Koulè Blan
JEZIKRI,
GRAN PRÈT KI LA POU TOUT TAN AN
(FÈT)
PREMYE LEKTI
LIV LAJENÈZ
14,14-20
Mèlkisedèk menm ki te wa peyi Salèm fè pote pen
ak diven vini. Se yon prèt
ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la li te ye. Li beni Abram, li di. Se pou
Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, beni Abram. Lwanj
pou Bondye ki anwo nan syèl la. Se li menm ki te lage lènmi ou yo nan men ou.
Apre sa, Abram ba li yon dizyèm nan tout sa li te pran.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 109, 1. 2. 3. 4
R/ Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk.
Granmèt la di Granmèt mwen :«Chita adwat mwen»,
joustan mwen plase lènmi ou yo kòm eskalye pye ou».R.
Baton pouvwa ou,
Granmèt la voye l’ sot nan Siyon: kòmande nan mitan lènmi ou yo.R.
Pouvwa ou avèk ou jou fòs ou a, nan belté ki sin yo, nan vant granmaten tankou lawouze mwen anfante ou.R.
Granmèt la fè sèman, li p’ap regrèt li: «Ou se prèt pou
tout tan daprè ran Mèlkisedèk.R.
DEZYÈM LEKTI
«Chak fwa n’ap
manje, n’ap bwè, se lanmò Granmèt la n’ap anonse»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN
POU KORENTYEN YO 11, 23-26
Frè m’ yo:
Mwen resevwa nan men Granmèt la
sa m’ te transmèt nou an, sèke Granmèt Jezi nan nuit yo te renmèt li a, li pran
pen, li di Bondye mèsi, li kase l’ li di: «Pran, manje sa a se kò mwen, yo bay
pou nou an; fè sa pou nou fè sonje mwen». Menmjan an tou pou kalis la, aprè l’
fin manje, li di: «Kalis sa a se nouvo kontra a nan San mwen; fè sa, chak fwa n’ap
bwè l’, pou nou fè sonje mwen».
Reyèlman vre chak fwa n’ap manje
pen sa a, n’ap bwè kalis sa a, se lanmò Granmèt la n’ap anonse joustan li vini.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
« Tout moun manje vant
plen»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 11-17
Jezi resevwa foul yo, li pale yo sou peyi kote Bondye
Wa a, li geri tout moun ki te malad. Lè solèy kòmanse
kouche, douz disip yo pwoche bò kot Jezi, yo di li: Voye moun yo ale pou yo ka
achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinaj la;
paske isit la nou nan mitan yon dezè. Jezi di yo: Poukisa nou pa ba yo manje pito! Men, yo reponn:
Nou gen senk pen ak de pwason sèlman. Ou ta vle pou n’ al achte manje pou n'
bay tout pèp sa a? (Te gen senk mil (5.000) gason konsa.) Jezi di disip li yo: Fè yo chita
pa ranje senkant konsa. Disip yo koute l’,
yo fè tout moun chita. Jezi pran senk pen
ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi pou manje a. Aprè
sa, li separe l’, li renmèt li bay disip yo pou mache bay foul moun yo. Tout moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase
douz panyen plen moso ki te rete.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap fete Jezikri antan ke Gran
Prèt ki la pou tout tan. Se yon fèt ki envite nou reflechi sou tout sakrifis ki
te fèt avan Jezikri, avèk Jezikri epi aprè Jezikri. Men tou li enpòtan pou nou
sonje kisa yon prèt ye epi ki wòl li.
Nan lansyen Testaman, te gen prèt ki te la pou ofri sakrifs bay
Bondye. Sakrifis yo te konn ofri se te sakrifis bèt (mouton oubyen kabrit…). Se
te yon sakrifis pou mande Bondye padon pou peche. Gen twa eleman fondamantal ki
antre nan kad yon sakrifis: Prèt, otèl ak viktim. Prèt la se moun ke Bondye te
mete apa pou sèvis li; lotèl la, se espas yo prepare pou sakrifye ti mouton an,
epi viktim nan se bèt y’ap sakrifye a. Kidonk, pou yon moun te jwenn padon pou
peche li, li te oblije gen yon bèt pou li sakrifye. Sa a se te nan Ansyen
Kontra. Youn nan sakrifis nou jwenn nan ansyen Kontra a, se sakrifis Abraam
nan, lè li te prepare tout bagay pou li te sakrifye Izaak pou li te fè Bondye
plezi.
Men nan Nouvo Kontra, bagay yo pral chanje. Paske Bondye voye sèl
grenn pitit li a pou tout moun te ka jwenn padon pou peche yo ak posibilite pou
yo viv nan Bondye. Sakrifis Jezi ofri kòm Gran Prèt pou fè Bondye plezi, se
sakrifis pwòp tèt li sou lotèl lakwa a, epi chak jou nan lamès, kote se Jezi
menm ki kontinye ofri pwòp tèt li atravè prèt yo kòm yon ofrann agreab ki fè
Bondye Papa a plezi. Sakrifis sa a vin tounen yon nouriti pou kò
nou, men sitou pou nanm nou. Se pa sèlman nan Jedi Sen an, men se chak jou Jezi,
Gran Prèt ki la pou tout tan an, kontinye ap envite nou patisipe nan bèl repa
sa a: «Pran, manje sa a se kò mwen,
yo bay pou nou an; fè sa pou nou fè sonje mwen»; «Kalis sa a se nouvo kontra a
nan San mwen; fè sa, chak fwa n’ap bwè l’, pou nou fè sonje mwen». Lekaristi a,
se yon mistè lafwa ak renmen. Sen Jan ap fè nou konprann sa trè byen, san
difikilte, lè li di:« Jezi te konnen lè a te rive pou l' te kite tè sa
a, pou li al jwenn Papa a. Li pa t' manke renmen moun pa l' yo ki te nan
lemonn. Li te renmen yo nèt ale. » (Jan 13, 1). Se nan enstitisyon
sakreman Lekaristi a nou dekouvri santiman Jezi genyen kòm Prèt ak Gadyen nou.
Nèt ale! Jiska lafen!
Jous nan dènye bout! Se yon renmen ki pouse li bay tout bagay pou tout moun,
pou li kapab rete tout tan bò kote tout moun. Renmen li an, se pa pou apot yo
sèlman; men se pou tout limanite. Lekaristi, se mwayen ki pèmèt Jezi pote
konsolasyon pou nou, tout kote, toutan. Li te pwomèt li t’ap voye yon «lòt»
konsolatè, yon «lòt» defansè pou nou. Li te di yon «LÒT», paske li menm menm, Jezi-Lekaristi, se premye
konsolatè nou.
Nou tout ki batize, nou patisipe nan misyon sasèdotal Jezi a, pou nou
kapab ofri Bondye Papa pwòp tèt nou ansanm ak reyalite mond nou an. An retou li
konble nou ak lagras li pou nou kapab lite nan fè sa ki byen antan n’ap lite
kont Satan, ki se lènmi Bondye ak lènmi limanite.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ak konkou Lespri Sen
an, ede mwen ranpli bèl misyon sasèdotal, wayal ak pwofetik mwen te resevwa nan
depi lè ou te mete «so» ou sou mwen nan batèm nan. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Ofri lavi mwen bay Bondye jodi a ak tout
pwoblèm mond nou an ap konfwonte.
No hay comentarios:
Publicar un comentario