Páginas

JEDI 3

Koulè Wouj
TOMA KI SEN, Apot
Fèt
PREMYE LEKTI
«Nou bati sou fondasyon Apot yo».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 2, 19-22
Frè m’ yo:
Nou pa etranje ak moun vini ankò, men nou se sitwayen menm peyi ak sen yo, nou se moun kay Bondye; nou bati sou fondasyon Apot yo ak pwofèt yo, wòch kwen ki anlè nèt la, se Jezikri; se nan li tout kay la ki bati a ap grandi vin yon tanp ki sen nan Granmèt la; nan li nou menm tou yo bati nou pou nou vin tounen kay Bondye nan Espri a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 116, 1.2
R/ Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la.
Fè lwanj Granmèt la, tout nasyon yo, fè louanj li ansanm, tout pèp yo,R.
Paske li vin asire kè sansib li sou nou verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
LEVANJIL
«Granmèt mwen ak Bondye mwen!»
LEKTI LEVANJIL KI SEN-AN DAPRÈ JAN 20, 24-29
Toma, youn nan douz yo, sa yo rele Didim nan, li pa t’ avèk yo lè Jezi te vini an.
Lòt disip yo di l’: «Nou wè Granmèt la». 
Li menm li di yo: «Si m’ pa wè mak klou yo nan men l’, si m’ pa mete dwèt mwen nan plas klou yo, si m’ pa mete men m’ nan kòt li, mwen p’ap kwè».
Aprè ui jou, disip li yo te anndan ankò, Toma te avèk yo. 
Jezi rive, pòt yo te fèmen, li kanpe nan mitan, li di: «Lapè pou nou». 
Aprè sa, li di Toma: «Met dwèt ou isit, gade men m’, lonje men ou, mete l’ nan kòt mwen: sispann manke lafwa, se pou ou kwè». 
Toma reponn, li di l’: «Granmèt mwen ak Bondye mwen!» 
Jezi di l’: «Paske ou wè m’, Toma, ou kwè; ala kontantman pou moun ki pa wè, men ki kwè».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Premye moso Labib nou li jodi a fè nou konprann nan Legliz la, pa gen etranje, sa pa ekziste nan mitan nou, menm si gen moun ki fèt nan plizyè peyi. Kèlkeswa nasyonalite ou, depi ou kwè nan Jezi, ou pa moun vini, se moun kay la ou ye. Gras  a gran frè nou, Jezi, nou tout se pitit Bondye, nou tout gen menm valè.
E sa Jezi vle bay tout frè ak sè li yo, se lapè. Lè Jezi di “lapè” konsa, se pa lapè Women yo l’ap pale. Wòm se te yon gwo peyi ki t’ap okipe ti peyi Izrayèl, menm jan MINUSTAH ap okipe peyi Ayiti jounen jodi a. Women yo te gen sa yo te rele «Pax Romana», ki vle di, depi ou pa fè dezòd, depi ou pa nan opozisyon politik, yo p’ap touye ou, men fò ou toujou peye enpo. Si non, se lagè. 
Se pa sa Jezi vle di. Okontrè, se «Pax Romana» a ki te touye Jezi, paske leta a te wè l’ tankou yon nèg tèt cho, yo touye l’ pou yo kenbe yon imaj lapè, kote tout bagay fonksyone jan yo vle.
Jezi se te yon pitit Izrayèl; li te yon jwif. Lè Jezi di “lapè” konsa, l’ ap panse nan mo “chalòm” ki sòti nan lang jwif la, ki se ebre.  «Chalòm» pa menm ak «Pax romana».  Chalòm vle di kè poze tout bon. Chalòm vle di kè kontan.Chalòm vle di pèp la jwenn tout sa l’ bezwen pou viv.Chalòm vle di moun yo ap byen viv ansanm.
Se sa Jezi vle pou nou.Se sa Jezi ap ofri nou.
Pafwa nou ka doute, tèlman gen vyolans nan lemonn, nou ka dekouraje.Nou fè tankou Toma, nou di “nèg mande wè”. Jezi konprann nou.
Men aprè sa, Jezi di n’ap pi kontan toujou si nou kwè, daprè temwayaj moun ki fè eksperyans Chalòm li a deja. 
LAPRIYÈ:Granmèt mwen ak Bondye mwen, mèsi paske ou konprann mwen lè m’ doute.  Ede m’ kwè nan ou, epi pote ba nou kè poze tout bon ou a! Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap akeyi yon moun ki vizite Legliz mwen an oubyen lakay mwen, pou montre l’ pa gen sa yo rele etranje nan mitan nou, paske nou tout se pitit yon sèl Papa Bondye, nou tout se moun lakay li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario