Páginas

MADI 17

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Ou fè Izrayèl fè peche»
LEKTI PREMYE LIV WA YO 21, 17-29
Lè Nabòt fin mouri, pawòl Granmèt la rive kot Eli, moun Tisbe a, li di: «Leve, desann al rankontre Akab, wa Izrayèl la, ki nan Samari a; men li desann nan jaden rezen Nabòt la pou l’ pran l’.W’a pale avèk li, w’a di l’: «Men pawòl Granmèt la: Ou fin touye, epi an plis, ou pran posesyon». Aprè sa w’a ajoute «Men pawòl Granmèt la: Nan plas sa a menm, kote chyen yo niche san Nabòt la, konsa y’ap niche san ou tou». Akab di Eli: Èske ou jwenn mwen kòm yon lènmi pou ou?
Li di: «Mwen jwenn ou, ou vann tèt ou pou ou fè sa k’ mal devan fas Granmèt la. Men m’ap fè malè rive sou ou, m’ap siprime ras ou; m’ap touye tout gason nan ras Akab, ni esklav, ni moun ki lib. M’ap fè kay ou a vin tankou kay Jewoboam, pitit Nabat la, ak tankou kay Baasa, pitit Ayia a, paske ou aji pou ou eksite kòlè m’, pou ou fè Izrayèl fè peche».
Ni pou Jezabèl tou, Granmèt la pale, li di: «Chyen yo ap manje Jezabèl nan jaden Jizreyèl la. Si Akab mouri nan lavil la, chyen yo ap manje l’; si l’ mouri andeyò, zwazo syèl yo ap manje l’».
Pa t’ gen dòt tankou Akab, ki te vann tèt li pou l’ fè sa k’ mal devan fas Granmèt la; Jezabèl madanm li te pouse l’ pou l’ kondui tèt li mal, jouskatan li suiv zidòl, sa Amoreyen yo te fè yo, yo menm Granmèt la te detwi devan fas pitit Izrayèl yo.
Lè Akab tande pawòl sa yo, li chire rad li, li kouvri kò l’ avèk yon sak; li fè jèn, li dòmi nan sak, li mache tèt bese. Pawòl Granmèt la rive kot Eli, moun Tisbe a, li di: «Èske ou pa wè kijan Akab rabese tèt li devan m’? Poutèt li rabese tèt li akoz mwen an, mwen p’ap fè malè rive nan tan lavi l’, men se pandan lavi pitit li m’ap fè malè rive nan lakay li».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.     
SÒM REPONS 50, 3-4. 5-6a. 11 e 16
R/ Pitye, Granmèt, paske nou fè peche.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou; daprè kantite bon kè ou, efase fot mwen an. Lave m’ nèt sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Sèke fot mwen an se mwen menm ki konnen l’, peche m’ nan devan m’ tout tan. Kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan ou la mwen fè l’.R.
Vire fas ou lwen peche m’ yo, tout fot mwen yo, efase yo. Delivre m’ sot nan san yo, Bondye, Bondye delivrans mwen, lang mwen ap chante jistis ou a.R.
LEVANJIL
«Renmen lènmi nou yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 43-48
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Nou te tande yo te di: «Se pou ou renmen pwochen ou, pou ou rayi lènmi ou. Mwen menm mwen di nou: Renmen lènmi nou, fè dibyen pou moun ki rayi nou yo, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou yo, k’ap fè manti sou nou; pou nou kapab vin tounen pitit Papa nou ki nan syèl la, li menm ki fè solèy li leve sou bon yo ak move yo, ki fè lapli tonbe sou moun kòrèk yo ak sou mechan yo.
Si nou renmen sila yo ki renmen nou, ki rekonpans nou genyen? Èske pibliken yo pa fè sa? Si nou salye frè nou yo sèlman, ki sa nou fè an plis? Èske payen yo pa fè sa? Konsa se pou nou kòrèk nèt, tankou Papa nou ki nan syèl la li kòrèk nèt».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lekti pawòl Bondye nou li pou jodi a, yo fè suit ak sa nou te li yè. Kidonk yo sitiye nou nan menm kontèks la. Men nan premye lekti jodi a ap ede nou konprann kòman se Granmèt la ki gen dènye mo nan tout bagay. Se li menm pou nou kite vanje pou nou, men nou pa dwe rann tèt nou jistis. Men yon lòt bò tou, li montre nou kijan mizerikòd Bondye pi fò pase lespri vanjans la.
Pawòl Jezi ap di nou jodi a, li pote anpil limyè pou lavi nou: «Renmen lènmi nou, fè dibyen pou moun ki rayi nou yo, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou yo, k’ap fè manti sou nou…». Li bon pou nou pa kite van vyolans sakaje nou pou fè nou ravaje mond la. Jezi te sove nou sou kwa a, nou menm ki te lènmi li; se akoz vyolans nou yo, peche nou yo ki fè yo te klouwe Jezi sou kwa a. Si mwen vle gen lavi tout bon vre, mwen dwe rekonèt sa, fòk mwen repanti (sòm 50). Lè mwen simen mal, se mal mwen rekòlte. Bondye envite nou viv nan renmen ak mizerikòd. Li menm li renmen nou san mezi, li padone nou san grate tèt. Si nou vle imite Bondye, si nou vle vin kòrèk menm jan ak li, nou pa dwe konsidere nou pi kòrèk pase lòt yo. Paske si nou konsidere ke nou bon, nou p’ap kab gen mizerikòd pou frè ak sè nou yo. Levanjil la pwopoze nou yon chemen imilite pou nou rive jwenn Bondye. Nou tout koupab nan sa k’ap pase sosyete a, omwen gen yon jou nou te fè yon bagay ki mal epi lontan aprè lòt moun vin sibi konsekans la.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri aprann nou rekonèt fot nou yo pou nou kapab aprann padone frè ak sè nou yo, lè yo tonbe pou nou kapab ede yo leve. Konsa tou lè nou tonbe yo va ede nou leve olye pou yo kondane nou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: Se vre li difisil pou mwen renmen lènmi mwen; men fòk mwen aprann padone epi renmen yo, puiske Bondye padone mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario