Páginas

VANDREDI 9

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Ou se yon veso mwen chwazi pou l’ pote non m’ devan nasyon yo».
LEKTI TRAVAY APOT YO
9, 1-20
Jou sa yo:
Sòl t’ap respire menas ak kou toujou kont disip Granmèt yo, li prezante devan chèf prèt yo, li mande l’ lèt pou Damas nan sinagòg yo, pou, si l’ jwenn kèk moun k’ap suiv wout sa a, gason kon fi, li kondui yo prizonye Jerizalèm.
Pandan li t’ap vwayaje, li te prèske rive Damas.Yon moman, yon limyè sot nan syèl la li antoure l’; li tonbe atè a, li tande yon vwa k’ap di l’: «Sòl, Sòl, pouki sa w’ap pèsekite m’ nan»?
Li di: «Kilès ou ye, Granmèt»?
Li menm li di: «Mwen se Jezi, sa a w’ap pèsekite a; sa rèd pou ou, pou ou ap voye pye kont fwenn nan».
Li tranble, li sezi, li di: «Granmèt, ki sa ou vle pou m’ fè»?
Granmèt la di l’: «Leve, antre nan vil la, la a y’a di ou ki sa ou gen pou ou fè».
Mesye yo ki t’ap vwayaje ansanm avèk li yo, yo te kanpe, yo te sezi lè yo tande vwa a, men yo pa wè pèsòn. Sòl menm leve sot atè a; li louvri je l’, men li pa wè anyen.Yo kondui l’ nan men, yo fè l’ antre Damas.Li ret la twa jou san l’ pa wè, san l’ pa manje, san l’ pa bwè.
Te gen yon disip nan Damas yo te rele Ananyas; Granmèt la di l’ nan vizyon: «Ananyas»!
Li di: «Men mwen, Granmèt».
Granmèt la di l’: «Leve, al nan ri yo rele Dwat la, chèche nan kay Jid la yon moun Tas yo rele Sòl. Men l’ap lapriyè». (Li wè yon moun yo rele Ananyas k’ap antre epi k’ap poze men sou li, pou l’ kapab wè ankò).
Ananyas reponn: «Granmèt, mwen te tande anpil moun rakonte sa mesye sa a fè, konbyen mal li fè sen ou yo nan Jerizalèm; epi isit la li gen pouvwa nan men chèf prèt yo pou l’ mare tout moun k’ap rele non ou».
Granmèt la di l’: «Ale, paske se yon veso mwen chwazi, pou l’ pote non m’ devan nasyon yo, ak wa yo, ak pitit Izrayèl yo. Mwen menm m’ap montre l’ tout sa l’ gen pou l’ sibi pou non m’».
Ananyas ale, li antre nan kay la, li poze men sou li, li di: «Sòl frè m’, Granmèt Jezi voye m’, li menm ki te parèt devan ou sou wout la kote ou t’ap vini an, pou ou kapab wè, pou ou plen ak Lespri Sen an». Menm lè a se tankou kal ki sot tonbe nan je l’, li vin wè ankò, li leve, li resevwa batèm. Lè l’ pran manje, li vin gen fòs.
Li rete kèk jou avèk disip yo ki te Damas yo. Menm lè a nan sinagòg yo li t’ap preche Jezi se Pitit Bondye.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 116, 1. 2
R/ Ale sou tout tè a, preche bòn nouvèl la.
Oubyen: Alelouya.
Fè lwanj Granmèt la, tout nasyon yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R.
Paske kè sansib li asire sou nou, verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
LEVANJIL
«Chè m’ se yon manje tout bon vre, san m’ se yon bwason tout bon vre».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 53- 60
Lè sa a:
Jwif yo t’ap diskite antre yo, yo t’ap di: «Kijan sa a kapab ba nou chè l’ pou nou manje»?
Jezi di yo:
«Amèn, amèn mwen di nou, si nou pa manje chè Pitit moun nan, si nou pa bwè san l’, nou p’ap gen lavi nan nou.Moun ki manje chè m’, ki bwè san m’, li gen lavi ki p’ap janm fini an: mwen menm m’ap resisite l’ nan dènye jou a.
Kò m’ se yon manje tout bon vre, san m’ se yon bwason tout bon vre.Moun ki manje chè m’, ki bwè san m’, li ret nan mwen, mwen menm nan li.
Menm jan Papa a ki vivan an voye m’ nan, epi mwen viv akoz Papa a; konsa tou moun ki manje m’, l’ap viv akoz mwen tou. Sa a se pen an ki desann sot nan syèl la. Se pa tankou zansèt nou yo ki te manje mán nan, epi ki te mouri yo.Moun ki manje pen sa a l’ap viv pou tout tan».Li di sa nan sinagòg la antan l’ap bay ansèyman nan Kafanawòm.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Zanmi m’ yo, frè ak sè m’ yo, Pòl ap envite n’ poze Jezi kesyon sa a chak jou nan lavi nou, epi koute repons l’ap ba nou: kilès ou ye Granmèt?  -«Mwen se Jezi w’ap pèsekite a.»  Pòl pa t’ gen okenn lòt lide nan tèt li, sèlman menase kretyen yo epi touye yo. Tout moun ki te patizan chemen Laverite a, fi kou gason te gen pou pase.Yon kretyen k’ap swiv chemen Jezi, se pa yon bagay ki fasil, men se yon misyon. Sòl t’al kote prèt an chèf la pou l’ mande l’ yon lèt otorizasyon pou l’ t’al nan Sinagòg vil Damas pou si tout fwa li ta rankontre kèk patizan Jezi pou l’ mete yo anba kòd: Se konsa li te tou pre vil Damas, lè yon limyè te sòti nan syèl la sanzatann klere li epi li te tande yon vwa, menm moman an li te tonbe plat atè; li pa t’ konprann si se te vwa Granmèt la ki t’ap pale avèk li. Kidonk, nou konprann nan tout demach, se Jezi li menm ki toujou fè premye pa pou l’ vin rankontre nou, menm jan li te fè premye pa a pou l’ t’al rankontre Sòl pou l’ te kab tounen yon Apot. Sòl pase twa jou nan fènwa, li te avèg, san manje ni bwè; tout sa fè nou sonje Jezi ki te mouri epi ki leve byen vivan sou twazyèm jou a. Tout sa ede nou konprann ke konvèsyon se yon chanjman, sòti nan lanmò al nan lavi. Pòl te chanje vizyon, se yon senbòl ki montre nou kòman nou dwe chanje vizyon pou nou wè daprè vizyon Jezikri. Jezi te chwazi nèg sa tankou zouti pou l’ pote non l’ nan tout nasyon: plan Bondye se pa plan lèzom; li montre Pòl pwogram misyon li. Wi, Sòl tounen Apot Jezikri, epi temwayaj li a ap lakòz anpil soufrans.
Nou kapab konprann byen, depi yon moun rankontre ak Jezi, li pa kapab rete menm moun li te ye avan an, se tout lavi l’ ki vin transfòme, pou l’ gen fòs swiv Jezi avèk anpil sakrifis. Jodi a, nan tan n’ap viv la, nou dwe aprann fè sakrifis nan ofri tèt nou pou lòt yo, puiske Kris la ba nou ekzanp lan, an nou swiv li.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki gen tout pouvwa, n’ap lapriyè ou; nou rekonèt gras Granmèt la ba nou, nan rezireksyon an. Nou menm tou, fè nou leve nan yon lavi tou nèf, gras a Lespri Sen an ki renmen nou an.Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap chèche idantifye tout sa ki anpeche m’ rankontre ak Jezi pou m’ kab swiv li tout bon vre.


No hay comentarios:

Publicar un comentario