou de kòmansman pèsekisyon kont
Legliz la aprè lanmò Jezi. Youn
nan prensipal aktè yo, se te sila yo te rele Sòl. Kilès li te ye? Se te yon
jwif ki te fèt nan peyi Tas, nan Azi Minè, li te gen anpil konesans sou lalwa
Moyiz la, depi l’ piti li t’ap etidye l’, li te elèv yon gran pwofesè nan tan
sa ki te rele Gamalyèl; li te yon save nan lang grèk la. Li te fè pati gwoup
farizyen yo. Pèsekisyon kont Kretyen yo te vin pran plis jarèt lè Sòl, li menm
pèsonèlman te pran angajman pou rapouswiv tout moun ki te deklare yo kwè nan
Jezi. Sòl te la lè yo t’ap touye Etyèn ak kout wòch la, se nan pye l’ moun ki
te asasinen Etyèn yo te kite rad yo te retire sou yo pou kalonnen l’.Se Sòl
menm ki t’ap antre lakay kretyen yo, trennen yo nan prizon fi kou gason. Pa t’
gen mwayen pou yo te chape anba Sòl si yo pa t’ sove kite peyi a. Men
pèsekisyon sa te pèmèt moun ki t’ap kouri sove yo gaye Bòn Nouvèl la tout kote
yo te rive.Nou gen pou nou li pi devan fason Bondye pral sèvi ak pèsekitè sa a,
jan l’ pra l’ fè l’ tounen youn nan pi gran apot k’ap anonse levanjil Jezikri
a. Nan levanjil la, Jezi di nou «Mwen menm mwen se pen lavi a; moun ki vin
jwenn mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf». Pa t’ap gen pi
bon manje ke manje ki pa ta janm fini, paske nou pa t’ap janm grangou. E Jodi a
Jezi bay tèt li kòm manje ki p’ap janm fini an, kòm bwason ki pase swaf pou
tout tan. Poukisa dèfwa nou meprize l’, nou refize pran l’ ? Jezi ba nou l’avèk
anpil tandrès, anpil sakrifis. Manje sa a se pwòp kò li, bwason sa se pwòp san li;
se remèd pou maladi nou, se lajwa nou nan moman chagren, se repo nan fatig nou;
se menm Bondye k’ap lonje pran nou nan tout kalite mal kote nou antere tèt nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, ak pawòl
delivrans ou yo, ak sakrifis ou sou lakwa, jodi a nou k’ab di ke nou vivan, nou
kapab gen lespwa. Mèsi pou manje sa a, mèsi paske ou te bay tèt ou pou nou kab
gen lavi.
PWOPOZISYON: Pran
desizyon al jwenn Jezi jodi a epi depoze tout bagay nan men li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario