Koulè Blan
ANTWÁN DE
PADOU KI SEN, Prèt e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Kanpe sou
mòn nan devan Granmèt la»
LEKTI PREMYE LIV WA YO 19, 9a. 11-16
Jou sa yo:
Lè Eli rive sou mòn Bondye a, Orèb, li rete nan twou wòch
la. Pawòl Granmèt la rive kote l’, li di l’: «Sòti, kanpe sou mòn nan devan
Granmèt la». Granmèt la vin ap pase.
Yon souf pase, li gran, li fò, l’ap soulve mòn yo, l’ap
kraze wòch yo devan Granmèt la; Granmèt la pa t’ nan souf la. Aprè souf la, yon
tranbleman; Granmèt la pa t’ nan tranbleman an. Aprè tranbleman an, yon dife;
Granmèt la pa t’ nan dife a. Aprè dife a, yon ti briz prèske san bwi vin ap
soufle.
Lè Eli tande l’, li kouvri fas li ak manto l’, li sòti,
li kanpe nan papòt twou wòch la; yon vwa rive kote l’, li di: «Sa w’ap fè isit
la, Eli?» Li reponn: «Mwen jalou ak jalouzi pou Granmèt Bondye lame yo; paske
pitit Izrayèl yo lage kontra ou la, yo demoli lotèl ou yo, yo touye pwofèt ou
yo ak epe; se mwen sèl ki rete, epi y’ap chèche wete lavi m’».
Granmèt la di l’: «Ale, tounen sou wout ou, nan savann
Damas la; lè w’a rive laba a, w’a sakre Azayèl, kòm wa sou Siri, ak Jeyi, pitit
Namsi, w’a sakre l’ kòm wa sou Izrayèl; Elize menm, pitit Safat, ki moun Abèlmeoula
a, w’a sakre l’ kòm pwofèt nan plas ou».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 26, 7-8a. 8ab-9bc. 13-14
R/ Se fas ou, Granmèt, m’ap chèche.
Granmèt, koute vwa m’ k’ap rele, pitye pou mwen, koute m’.
Se sou ou kè m’ di: «Chèche fas li».R.
Se fas ou, Granmèt, m’ap chèche. Pa vire fas ou lwen m’,
pa vire do bay sèvitè ou la nan kòlè ou. Se sekou m’ ou ye, pa lage m’.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan peyi vivan yo.Tann
Granmèt la, aji avèk kouraj, asire kè ou, se pou ou tann Granmèt la.R.
LEVANJIL
«Tout moun ki
gade yon madanm pou l’ anvi l’, li deja fè peche avèk li»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 27-32
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Nou te tande ansyen yo te di: «Pa fè move plezi». Mwen
menm mwen di nou: Tout moun ki gade yon madanm pou l’ anvi l’, li deja fè move
plezi avèk li nan kè li.
Si je dwat ou vle fè ou tonbe nan peche, rache l’, jete
l’ lwen ou; li pi bon pou ou pou youn nan manb ou yo pèdi, pase pou yo jete
tout kò ou nan dife. Si men dwat ou fè ou tonbe nan peche, koupe l’, jete l’ lwen
ou; li pi bon pou ou pou yon sèl nan manb ou yo pèdi, pase pou tout kò ou ale
nan dife.
Yo te di tou: «Si yon moun ranvwaye madanm li, se pou l’
ba l’ yon biye divòs». Mwen menm mwen di nou: Tout moun ki ranvwaye madanm li,
sof pou de moun ki t’ap viv nan move plezi, li fè l’ vin tounen adiltè; moun ki
marye avèk yon divòse, li fè adiltè».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a, 13 jen, nan Legliz Katolik n’ap fete yon zanmi
Bondye ki rele Antwán, ki te moun Padou. Se te yon prèt nan kongregasyon Sen
Franswa Dasiz. Li te mennen yon lavi egzanplѐ sou tѐ a ki fѐ li rive yon gran sen nan Legliz la.
Nan okazyon gwo fѐt sa a, an nou gade kisa pawὸl Bondye a di nou. Nan premye moso Labib la, nou wѐ kὸman pwofѐt
Eli t’al kache nan yon twou wὸch sou mὸn Orѐb la, li te pѐ pou yo pa t’ touye l’, paske yo te fin touye tout pwofѐt yo; se sѐl li menm ki te rete. Nan kalamite sa a, nan solitid sa a, li te rive rankontre
Granmѐt la. Yon bagay trѐ enpὸtan pou nou rive dekouvri, sѐke Eli te rive fѐ diferans nan ki moman li ka rive dekouvri prezans Bondye ;
se pa ni nan bwi ni nan gwo manifestasyon men nan pwofon silans. Nan sὸm 26 la, nou wѐ kὸman moun ki ekri sὸm nan envite n’ chѐche fas Granmѐt la, li envite nou chѐche sekou bὸ kote Granmѐt la nan tout sikonstans, menm jan avѐk Eli nan premye moso Labib la.
Pi devan, nan Levanjil Sen Matye a, nou wѐ Jezi ban nou yon seri de prensip ki pou anpeche nou
tonbe nan peche, prensip ki kapab fѐ nou rive wѐ fas Granmѐt la menm jan avѐk Eli. Nou menm, jounen jodi a, an nou gade si nou konfὸme lavi nou avѐk pawὸl sa a yo. Èske nan pwoblѐm, nan difikilte lavi a, nou chѐche rankontre avѐk Granmѐt la ? Menm si nou ta anvi rankontre l’, ѐske nou konnen vrѐman kὸman pou nou rive rankontre l’epi kὸman pou nou rive dekouvri prezans li ? Byen souvan, nou
monte sou tѐt
mὸn, rele anmwe pou Bondye ka tande nou men nou bliye si
Bondye abite nan fon kѐ nou chak. Rantre nan silans kѐ nou, konsa n’a rive fѐ yon vrè rankont avѐ l’, menm jan avѐk Antwán ki te rive dekouvri fas Bondye nan lavi l’ sou tѐ a jous li rive sen epi kontanple Bondye fas a fas.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, nan mitan tout pwoblѐm, tout tѐt chaje lavi a, fѐ nou rive dekouvri prezans ou
nan pwofon silans kѐ
nou, pou nou ka rive kontanple fas ou yon jou, menm jan ak Antwán ki sen. Amѐn !
PWOPOZISYON :
Chѐche dekouvri prezans Bondye nan lavi nou epi ede lὸt moun dekouvri li tou.
SI YO VLE YO KA LI POU JOU SA A:
PREMYE LEKTI:
Izayi 61, l-3a
SÒM REPONS:
sòm 88, 2-3. 4-5. 21-22 e 27
LEVANJIL: Lik 10, 1-9
No hay comentarios:
Publicar un comentario