Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Yo kraze tèt
pòv la sou pousyè tè a».
LEKTI LIV PWOFÈT
AMÒS 2, 6-10. 13-16
Men pawòl
Granmèt la:
«Poutèt twa
krim Izrayèl ak poutèt kat, mwen p’ap padonnen l’: Poutèt li vann moun kòrèk la
pou lajan, ak pòv la pou yon pè sapat; yo menm k’ap kraze tèt pòv yo nan pousyè
tè a, k’ap devye chemen pòv yo; pitit la ak papa l’ ale kot jèn fi a, pou yo derespekte
non m’ ki sen an; sou rad yo pran kòm garanti, yo kouche bò tout lotèl, y’ap bwè
diven moun yo fin kondane yo, nan lakay Bondye yo a.
Mwen menm mwen
te detwi Amoreyen an devan fas yo, li menm wotè l’ te tankou wotè pye sèd yo, li
te gen fòs tankou pye bwa-d-chèn; mwen te kraze fui l’ anwo avèk rasin li anba.
Se mwen menm
ki te fè nou monte sot nan peyi Lejip la, mwen te kondui nou nan dezè a
karantan, pou nou te posede peyi Amoreyen an.
Men m’a pral fè gwo bwi anba nou, tankou yon kabwèt ki
plen pay ap fè gwo bwi; moun ki rapid la li p’ap kapab sove, sa k’ fò a p’ap jwenn
fòs li, sa k’ vanyan an p’ap sove lavi l’, sa k’ konn tire flèch la p’ap kanpe,
sa k’ lejè a p’ap sove ak pye l’, kavalye a p’ap sove lavi l’, sa k’ gen plis
kouraj la se ni-kò l’ap sove jou sa a», deklarasyon Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 49, 16bc-17. 18-19. 20-21. 22-23
R/ Konprann bagay sa yo, nou menm ki bliye Bondye a.
Poukisa w’ap
resite kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou? Ou menm poutan
ou rayi disiplin, ou rejte pawòl mwen yo dèyè do ou.R.
Si ou wè yon
vòlè, ou kouri ansanm avèk li; se avèk adiltè a pòsyon ou ye. Bouch ou, ou te
lage l’ bay mechanste, lang ou t’ap plede koze riz.R.
Lè ou chita se
kont frè ou w’ap pale, se kont pitit manman ou w’ap di bagay pou avili l’. Se bagay sa
yo ou te fè, epi mwen te pe bouch mwen. Ou te konprann mwen te sanble avèk ou:
m’ap fè ou eksplikasyon, m’ap drese yo kont fas ou.R.
Konprann bagay sa yo, nou menm ki bliye Bondye a; pou m’
pa sezi, si pa gen pèsònn ki delivre. Moun ki ofri
sakrifis lwanj, l’ap fè lwanj mwen, moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre
l’ delivrans Bondye a.
LEVANJIL
«Suiv mwen»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A MATYE KI SEN 8, 18-22
Lè sa a:
Jezi wè anpil
foul alantou l’, li pase lòd pou travèse lòt bò lanmè a. Yon pwofesè pwoche, li
di l’: «Mèt, m’ap suiv ou kote ou a prale.»
Jezi di l’: «Rena yo gen twou yo, zwazo syèl yo gen
nich yo; Pitit moun nan menm pa gen kote pou l’ poze tèt li».
Youn nan disip li yo di l’: «Granmèt, kite m’ al antere
papa m’ anvan». Jezi menm di l’: «Suiv mwen, kite mò yo antere mò pa yo».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pou
refleksyon nou, nou kapab rete sou tèks levanjil la ki klè sou kondisyon pou
nou ka swiv Jezi epi kòman moun k’ap suiv Mèt la gen pou yo viv.
Yon moun ki vle swiv Jezi se yon moun
ki vrèman disponib pou li bouje, pou li ale tout kote. Èske nou pare
pou nou ale tout kote akoz Jezikri? Si nou ka reponn wi ak kesyon sa a, sa vle
di nou pare pou nou swiv Jezi. Si repons nou se non, epi nou di nou se kretyen,
sa mande pou nou chache wè ki sa ki anpeche nou pou nou ka ale tout kote pou
Jezi.
Disponibilite nou nan swiv Jezi mande
pou nou kite paran nou, prewokipasyon nou, menm rive kite lantèman moun nou
genyen ki mouri. Èske ou pare pou kite lantèman fanmi ou pou swiv Jezi ?
Lè Jezi di fòk yon moun kite tout
bagay pou ka rive swiv li, li vle montre nou se yon bagay ki difisil, ki ekzijan
anpil. Sa ki eksplike difikilte ak ekzijans sa a, se paske nou tout renmen
konfò nou, alòske swiv Jezi pa garanti nou sa a; nou tout renmen fanmi nou,
papa, manman, frè ak sè nou, men Jezi mande pou nou kite yo, epi menm pa ta
patisipe nan fineray yo pou nou ka swiv li. Swiv Jezi difisil men li pote kè
kontan.
LAPRIYÈ : Granmèt mwen vle swiv ou pou tout lavi mwen. Ede mwen chak
jou pou m’ rete fidèl a ou menm. Amèn !
PWOPOZISYON : M’ap ekzamine lavi mwen pou m’ wè kisa ki
anpeche mwen swiv Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario