Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«M’ap voye
grangou, se pa grangou pen, men se pou koute pawòl Granmèt la».
LEKTI LIV PWOFÈT AMÒS 8, 4-6.
9-12
Koute sa,
nou menm k’ap kraze pòv la, k’ap fè malere yo tonbe nan peyi a, n’ap di: «Kilè
pou mwa a pase, pou nou vann machandiz yo? kilè pou Saba a pase, pou nou
kòmanse vann ble a, pou nou fè mezi a vin pi piti, pou nou monte pri a, pou nou
deregle balans yo; konsa n’a achte pòv yo ak lajan, ak malere yo pou yon pè
sapat; ata pay ble a n’ap vann».
«Jou sa a,
deklarasyon Granmèt Bondye, solèy la ap kouche gwo midi, m’ap kouvri tè a ak
fènwa gwo lajounen. M’ap fè fèt nou yo vin tounen dèy, tout kantik nou yo ap vin
tounen plent; m’ap mete sak sou tout do nou, m’ap koupe cheve sou tout tèt.
M’ap fè jou sa a vin tankou dèy yon sèl pitit, finisman l’ va tankou jou anmè.
Men jou
k’ap rive, deklarasyon Granmèt la, m’ap voye grangou sou tè a: se pa grangou
pou pen, ni swaf pou dlo, men pou koute pawòl Granmèt la. Y’ap deplase sot nan
lanmè jous nan lanmè, sot nan nò jous nan sòlèy-leve; y’ap mache nan tout sans
pou yo chèche pawòl Granmèt la, yo p’ap jwenn li».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 118, 2. 10.20. 30. 40.
131
R/ Se pa ak
pen sèlman moun viv, men ak tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye.
Se chans
pou moun ki kenbe temwayaj li yo, k’ap chèche l’ ak tout kè yo.R.
Ak tout kè
m’ mwen te chèche ou, pa fè m’ pèdi wout sot nan kòmandman ou yo.R.
Nam mwen ap
deperi tèlman mwen anvi jijman ou yo pandan tout tan.R.
Se chemen verite a mwe
chwazi, se jijman ou yo mwen mete devan m’.R.
Men mwen anvi kòmandman
ou yo; nan jistis ou, fè m’ vivan.R.
Mwen louvri bouch mwen,
mwen respire lespri a, paske mwen te anvi kòmandman ou yo.R.
LEVANJIL
«Se pa moun ki vanyan ki bezwen
doktè; se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 9-13
Lè sa a:
Pandan Jezi ap pase, li
wè yon mesye ki chita nan biwo ladwán nan, yo te rele l’ Matye; li di l’: «Suiv
mwen». Li leve, li suiv li.
Rive, antan li sou tab
nan lakay la, anpil pibliken ak pechè vini, yo vin sou tab avèk Jezi epi avèk
disip li yo. Lè farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: «Pouki sa mèt nou ap
manje avèk pibliken yo avèk pechè yo?»
Jezi menm tande, li di:
«Se pa moun vanyan ki bezwen doktè, men se malad yo. Al aprann sa sa vle di:
«Se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis». Sèke mwen pa vin rele moun kòrèk yo,
men pechè yo».
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Granmèt la bay yon avètisman pou gran manjè yo, aloufa yo, moun k’ap
ramase san kontwòl kote yo pa simen, sila yo k’ap sèvi avèk sa ki pi fèb yo,
pòv yo, pou regle zafè pèsonèl yo. Granmèt la di nou atansyon: pi devan sa va
rèd pou nou, paske nou konnen Jezi toujou fè zanmi avèk sila yo ki pi piti yo e
li toujou pran defans yo; se sa k’ fè nan Levanjil la Jezi di:«Se kè sansib
mwen vle, se pa sakrifis, sèke mwen pa vini rele moun korèk, men se pechè yo»,
tout sa ki malad nan kò yo ak nan lespri yo, tankou Matye jodi a. Se konsa lè
yon moun te nan move chemen epi li aksepte kite tout bagay pou swiv Jezi, se
bèl bagay, se gwo fèt nan syèl la ak sou latè. Nan tout desizyon, se Jezi li
menm ki toujou fè premye pa a: pandan l’ t’ap pase li wè Matye chita sou biwo
kontribisyon an li t’ap ramase lajan pou women yo. Non li se te Levi, men Matye
pa di sa li menm; Jezi rele l’ li di l’: «swiv mwen». San pèdi tan li leve kite
tout bagay li kòmanse swiv Jezi. Kidonk, li kite yon bagay ki te bon pou li pou
l’al dèyè yon lòt bagay ki pi bon toujou, yon bagay ki pi enpòtan. Avèk Jezi ou
gen tout bagay.Nou gen apil valè devan je Bondye. Tout moun se moun, li pa vle
mete pèsonn sou kote,kèlke swa ran sosyal moun nan. Moun ki te travay nan kontribisyon
pèp la pa t’ zanmi yo, Jwif yo te konn konsidere yo tankou moun ki nan peche,
yo t’ap touche taks nan men jwif yo pou Women yo; se poutèt sa, yo te oblije
mete moun sa yo deyò nan tanp la epi mete yo sou kote nan sosyete a. Sepandan,
Jezi vini pou kraze tout miray ki separe moun ak moun, pou pèsonn pa panse li
pi bon pase lòt. Mezanmi, avèk Jezi tout moun gen valè epi tout moun merite yon
chans pou goute peyi kote Bondye Wa a: Jezi vin fè zanmi avèk sila yo ki pi pòv
yo, tout sa sosyete a meprize. Pou l’ montre nou kijan li zanmi avèk yo, pou li
montre nou kijan se pa ipokrizi l’ap fè, li chita koute yo epi li manje avèk
yo. Jodi a Jezi ap di n’ sispann meprize lòt yo, sispann panse nou pi bon pase
lòt pou nou pa mete tèt nou nan erè, nan ilizyon. Jezi ap di nou, li pa janm
twò ta pou nou jwenn reparasyon, pou nou sanble ak li, li pa janm twò ta pou
Bondye fè kichòy ak nou.
Menm jan
avèk Matye, jodi a Jezi ap gade nou, l’ap rele nou nan non nou epi l’ap di nou
yon pawòl. An nou louvri zòrèy kè nou, pou nou tande ki pawòl Bondye ap di nou
an sekrè jodi a epi ki misyon li voye nou akonpli nan tan ak nan sosyete n’ap
viv jounen jodi a.
LAPRIYÈ: Jezi
Granmèt, nou p’ap janm bouke di ou mèsi pou rele ou rele nou epi ou chwazi nou
pou n’ travay avèk ou, tanpri ba nou lespri ou te bay Apot yo jou Lapannkot la
pou n’ fè travay la mache pi devan sou tout fas tè a.
PWOPOZISYON: Jezi
chwazi m’ kòm patizan l’, se pa paske mwen bon pase tout moun, men m’ap fè efò
pou m’ kab respekte chwa sa pandan m’ap rekonèt tout moun se moun, tout moun
gen valè devan je Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario