Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
«Granmèt Bondye pale; kilès ki p’ap
fè deklarasyon pwofèt? »
LEKTI
LIV PWOFÈT AMÒS 3, 1-8; 4, 11-12
Koute pawòl Granmèt la
deklare sou nou, pitit Izrayèl yo, sou tout fanmi mwen te fè soti nan peyi
Lejip la, mwen di: «Se nou menm sèlman mwen te rekonèt nan tout fanmi tè a: se
pousa m’ap vizite tout fot nou yo kont nou».
Èske de moun konn mache
ansanm, si yo pa mete yo dakò? Èske lyon konn rele nan rak bwa, si l’ pa jwenn
jibye? Èske pitit lyon konn pouse rèl nan kachèt li, si l’ pa pran kichòy? Èske
zwazo konn tonbe nan pyèj atè a san pa gen manje? Èske pèlen
konn leve sot atè a anvan l’ pran kichòy? Si twonpèt sonnen nan
lavil la, èske pèp la pa sezi? Èske gen malè nan yon vil, san Granmèt la pa
aji? Paske Granmèt Bondye pa fè anyen, san l’ pa devwale sekrè l’ bay sèvitè l’
yo pwofèt yo. Lyon an rele: kilès ki p’ap pè? Granmèt Bondye pale: kilès ki
p’ap fè deklarasyon pwofèt?
«Mwen te sakaje nou,
tankou Bondye te sakaje Sodòm ak Gomò, nou te vin tounen tankou yon bwa dife yo
wete sot nan boukan; malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen, deklarasyon
Granmèt la. Se pousa, se bagay sa yo m’ap fè ou, Izrayèl. Lè m’a fin fè ou
bagay sa yo, prepare ou pou ou rankontre Bondye ou la, Izrayèl».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 5, 5-6. 7.
8
R/ Granmèt,
kondui m’ nan jistis ou a.
Sèke ou pa
yon Bondye ki renmen fot, mechan an pa abite kote ou,
moun ki pa kòrèk yo pa
rete devan je ou.R.
Ou rayi tout moun ki fè
enjistis, w’ap pèdi tout moun k’ap di manti; Granmèt la pa vle wè moun san ak
riz.R.
Mwen menm nan pakèt kè
sansib ou a, m’ap antre nan kay sakre ou la; m’ap adore ou nan kay sakre ou la
ki sen an nan respè ou.R.
LEVANJIL
«Li leve, li kòmande van ak lanmè,
vin gen yon gran kalmi».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
8, 23-27
Lè sa a:
Jezi monte nan yon
batiman, disip li yo suiv li.
Yon gran tanpèt leve
nan lanmè a, si tèlman, batiman an te kouvri ak lanm yo; li menm menm li t’ap
dòmi. Disip li yo pwoche kote l’; yo reveye l’, yo di: «Granmèt, sove nou, n’ap
peri».
Jezi menm di yo: «Pouki
sa nou pè a, lafwa nou piti?» Lè sa a atò, li leve, li kòmande van an ak lanmè
a, vin gen yon gran kalmi.
Mesye yo sezi, yo di:
«Kilès sila a, paske van ak lanmè obeyi l’?»
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Litiji
Pawòl Bondye pou jodi a envite nou medite sou 2 bagay: Premyèman tout sa ki
rive genyen yon rezon; dezyèmman nou se moun ki manke lafwa.
Nan premye
lèkti a, yo montre nou tout sa ki rive, li rive paske nou te chwazi li, oubyen
Granmèt la deside li konsa, oubyen genyen yon bagay ki lakòz. Nan tout sa ki
rive nou nan lavi sa a, li enpòtan pou nou chache ki mesaj Bondye vle ba nou.
Tout sa ki rive pa toujou bon, men nou ka tire yon leson epi aprann pou nou ka
amelyore lavi nou epi tou chache viv lavi nou jan Bondye Papa nou ki nan syèl
vle li.
Sou lanmè
a, nan mitan gwo tanpèt la, disip yo tranble tankou fèy bwa epi yo pouse yon
rèl dezespwa bay Jezi: «Granmèt, sove nou, n’ap peri!». Anpil fwa nou genyen
tou menm atitid la lè nou nan pwoblèm. Pafwa menm moun ki di yo pa kwè nan
Bondye oubyen ki pa janm mete pye Legliz, lè yo nan pwoblèm yo rele Jezi. Nou
wè nan tèks la Jezi leve epi li bay lanmè a lòd pou li kalme li, epi sa fèt jan
li kòmande li a. Sa konn rive lè yon moun nan malè, li rele Jezi ak tout lafwa
li, li delivre li. Konsa li bon pou nou mete konfyans nou nan Bondye, paske li
ka delivre nou. Li
gen pouvwa pou li kòmande tout fòs mal yo. Tout bagay
anba pouvwa li, tout bagay anba lòd li. Si nou asire nou tout bon vre sou Jezi,
tout fènwa ki nan lavi nou va tounen solèy midi.Konfyans!
LAPRIYÈ: Granmèt, nan mitan tanpèt
pwoblèm lavi a, ede nou kwè ou toujou prezan epi ou p’ap kite nou peri. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap raple frè m’ ak
sè mwen jodi a pou yo pa doute ke Bondye ka delivre yo nan kalamite lavi yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario