Páginas

LENDI 7

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«M’ap marye ou avèk mwen pou tout tan»
LEKTI LIV PWOFÈT OZ 2, 14. 15-16. 19-20
Men pawòl Granmèt la:
«Se mwen menm k’ap ba l’ bwè lèt, k’ap kondui l’ nan savann, k’ap pale nan kè l’; l’ap chante la tankou jou lè l’ te jèn nan, tankou jou lè l’ te monte sot nan peyi Lejip la.
Jou sa a, deklarasyon Granmèt la, l’ap rele m’: «Mari mwen», li p’ap rele m’ «Mèt mwen» ankò. M’ap marye ou avèk mwen pou tout tan; m’ap marye ou avèk mwen nan jistis avèk jijman, nan kè sansib avèk nan bon kè, m’ap marye ou avèk mwen nan lafwa, w’ap konnen mwen se Granmèt la».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 144, 2-3. 4-5. 6-7. 8-9
R/ Granmèt la sansib, li gen bon kè.
Chak jou m’ap fè konpliman pou ou, m’ap fè konpliman pou non ou, pou tout tan ak tout tan gen tan.
Granmèt la gran, li merite anpil lwanj, yo pa kapab sonde grande l’.R.
Yon jenerasyon ap fè lwanj pou travay ou bay yon lòt jenerasyon, y’ap rakonte pouvwa ou.
Grandè bèlte wotè ou, y’ap deklare l’, mèvèy ou yo, y’ap detaye yo.R.
Fòs ou ki terib yo, y’ap di yo, grande ou la y’ap rakonte l’.Y’ap pibliye souvni richès dousè w’ la, y’ap fete nan jistis ou a.R.
Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib, li gen pasyans, li gen anpil kè sansib. Granmèt la bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè.R.
LEVANJIL
«Pitit fim nan fèk sot mouri, men vini, l’a viv»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
9, 18 -26
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap pale, gen yon chèf prèt ki pwoche; li adore l’, li di: «Granmèt, pitit fi m’ nan fè k’ sot mouri, men vini, poze men sou li, pou l’ viv». Jezi leve, li suiv li, avèk disip li yo tou.
Gen yon madanm ki t’ap pèdi san depi douzan, li pwoche dèyè, li touche fil rad li. Li t’ap di nan kè l’: «Si m’ touche rad li sèlman, m’ap sove».
Jezi vire, li wè l’, li di: «Konfyans mafi, lafwa ou sove ou». Madanm nan sove menm lè a.
Lè Jezi antre nan kay chèf la, li wè mizisyen yo ak foul k’ap fè bwi, li di: «Rale kò nou, ti fi a pa mouri, se dòmi l’ap dòmi». Men yo t’ap pase l’ nan rizib. Lè l’ fin chase foul la, li antre, li kenbe men l’, ti fi a leve. Nouvèl sa a gaye nan tout peyi sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Pwofèt Oze se yon nonm ki te viv yon relasyon espesyal avèk Bondye, pa rapò a sa li t’ap anonse ak sa li t’ap eksperimante nan lavi li kòm moun. Nan pwofesi pwofèt oze a nou jwenn yon pwezi, ki eksprime dousè ak pwofondè renmen Bondye a pou pèp li a. Kalite renmen sa a, nou dwe jwenn li reflete nan fanmi yo ki soude nan lanmou Granmèt la gras a lyen maryaj la.
A pati de pwòp eksperyans pa li ak mandanm li, Oze te kab pèmèt nou konprann gwo mistè renmen Bondye ki marye ak pèp li a.
Nan tan pwofèt Oze t’ap viv la, pèp la te vire do bay Bondye, li te divòse ak li epi li t’ap kouri dèyè zidòl lòt pèp yo ; Izrayèl bliye tout sa Granmèt la te fè pou li, menm jan ak Oze ki te marye ak yon fanm adiltè, ki t’ap mache dèyè lòt nèg. Nan yon tan pèp sa resevwa pinisyon ki se konsekans adiltè l’, aprè l’ap jwenn padon paske sila ki renmen l’ lan renmen l’ tout bon vre.
Nan levanjil la Jezi pale ak ti fi ki mouri a, nou konnen moun ki mouri pa tande. Okenn sans nan li pa t’ fonksyone, men vwa Jezi te penetre li e li te reveye tout sans ki te nan li. Jezi re-anime li, li fè li reviv. Pa gen anyen ki enposib pou Bondye, li gen pouvwa sou lanmò, li mande ti fi a leve sòti nan lanmò e ti fi a tande, li leve.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt mwen, jodi a mwen santi m’ se yon mò ki an vakans ; tanpri leve m’ sòti nan lanmò mwen an.

PWOPOZISYON: Rete fidèl ak Granmèt la, renonse ak tout kalite zidòl pou m’ ka bay Bondye kè m’ tout antye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario