Páginas

LENDI 16

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Yo kalonnen Nabòt, li mouri».
LEKTI PREMYE LIV WA YO
21, 1-16
Nan tan sa a, Nabòt moun Jizreyèl la, te gen yon jaden rezen, ki te Jizreyèl, bò palè Akab la, wa Samari a. Akab pale avèk Nabòt, li di: «Ban m’ jaden rezen ou nan pou m’ fè yon jaden legim, paske li tou pre, tou kole kay mwen; m’ap ba ou yon jaden rezen ki pi bon nan plas li, oubyen, si ou kwè sa ap ba ou plis avantaj, m’ap ba ou pri lajan an li merite a». Nabòt reponn li: «Se pou Granmèt la padonnen m’ mwen p’ap bay eritaj zansèt mwen yo».
Akab rive nan lakay li a, byen fache, kontrarye poutèt pawòl la, sa Nabòt, moun Jizreyèl la, te di l’ la: «Mwen p’ap ba ou eritaj zansèt mwen yo». Li jete kò l’ sou kabann li, li vire fas li nan miray la, li pa manje pen.
Jezabèl, madanm li, antre kote l’, li di l’: «Pouki sa nanm ou tris la? Pouki sa ou pa manje pen an?» Li reponn li: «Mwen te pale avèk Nabòt, moun Jizreyèl la, mwen te di l’: Ban m’ jaden rezen ou nan, aksepte valè l’; oubyen, si ou pito, m’ap ba ou yon jaden rezen ki pi bon nan plas li; li di: «Mwen p’ap ba ou jaden rezen m’ nan». Jezabèl, madanm li, di l’: «Ou se yon gran otorite, ou kòmande byen sou Izrayèl kòm wa. Leve, manje pen, bay kò ou kouraj; se mwen menm k’ap ba ou jaden rezen Nabòt moun Jizreyèl la».
Li ekri lèt o non Akab, li siyen yo ak so ki sou bag li a; li voye yo bay moun gran ras yo ak otorite yo ki te nan lavil la, ki te abite avèk Nabòt yo. Men fraz ki te nan lèt yo: «Deklare yon jèn, fè Nabòt chita nan premye ran pèp la; ranje ak de vagabon, voye yo kont li, pou yo fè temwayaj manti: «Li madichonnen Bondye ak wa a»; fè l’ sòti, kalonnen l’, pou l’ mouri konsa».
Moun gran ras yo avèk otorite yo ki nan lavil li a, ki te abite avèk li nan lavil la, yo fè jan Jezabèl te pase lòd la, ak jan l’ te ekri nan lèt yo li te voye ba yo a. Yo deklare yon jèn, yo fè Nabòt chita nan premye ran pèp la; yo mennen de pitit dyab, yo fè yo chita an fas li. Yo menm, kòm pitit dyab, yo deklare temwayaj kont li devan foul la. «Nabòt madichonnen Bondye ak wa a». Se pousa yo kondui l’ deyò lavil la, yo touye l’ ak kout wòch. Yo voye kot Jezabèl, yo di: «Yo kalonnen Nabòt, li mouri».
Lè Jezabèl tande Nabòt mouri anba kout wòch, li pale avèk Akab: «Leve, al pran posesyon jaden rezen Nabòt, moun Jizreyèl la, li menm ki pa t’ vle sede ba ou a, pou l’ vann ou li antan ou t’ap ba l’ lajan; sèke Nabòt pa vivan, li mouri». Lè Akab tande sa, kijan Nabòt te mouri, li leve, li desann nan jaden Nabòt, moun Jizreyèl la, pou l’ pran posesyon l’.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 5, 2-3. 5-6. 7
R/ Konprann plent mwen an, Granmèt.
Koute pawòl mwen yo ak zorèy ou, Granmèt; konprann plent mwen an. Panche sou vwa rèl mwen, wa mwen, Bondye mwen.R.
Sèke ou pa yon Bondye ki renmen fot; mechan an pa abite kote ou,
moun ki pa kòrèk yo pa rete devan je ou.R.
Ou rayi tout moun ki fè enjistis, w’ap pèdi tout moun k’ap bay manti; Granmèt la pa vle wè moun san ak riz.R
LEVANJIL
«Mwen di nou pa reziste ak mechan an»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
5, 38-42
Lè sa a Jezi di disip li yo:
«Nou te tande yo te di: «Je pou je, dan pou dan». Mwen menm mwen di nou pa reziste ak mechan an; men si yon moun frape ou sou machwa dwat ou, prezante l’ bò gòch la tou; moun ki vle fè pwosè nan jijman avèk ou pou l’ pran chemiz ou, kite manto a pou li tou nenpòt moun ki fòse ou fè mil pa, ale, fè de mil pa avèk li. Moun ki mande ou, ba li, moun ki vle prete nan men ou, pa vire do ba li».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Gen yon pwovèb kreyòl ki di: «Konplo pi fò pase wanga». Istwa yo rakonte nou nan premye lekti a vin montre nou sa pi klè. Wa Akab ki t’ap kòmande sou peyi Samari te mande Nabòt, moun zòn Jizreyèl, pou negosye yon jaden rezen ak li. Men negosyasyon an pa t’ ka fèt paske Nabòt pa t’ deside ni twoke, ni vann ni fè kado eritaj zansèt li yo te kite pou li. Wa Akab te santi li te desepsyone epi li te tris, kè li te sere. Menm ti pen li te genyen lakay li li pa t’ vle manje. Lè madanm li, Jezabèl vin konnen pou ki rezon li te tris la, li te monte yon konplo ak gwo otorite nan peyi a pou li te ka touye Nabòt. Premyèman, li chèche detwi repitasyon li a antan li fè manti sou li, lè li di: «Li madichonnen Bondye ak wa a».Epi li te mande pou yo kalonnen li ak kout wòch. Yo te fè Jezabèl plezi, yo fè fo temwayaj an piblik sou Nabòt, aprè sa yo touye li ak kout wòch, li mouri mati.
Li mouri nan fason sa a paske yo pa t’ respekte dwa li. Yo fè abi pouvwa ak otorite sou li. Èske nan tan n’ap viv la pa gen pratik malonèt sa yo toujou?
Jounen jodi a, li enpòtan pou nou gade sa k’ap paske nan peyi nou, nan vwazinaj nou, nan fanmi nou: jalouzi, renmen lajan, lanbisyon, renmen pouvwa, tripotay, konplo, dwòg; se tout bagay sa yo k’ap fini ak mond nou an, ak sosyete nou an; se tout bagay sa yo ki fè moun ap manje moun, moun pa respekte diyite ak dwa moun, menm dwa fondamanl pou gen yon «ak de nesans», yon batistè… Kòm kosekans, lapè nou reve a, li vin pi difisil chak jou pou nou jwenn li.
Jodi a, atravè chapit senk Levanjil Matye a, Jezi ap envite nou pou nou angaje nan batay kont lemal, batay kont satan; men li enpòtan pou nou konprann se nan santiman nou yo satan an manifeste. Youn nan atitid Jezi mande nou, se evite vanjans. Paske vanjans mennen nan vanjans epi sa pa benefisye okenn moun.Vanjans pa rezoud anyen, puiske tout moun pèdan. Mechanste pa rezoud anyen. Nou gen yon ekzanp byen klè: nan jou pase yo, yon fanm ki se avoka te depanse uisan mil peso (se apeprè 800 mil goud, apwoksimativman se 18604 dola vèt) pou li te voye touye yon lòt fanm akoz jalouzi li t’ap fè pou mari li. Sa ki te pase? Premyèman, yo touye yon lòt pa erè paske yo te konfonn li ak sa yo te vle touye a. Li mouri inosan. Dezyèmman yo touye sa yo te vle touye a. Aprè li fin mouri, yo arete tout moun ki te enplike nan zak la, yo nan prizon an atandan y’ap tann santans yo. Kisa nou remake? Tout moun sòti pèdan. Fi a ki te voye touye lòt la ka pase pou pi piti trant lane nan prizon. Epi li ta dwe dedomaje fanmi moun li te voye touye a ak lòt moun yo te touye pa erè a.  Se yon reyalite ki montre nou lemal p’ap fè nou viv pi byen. Kidonk li enpòtan pou nou lite kont lemal, sa vle di move tandans nou yo. Anvan nou poze yon aksyon, fòk nou reflechi ki kote sa ka mennen nou.
Se sa menm Jezi ap envite nou fè jodi a lè li pwopoze nou pou nou kite lwa Talyon an ki se yon lwa vanjans. Konsèy Jezi yo bon anpil, an nou koute yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ba nou fòs Lespri ou a k’ap pèmèt nou fè tout sa ki byen, pou dwa ak diyite tout moun ka respekte, pou nou lite kont tout move santiman egoyis nou yo, pou tout moun ka viv alèz.  Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Gade konbyen fwa mwen touye yon moun ak lang mwen. Èske vanjans, tripotay ak konplo fè mwen viv pi byen?

No hay comentarios:

Publicar un comentario