Páginas

SAMDI 5

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«M’ap fè prizonye pèp mwen yo tounen, m’ap enstale yo nan peyi yo a»
LEKTI LIV PWOFÈT AMÒS 9, 11-15
Men pawòl Granmèt la: «Jou sa a m’ap drese joupa David la ki te tonbe a, m’ap rebati miray li yo ki te louvri yo, m’ap refè sa k’ te dekonstonbre yo, m’ap rebati l’ tankou nan jou lontan yo, pou yo posede rès Idimeyen yo ak tout nasyon yo, pou yo rele non m’ sou yo, deklarasyon Granmèt la ki fè bagay sa yo.
Men jou k’ap rive, deklarasyon Granmèt la, moun k’ap simen an l’ap rekòlte ak sa k’ap rekòlte a, moun k’ap foule rezen an, l’ap tou kole ak sa k’ap voye semans la, mòn yo ap degoute ak dousè, tout ti mòn yo ap gen jaden. Sila yo nan pèp mwen Izrayèl ki prizonye, m’ap fè yo tounen; y’ap bati vil yo ki te abandone yo, y’ap abite nan yo, y’ap plante rezen, y’ap bwè diven yo, y’ap fè jaden legim, y’ap manje foui yo. M’ap enstale yo sou tè yo a, mwen p’ap chase yo ankò sot sou tè yo a, sa m’ te ba yo a, deklarasyon Granmèt Bondye ou la».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 84, 9. 11-12. 13-14
R/ Se lapè Granmèt la ap pale ak pèp li a.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap di, se lapè l’ap pale pou pèp li a ak sen l’ yo, avèk pou sila yo ki chanje nan kè yo.R.
Kè sansib ak verite rankontre, jistis ak lapè anbrase.Verite a leve sot sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’. Jistis ap mache devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R.
LEVANJIL
«Èske pitit mesye marye a kapab an dèy, pandan mesye marye a avèk yo? »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 14-17
Lè sa a:
Disip Jan yo pwoche kot Jezi, yo di: «Pouki sa nou menm ak farizyen yo n’ap fè jèn byen souvan, men disip ou yo menm yo pa fè jèn? » Jezi di yo: «Èske moun yo envite nan nòs la kapab nan lapenn toutotan mesye marye a avèk yo? Ap gen jou k’ap vini, lè y’a wete mesye marye a sot nan men yo, lè sa a y’a fè jèn.
Pèsòn pa mete yon moso twal nèf pou l’ koud avèk yon vye rad; li tire sou fil rad la, l’ap chire pi plis. Yo pa mete diven nouvo nan vye veso ki fèt ak po bèt; otreman veso yo ap eklate, diven an ap vide, veso yo ap pèdi; men diven nouvo se nan veso nèf yo mete li, pou yo toulede konsève».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Premye lekti nou li nan Liv pwofèt Amòs la, se yon pwofesi nou jwenn nan kontèks yon moman ki te make istwa pèp Izrayèl la, se sa nou rele Ekzil la. Akòz vyolans ak abi pèp la te oblije nan kouri kote li te kite tè li ak tout byen li. Granmèt la itilize bouch Pwofèt la pou li di pèp la gen espwa pou li, li pa bezwen dekouraje, paske l’ap kenbe men li pou li mennen li retounen nan peyi li, pou li mennen li retounen lakay li, nan peyi kote li va resevwa tout kalite benediksyon Granmèt la va ba li, lè sa a pèp la va tounen fè yon sèl. Pèp sa a ke anbisyon chèf li yo te divize, l’ap tounen fè yon sèl nan Bondye Granmèt la.
Nan Levanjil la, pou Jezi reponn ak enkyetid moun ki  pa t’ konprann atitid patizan li yo, sou koze jèn nan li di yo : «Èske zanmi mesye marye a ka gen lapenn pandan mesye marye la avèk yo?» Tout otan Jezi avèk patizan l’ yo, kè yo dwe kontan, yo p’ap fè jèn, yo p’ap kriye. Se pou sa pawòl Bondye nan bouch pwofèt Amòs, se yon pawòl espwa pou pèp la. Pawòl sa se pou nou kapab konprann  ke se lè nou nan ekzil peche nou yo, lè nou lwen Bondye, se lè sa pou nou fè jèn, epi jèn ki fè Bondye plezi a, se pa lè nou ouvri sak pou nou kouche, se pa lè nou poudre kò nou, se pa lè nou pase tout yon jounen sou yon tèt mòn ap lapriyè; okontrè, se lè nou pran konsyans de eta nou, lè nou santi nou koupab epi nou deside pran chemen konvèsyon an, chemen repantans la ak yon kè ki blese, yon lespri ki kraze. Lè Jezi avèk nou, nou pa kapab viv nan tristès; men se pou kè nou kontan. Jezi toujou prezan si nou ba li posiblite, si nou envite li nan lavi nou. L’ap ranpli nou ak lajwa.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, mèsi anpil pou tout sa w’ fè pou mwen. Tanpri fè m’ viv ak espwa chak jou nan lavi mwen paske se ou k’ap sove m’, se ou k’ap delivre m’.

PWOPOZISYON: Jodi a, viv ak espwa, remèt tout pwoblèm nan men Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario