Páginas

DIMANCH 15

Koulè Blan
11 Èm Semen Òdinè, Ane-A
Dimanch Apré Lapantkot
Gran Fèt Granmèt La,
Trinite Ki Sen Anpil La
PREMYE LEKTI
«Granmèt Granmèt Bondye, ki gen kè sansib, ki bon.»
LEKTI LIV EKZÒD 34, 4b-6. 89
Jou sa yo:
Nan nuit Moyiz leve, li monte sou mòn Sinayi a, jan Granmèt la te pase l’ lòd la, li te pote galèt wòch yo avèk li.
Lè Granmèt la desann nan nyaj la, Moyiz kanpe avèk li, li rele non Granmèt la. Pandan l’ap pase devan l’, li di : «Granmèt Bondye, ki domine tout sa ki ekziste a, ki gen kè sansib epi ki bon, ki gen pasyans, ki gen anpil kè sansib, ki fidèl».
Moyiz fè vit, li plati kò l’ plat atè a, li adore, li di : «Si mwen jwenn favè devan fas ou, Granmèt, mwen lapriyè pou ou mache avèk nou (sèke pèp la gen kou rèd), wete fot nou yo, pran nou pou ou nèt».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.         
SÒM REPONS Dan 3, 52. 53. 54. 55. 56
Konpliman pou ou, Granmèt, Bondye zansèt nou yo, konpliman pou non bèlte ou la ki sen an.
R/ Li merite lwanj, li anlè nèt pou tout tan.
Konpliman pou ou nan kay sakre bèlte ou la ki sen an.
R/Ou merite lwanj anlè nèt ak bèlte anlè nèt pou tout tan.
Konpliman pou ou sou fotèy rèy ou an.
R/ Ou merite lwanj anlè nèt, ou anlè nèt pou tout tan.
Konpliman pou ou, ou menm ki Bondye bafon yo, ou menm ki chita anlè cheriben yo.
R/Ou merite lwanj, ou anlè nèt pou tout tan.
Konpliman pou ou nan platfòm syèl la,
R/ Ou merite lwanj ak bèlte pou tout tan.
DEZYÈM LEKTI
«Favè Jezikri ak renmen Bondye a ak kominyon Lespri Sen an»
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 13, 11-13
Frè m’ yo:
Se pou nou fè kè nou kontan, se pou nou kòrèk nèt, se pou nou jwenn ankourajman, se pou nou gen menm santiman, se pou nou gen lapè, konsa Bondye lapè a ak renmen an ap avèk nou.
Se pou nou youn salye lòt nan yon bo ki sen. Tout sen yo salye nou.
Favè Granmèt nou Jezikri ak renmen Bondye a ak kominyon Lespri Sen an, se pou l’avèk nou tout. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.         
LEVANJIL
«Bondye voye Pitit li a, pou tè a sove gras a li menm»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 3, 16-18
Lè sa a: Jezi di Nikodèm:
«Bondye si tèlman renmen tè a, li bay Pitit li a, sèl Pitit li a, pou chak moun ki kwè nan li pa peri, men pou l’ gen lavi ki p’ap janm fini an. Sèke Bondye pa t’ voye Pitit li a sou tè a pou l’ jije tè a, men pou tè a te kapab sove pa pouvwa li. Moun ki kwè nan li, yo p’ap jije l’ ; moun ki pa kwè a menm, li deja jije, paske li pa kwè o non sèl Pitit Bondye a».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Jodi a Legliz la ap fete Sent Trinite, yon sèl Bondye ki se Papa, Pitit ak Lespri Sen. Se fèt renmen ak tèt ansanm n’ap fete jodi a, fèt lakominyon. Nan premye lekti a nou dekouvri kouman Bondye se yon Papa ki gen kè sansib pou nou. Yon Papa ki renmen nou, ki toujou ap veye sou nou, lajounen kou nannwit. Poutèt sa, nou kapab fè menm jan ak salmis la pou chante fè lwanj ak konpliman pou Bondye san rete. Se pou tout tè a fè lwanj pou li, tout tè a chante viv Bondye, tout kretyen ann rele viv. Se pou kè nou kontan, se pou nou an jwa pou jan Bondye ki se twa pesòn nan renmen nou ! Lanmou Bondye anvayi kè nou gras ak Jezikri epi Lespri Sen an. Lanmou sa a san parèy, li san limit.
Bondye si tèlman renmen nou, li ba nou sèl grenn pitit li a pou li sove nou kan lè a te fin rive. Jezi ba nou lavi nan kraze li kraze lanmò pou lavi triyonfe. Nou sot tande sa nan levanjil jodi a :« Li voye pitit li a sou tè a pou nou gen lavi ki p’ap janm fini an ». Men yon bagay enpòtan se pou nou kwè nan li. San lafwa nan yon sèl Bondye ki se Papa, Pitit la, ak Lespri Sen an, nou deja jije. Moun ki pa kwè a kondane, men sa ki kwè nan li yo ap gen lavi tout tan. Kidonk lafwa, se paspò nou pou antre nan peyi kote Bondye Wa a. Yon lafwa ki pa mele ak okenn twoublay fènwa tankou sèvis lwa, egoyis, trayizon, enjistis, touye moun… Yon lafwa fèm nan Jezi, yon lafwa ki renmen e ki sèvi. Sèvis se viza ki dwe sou paspò lafwa nou pou n’al kay Papa, pou nou fè youn nan renmen ak tèt ansanm nan Trinite ki Sen anpil la. Se pou Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki voye Pawòl verite a ak Lespri k’ap fè nou vin sen an sou tè a, pou ou deklare mèvèy ekstrawòdinè ou la bay lèzòm, tanpri, nan deklarasyon vrè lafwa nou an, fè nou rekonèt bèlte Trinite a ki ekziste tout tan an, fè nou adore kijan li fè yon sèl nan pouvwa bèlte a. Pa pouvwa Jezikri.Amèn.

PWOPOZISYON : Renmen frè w’ ak sè w’ yo. Deklare epi viv lafwa ou nan Bondye san w’ pa mele l’ak okenn fòs fènwa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario