Koulè Blan
PREMYE
LEKTI
«Si ou kwè
ak tout kè ou, ou kapab batize».
LEKTI TRAVAY APOT YO 8,26-40
Jou sa yo:
Zanj Granmèt la pale ak
Filip, li di:
«Leve, al nan sid, sou
wout ki desann sot Jerizalèm al Gaza a: li pa gen pèsòn. Li leve, 1’ale.
Te gen yon mesye
Etyopi, yon minis Kandas, rèn Etyopi a, li te gen gwo pouvwa, se li menm ki te
responsab tout richès li yo, li te vin adore Jerizalèm.
Pandan l’ap tounen, li
te chita nan charyo li, l’ap li pwofèt Izayi. Lespri a di
Filip: «Pwoche, rive kot charyo sa a». Filip pwoche, li tande l’ap li pwofèt
Izayi a; li di: «Èske ou kwè ou konprann sa ou ap li a»? Li di:
«Epi,
kijan mwen ta kapab, si pèsòn pa montre m’»? Li mande Filip pou l’ monte, pou
l’ chita avèk li. Pasaj sa k’ ekri a li t’ap li a, men li: «Tankou yon mouton
yo kondui labatwa, tankou yon mouton devan moun k’ap koupe lenn li, san vwa, se
konsa li pa louvri bouch li. Yo rabese l’, yo wete jijman l’. Ras li, ki moun
k’ap rakonte l’? paske yo wete lavi l’ sot sou tè a». Minis la pran lapawòl, li
di Filip: «Tanpri, osijè ki moun pwofèt la ap di sa a? Èske se osijè pwòp tèt
pa l’ oubyen osijè yon lòt»? Filip ouvri bouch li, li kòmanse depi nan pasaj sa
k’ ekri la a, li ba l’ bòn nouvèl Jezi a.
Pandan yo t’ap vwayaje
sou wout la, yo rive nan yon dlo, li di minis la: «Men dlo; ki sa k’ anpeche m’
batize»? Filip di:
«Si ou kwè
ak tout kè ou, ou kapab». Li
reponn, li di:
«Mwen kwè Jezikri se
Pitit Bondye». Li pase lòd pou yo fè rete charyo a. Yo tou le de desann nan dlo
a, ni Filip, ni minis la, li batize l’. Pandan y’ap monte sot nan dlo a, Lespri
Granmèt la sezi Filip, minis la pa wè l’ ankò; li kontinye wout li ak kè
kontan. Filip menm rive Azòt, li travèse, l’ap bay bòn nouvèl la nan tout vil
yo, joustan li rive Sezare.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
65, 8-9. 16-17. 20
R/ Bat bravo pou Bondye, tout tè a.
Oubyen: Alelouya.
Fè
konpliman pou Bondye nou, nasyon yo, fè tande vwa lwanj li;
li menm ki
mete nanm nou nan lavi, ki pa kite pye nou frape.R.
Vini,
koute, nou tout ki krenn Bondye, m’ap rakonte tout sa l’ fè pou nam mwen. Se
kote l’ mwen rele ak bouch mwen, mwen fè lwanj li ak lang mwen.R.
Konpliman
pou Bondye, ki pa meprize priyè m’, li pa wete kè sansib li sot sou mwen.R.
LEVANJIL
«Mwen se pen vivan an, ki desann
sot nan syèl la».
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 44-52
Lè sa a: Jezi di foul
yo:
«Pèsòn pa kapab vin
jwenn mwen, si Papa a ki voye m’ nan pa rale l’; epi mwen menm m’ap fè l’
resisite l’ nan dènye jou a. Men sa ki ekri nan pwofèt yo: «Yo tout ap jwenn
ansèyman nan men Bondye».
Tout moun
ki koute Papa a epi ki kite l’ ba l’ ansèyman, l’ap vin jwenn mwen.
Se pa paske
gen moun ki wè Papa a, sof sa a ki sot nan Bondye a, se li menm ki wè Papa a.
Amèn, amèn mwen di nou, moun ki kwè nan mwen, li gen lavi tout tan an.
Mwen se pen lavi a.
Papa nou yo te manje
mán nan dezè a, yo mouri; sa a se pen ki desann sot nan syèl la, pou si yon
moun manje ladan l’, li pa mouri.
Mwen se pen vivan an ki
desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l’ap viv tout tan, epi
pen an m’ap bay la, se kò m’ pou lavi tè a».
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Premye lekti a pale nou sou eksperyans levanjelizasyon
apot Filip ak minis trezò rèn Etyopi a ki t’ap sòti Jerizalèm nan pelerinaj
tounen lakay li. Apot Filip, se moun rejyon Betsayida, se te senkyèm apot Jezi
te chwazi, se li menm ki te fè Natanayèl rekonèt Jezi, se li menm nan miltiplikasyon
pen yo Jezi te rele l’ mande l’ konbyen pen ki te genyen, se li menm ki te di
Jezi nan dènye repa (soupe Granmèt la): «Montre nou Papa a e sa ap sifi pou
nou». Depi
nan kòmansman misyon Jezi Filip te prezan. Jodi a nou li ke Lespri a mennen li
sou wout yon mesye ki t’al chèche Bondye Jerizalem, li t’ap li yon pawòl, men
li pa t’ konprann li. Apot la eksplike l’ mesaj ki gen nan pawòl l’ap li yo, li
pale li de Jezi ki se Mouton Bondye a yo te touye a, se li menm ki te leve
vivan sòti pami mò yo. Sètènman li eksplike l’ lavi Jezi depi nan kòmansman
rive jis nan aparisyon l’ yo aprè li te leve pami mò yo. Kòm konsekans, minis
la deside resevwa batèm. Nou menm tout pafwa nou konn ap li yon pati nan Labib
la e nou pa konprann li, nan moman sa yo, li toujou bon pou nou chèche konkou
yon lòt moun, se pou sa tou li bon pou nou reyini an kominote pou n’ pataje
pawòl Bondye a. Moso levanjil sa a ap kontinye diskou Jezi a. Sa ki bèl nan
diskou sa, sa ki fè diskou sa a diferan, sèke Jezi ap pale de tèt li, men nan
tout sa l’ap di, li fè referans ak Papa
l’. Se Papa l’ ki voye l’. Moun ki koute l’, se Papa a li koute. Moun ki kwè
nan li, li kwè nan Papa a, e l’ap viv pou tout tan.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout
pouvwa, ki ekziste tout tan, fè nou santi bon kè ou pi plis nan jou sa yo, kote
nou konnen l’ pi byen gras a favè ou la, pou sa yo ou fin delivre sot nan fènwa
move chemen an, ou fè yo kole kò yo pi fèm nan ansèyman verite ou la. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON:
Nan premye lekti a, apot Filip eksplike minis Etyopi a pawòl Bòn Nouvèl la, e
nonm nan te ouvri kè l’, li te resevwa mesaj la si tèlman byen, li te mande
batize. Nou menm tou jodi a, an nou ouvri
kè nou kite Pawòl la Bondye a penetre nan lavi nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario