Koulè Vèt
KATÒZYÈM
DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Men Wa ou
la ap vin kote ou tou pòv»
LEKTI LIV PWOFÈT ZAKARI 9, 9-10
Men pawòl
Granmèt la:
«Danse kont
kò ou, pitit fi Siyon, eklate ak fèt, pitit fi Jerizalèm: men Wa w’ la ap vin
jwenn ou, li kòrèk, li menm k’ap sove ou; li pòv, li monte sou yon bourik, ak
sou yon ti pitit bourik. M’ap gaye kabwèt lagè yo sot nan Efrayim, ak chwal yo
sot nan Jerizalèm, zam k’ap tire flèch pou lagè a ap gaye. L’ap pale lapè pou
nasyon yo, pouvwa l’ap sot nan lanmè rive jous nan lanmè epi sot nan gran rivyè
yo rive jous nan bout tè a».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 144, 1-2. 8-9. 10-11.
13cd-14
R/ M’ap fè
lwanj pou non ou tout tan, Bondye mwen ki wa.
M’ap fè
lwanj ou, Bondye m’, wa mwen, m’ap fè konpliman pou non ou pou tout tan ak tout
tan gen tan.
Chak jou
m’ap fè lwanj pou non ou pou tout tan ak tout tan gen tan.R.
Granmèt la
gen pitye, li gen kè sansib, li gen pasyans, li gen anpil kè sansib.Granmèt la
bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè.R.
Y’ap fè
lwanj ou, Granmèt, tout sa ou fè yo; sen ou yo ap fè konpliman pou ou. Y’ap
deklare bèlte rèy ou an, y’ap anonse pouvwa ou.R.
Granmèt la
fidèl nan tout pawòl li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo.
Granmèt la
soulaje tout moun ki tonbe, li drese tout moun ki febli.R.
DEZYÈM
LEKTI
«Si gras a
Lespri a nou touye aksyon chè a, n’ap viv».
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 8, 9. 11-13
Frè m’ yo:
Nou pa nan chè a, men
nan Lespri a, si Lespri Bondye a abite nan nou reyèlman vre. Si yon moun pa gen
Lespri Jezikri a, moun sa a pa pou li. Si Lespri sila a ki leve Jezi sot nan
pami mò yo abite nan nou, sila a ki leve Jezikri sot nan pami mò yo ap fè kò
lanmò nou yo viv tou poutèt Lespri a ki abite nan nou an.
Konsa, frè m’ yo, nou
pa dwe chè a anyen, pou nou ta bliye viv daprè chè a. Sèke si nou viv daprè chè
a, n’ap mouri; men si gras a Lespri a nou fè zèv chè a mouri, n’ap viv.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
«Mwen tou
dou, mwen gen kè m’ tou pòv»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
11, 25-30
Lè sa a Jezi pran
lapawòl, li di:
«Mwen fè konpliman pou
ou, Papa, Granmèt syèl la ak tè a, paske ou kache bagay sa yo pou moun sajès yo
ak moun entelijans yo, ou devwale yo bay ti moun piti yo. Wi, Papa, paske se
konsa sa fè ou plezi. Papa m’ renmèt mwen tout bagay, pèsòn pa konnen Pitit la,
sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof Pitit la ak moun Pitit la vle
devwale sa.
Vin jwenn mwen, nou
tout k’ap fatige, k’ap redi anba gwo chaj, m’ap refè fòs nou. Pran jouk mwen
sou nou, pran leson nan men m’, paske mwen tou dou, mwen pòv nan kè m’; n’ap
jwenn repo pou nam nou; jouk mwen fasil pou pote, chaj mwen leje».
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Jodi a n’ap selebre katòzyèm dimanch tan òdinè a. Nan pawòl sa a nou sot
tande a, Jezi fè moun ki pòv nan kè yo konnen ki jan sa ye ant li menm ak Papa
l’. Se moun ki pòv nan kè yo, se moun ki pa nan konnen tout, ki kab resevwa
mesaj li a. Li envite yo vin jwenn li, vin kote li ak tout mizè yo, pou li kab
soulaje yo. Li envite yo pou yo pran jouk li sou zepòl yo: sa vle di,
pou yo swiv lòd li yo, pou yo renmen Bondye ak frè yo jan li montre nou. Li di
yo: se nan viv konsa y’a jwenn kè poze ak fòs kouraj pou yo konbat ak lavi a.
Mezanmi, konbyen fwa
nou santi lavi a se yon chay k’ap peze sou zepòl nou? Nou konbat ak pwoblèm, ak
difikilte, ak mizè, e nou prèt pou tonbe. Jodi a Jezi envite nou vin kote l’,
l’a ede nou pote chay lavi a, l’a soulaje nou, l’a fè nou jwenn kè poze.
Men, pou nou kab vin
jwenn li, fòk nou gen yon kè ki senp, rekonèt nou fèb, nou piti. Se pou nou
soumèt nou devan Bondye, admèt nou bezwen Jezi. Moun ki pran pòz konnen tout,
moun ki konprann yo se moun lespri, moun ki plen move lògèy, yo pa wè sa, yo pa
kab fè sa.
Jezi te di: Ala chans
pou moun ki pòv nan kè yo, paske peyi wa ki nan syèl la se pou yo! Alò, nou
menm, an nou apiye sou Jezi. Se nan feblès Jezi aji. Li devwale sekrè syèl la
bay sa ki pi piti yo. Louvri pòt kè nou bay Jezi, sonje li la kote nou, avèk
nou, nan nou. Mache avèk li, mache sou tras li. Fè volonte Bondye Papa nou,
renmen frè nou yo. Lè sa, Jezi ap avèk nou, l’ap soutni nou, l’ap fè nou jwenn
kè poze. Sa pa vle di nou p’ap gen pwoblèm ak difikilte. Non, n’ap genyen
sètènman. Men nou p’ap pèdi tèt nou lè yo rive sou nou, yo p’ap boulvèse nou,
paske nou konnen Jezi avèk nou, nou pa pou kont nou. L’ap ede nou pote chay
lavi a. Se li ki va ba nou espwa.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri ede
mwen imite dousè, petitès ak senplisite Jezi, pou mwen ka akeyi ou chak jou nan
lavi mwen. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Lapriyè pi plis, kwape
lògèy ak santiman gwo potanta nou yo, rete nan prezans Bondye pou nou ka venk
demon an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario