Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Men yon machin dife, Eli monte nan syèl la».
LEKTI ONZYÈM LIV WA YO
2,
1. 6-14
Lè Granmèt la te vle leve Eli nan toubiyon an nan syèl
la, Eli avèk Elize t’ap mache sot Gilgal. Lè yo rive Jeriko, Eli di Elize:
«Rete isit la, paske Granmèt la voye m’ jous nan Jouden an». Li di: «Sou lavi
Granmèt la, sou lavi pa ou tou, mwen p’ap kite ou». Konsa
yo tou le de yo t’ap mache. Senkant mesye nan pitit pwofèt yo t’ap suiv yo, yo
rete kanpe byen lwen; yo tou le de a kanpe bò Jouden an.
Eli
pran manto l’ la, li woule l’, li frape dlo yo, dlo yo separe nan de pati; yo travèse
yo tou le de pye sèk. Pandan l’ap travèse, Eli di Elize: «Mande sa ou vle pou
m’ fè pou ou, anvan yo pran m’ sot kote ou». Elize di: «Tanpri, fè m’ gen de
pòsyon lespri ou». Li reponn: «Se yon bagay ki difisil ou mande a; sèlman si ou
wè m’, lè yo pran m’ sot kote ou la, w’ap jwenn sa ou mande a; otreman, si ou
pa wè, ou p’ap jwenn».
Pandan
y’ap mache, yo kòmanse ap pale, men yon machin dife ak chwal dife separe yo tou
le de a; Eli monte nan toubiyon an nan syèl la. Elize wè l’, li rele: «Papa
mwen! Papa mwen! Machin Izrayèl la ak chwal li yo!» Li pa wè l’ ankò. Li pran
rad li yo, li chire yo nan de moso. Li leve manto Eli a ki te tonbe pou li.
Li
tounen, li kanpe sou bò rivyè Jouden an.Avèk manto Eli a ki te tonbe pou li a,
li frape dlo yo, yo separe; li di: «Kote Bondye Eli a koulye a menm?» Li frape
dlo yo, yo separe de bò, Elize travèse.
Pawòl
Granmèt la.
R/
Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
30, 20. 21. 24
R/
Se pou kè nou pran kouraj, nou tout ki espere nan Granmèt la.
Ala
anpil yo anpil kantite dousè ou, Granmèt, sa ou kache pou moun ki respekte ou
yo. Ou reyalize yo pou sila yo ki respekte ou yo, devan fas pitit moun yo.R.
Ou
kache yo nan kachèt fas ou a devan tranzaksyon lèzòm; ou pwoteje yo nan joupa a
lwen lang yo k’ap demanti yo.R.
Renmen
Granmèt la, tout sen l’ yo: Granmèt la pwoteje fidèl yo, l’ap pini moun k’ap fè
lògèy yo anpil.R.
LEVANJIL
«Papa
ou ki wè nan kote ki kache l’ap renmèt ou sa».
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
6,
1-6. 16-18
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Fè
atansyon pou nou pa reyalize jistis nou devan lèzòm pou yo wè nou, otreman nou
p’ap gen rekonpans kot Papa nou ki nan syèl la.
Lè
w’ap fè lacharite, pa sonnen klewon devan ou, tankou ipokrit yo fè nan kay
reyinyon yo ak nan lari yo, pou moun kapab fè lwanj yo. An verite mwen di ou,
yo resevwa rekonpans yo.Ou menm menm, lè w’ap fè lacharite, pa kite men gòch ou
konnen sa dwat ou ap fè, pou lacharite ou la fèt an kachèt; Papa ou, ki wè nan
kachèt, l’ap renmèt ou sa.
Lè
w’ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo, ki renmen kanpe pou lapriyè nan kay
reyinyon ak nan kwen kalfou yo, pou moun kapab wè yo. An verite mwen di nou, yo
resevwa rekonpans yo. Ou menm menm, lè w’ap lapriyè, antre nan chanm ou, fèmen
pòt la, lapriyè Papa ou an kachèt; Papa ou ki wè nan kachèt, l’ap renmèt ou sa.
Lè
n’ap fè jèn, pa fè tankou ipokrit yo, pou nou tris; reyèlman vre yo pran min
dekonpoze, pou moun kapab wè y’ap fè jèn. An verite mwen di nou, yo resevwa
rekonpans yo. Ou menm menm, lè w’ap fè jèn, men Papa ou ki nan kachèt; Papa ou
wè nan kachèt, l’ap renmèt ou sa».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Anpil fwa nou konn
santi moral nou kraze paske nou te fè yon bagay pou yon moun epi li rann nou
engratitid. Poutan, sa parèt nomal lè yon moun montre nou li rekonesan paske
nou te fè kichòy pou li oubyen nou te ede li jwenn solisyon pou yon pwoblèm. Li
trè enteresan pou nou aprann rann sèvis san nou pa espere anyen an retou.
Nan sans sa a,
Pawòl Bondye pou jodi a envite nou gen anpil imilite ak senplisite. Pou nou
rive kiltive kalite imilite sa a, nou dwe koute ekzòtasyon nou jwenn nan pawòl
Bondye a: Premye ekzòtasyon an, se sou lacharite. Pa kite men goch ou konnen
kisa men dwat ou ap fè. Nan sans sa nou va aprann sispann fè grandizè, nou va konnen
tout sa nou genyen se gras a Granmèt la, kòm konsekans nou dwe pataje ak tout
kè nou e nan tout diskresyon posib. Dezyèmman, lè w’ap dyaloge avèk papa w’,
moun pa bezwen konnen. Se pa sa k’ap montre ke w’ se kretyen, men se nan fason
w’ap viv. Twazyèmman, pa kite figi w’ fennen lè w’ap jene, moun pa bezwen
konnen kisa w’ap fè. Si yon moun ap jene epi sa make nan figi l’, se yon fo jèn
l’ap fè. Paske an reyalite fè jèn vle di rantre an kontak pi sere avèk Bondye
pandan nou detache nou de zafè materyèl yo, sitou lamanjay pandan yon ti bout
tan. Kimoun k’ap benyen nan sous lagras Bondye ki ka gen figi l’ fennen ?
Se twa ekzòtasyon ki envite nou pratike
youn nan vèti ki pèmèt nou pi atantif a bezwen frè nou yo. Si nou pa gen kè nou
senp, si nou pa pòv nan kè nou, l’ap difisil pou nou rankontre ak Granmèt la
nan sila yo ki pòv e ki konte sou konkou Bondye.
An nou aprann konprann sans lacharite,
lapriyè ak jèn pou nou ka jwenn kè kontan tout bon. Paske Bondye kache sa l’ ye
ak moun k’ap fè gran panpan, fè wè ; li revele li ak moun ki senp e ki gen
imilite.
LAPRIYÈ: Bondye
Granmèt, ou menm ki konn feblès mwen, ou menm ki wè pi lwen pase m’, ede m’
kite tout gwo kòlèt, kwape egoyis ki fè mwen avèg pou mwen pa wè nesesite frè
ak sè mwen yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Poze yon aksyon nan non Bonbye jodi a, ki ka pa nan avantaj mwen men ki
an favè yon majorite.
No hay comentarios:
Publicar un comentario