Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Wete bwi kantik nou yo sot kote
m’, se pou jistis la tankou gran ravin».
LEKTI LIV PWOFÈT AMÒS 5,
14-15. 21-24
Chèche byen, pa chèche
mal, pou nou kab viv, e Granmèt Bondye lame yo ap avèk nou, jan nou te di a.
Rayi mal, renmen byen, mete jistis nan tribinal la; petèt Granmèt Bondye lame
yo a gen pitye pou rès Jozèf yo.
«Mwen rayi, mwen rejte
fèt nou yo, deklarasyon Granmèt la, mwen pa kapab santi lodè reyinyon nou yo.
Lè nou ofri m’ sakrifis antye ak kado nou yo, mwen p’ap resevwa yo, ni ofrann
nou yo ki byen gran an, mwen p’ap gade yo. Wete bwi kantik ou yo sot kote m’,
mwen p’ap koute chante gita ou yo. Konsa jijman an va eklate tankou sous dlo,
ak jistis la tankou ravin ki gen fòs».
Pawòl
Granmèt la.
R/
Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
49, 7. 8-9. 10-11. 12-13. 16bc-17
R/ Moun ki san tach sou wout la, m’ap montre l’
delivrans Bondye a.
Koute, pèp mwen, m’ap pale; Izrayèl, m’ap deklare temwayaj kont ou: se
Bondye, Bondye ou mwen ye.R.
Se pa
poutèt sakrifis ou yo m’ap reprann ou; sakrifis antye ou yo devan fas mwen tout
tan. Mwen p’ap aksepte bèf ki sot lakay ou, ni kabrit ki sot nan pak ou yo.R.
Paske tout bèt nan bwa
yo se pou mwen, mil bèt sou mòn yo. Mwen
konnen tout zwazo syèl la, sa ki an mouvman nan jaden, se pou mwen.R.
Si m’ grangou, mwen
p’ap di ou; sèke fas tè a se pou mwen ak sa k’ plen l’. Èske m’ap manje chè
towo yo, oubyen san kabrit yo, èske m’ap bwè l’? R.
Pouki sa
w’ap resite kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou? Ou menm
poutan ou rayi disiplin, ou rejte pawòl mwen yo dèyè do ou?R.
LEVANJIL
«Ou vini
isit anvan lè a pou ou maltrete demon yo?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 8, 28-34
Lè sa a:
Lè Jezi rive lòt bò lanmè nan rejyon Jerazenyen yo, gen de moun ki gen
demon ki vin rankontre l’, yo te sòti nan kavo yo, yo te mechan anpil, si
tèlman, pèsòn pa t’ kapab pase nan wout sa a. Yo pran rele, yo di: «Sa k’
genyen ant nou menm ak ou menm, Jezi Pitit Bondye? Ou vini isit anvan tan an
pou ou maltrete nou. »
Pa
lwen yo, te gen yon bann pakèt kochon ki t’ap manje. Demon yo lapriyè l’, yo di:
«Si ou chase nou sot isit la, voye nou nan bann kochon yo». Li di yo: «Ale». Yo
pati, y’al nan kochon yo; menm lè a ak yon sèl mouvman, tout bann kochon an
pati tèt bese nan lanmè, yo mouri nan dlo yo.
Gadyen yo menm sove, yo
vin nan lavil la, yo rakonte tout bagay, ansanm ak sa k’ te rive moun yo ki te
gen demon yo. Tout lavil la soti vin rankontre Jezi; lè yo wè l’, yo lapriyè l’
pou l’ pati sot nan peyi yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Gen yon
pwovèb kreyòl ki di «Lè chat pa la, rat bay kalinda». Ebyen se menm jan tou, lè
nou pa bay Bondye plas nan lavi nou, satan kontan, li danse paske li jwenn
opòtinite pou li fè sa li vle ak nou. Se sa menm Levanjil la
envite nou konprann jodi a. Demon an, dyab la ekziste epi li manifeste nan
moun, nan aksyon moun nan ak nan panse li. Tèks la montre nou yon fason demon
ka manifeste, men genyen anpil lòt fason ankò tankou nan dezyèm chapit liv
Lajenèz, lè li te pran fòm sèpan pou li te ka tante Adan ak Èv, kote li te fè
manti sou Bondye. Mansonj ak riz se zèv satan. Nan moso Levanjil nou li jodi a,
yo di nou demon an mechan anpil: li sakaje moun li te antre nan tèt yo epi lè
Jezi te chase yo soti nan moun sa yo pou voye yo sou kochon yo, kochon yo t’al
lage kò yo nan lanmè, yo mouri. Pitit Bondye a se delivrans, se viktwa ak
liberasyon li pote pou limanite.
Demon genyen pouvwa,
men genyen yon moun ki genyen plis pouvwa pase li. Jezi, ak
pouvwa li te chase demon an. Atravè aksyon Jezi a tankou Pitit Bondye epi Gran
frè nou, li montre nou kòman nou dwe konpòte nou devan demon an. Depi n’ap viv
nan bon relasyon ak Bondye, demon p’ap gen pouvwa sou nou, e genyen kretyen ki
genyen yon don espesyal pou yo chase demon yo.
Nou remake lè gadyen yo
te obsève koze sa a, Jezi ki te chase demon ki te mechan anpil yo, yo te ale
nan vil la pou yo rakonte sa a. Sa montre nou, nou pa ka rete bèkèkè devan gwo
mèvèy Bondye san nou pa anonse sa a. Bagay sa envite nou pou nou toujou anonse
sa Bondye fè nan lavi nou epitou sa nou temwen Bondye reyalize nan lavi lòt
moun.
LAPRIYÈ: Bondye Papa nou konnen ou genyen yon pouvwa san
limit. Tanpri, ede nou toujou kwè nan pouvwa ou nan mitan pwoblèm ak kalamite
lavi a.Pa pouvwa Jezikri.Amèn!
PWOPOZISYON: Lapriyè
pou tout moun demon ap toumante, pou yo ka jwenn gerizon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario