Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
«Yo simen van, y’ap rekòlte
tanpèt».
LEKTI LIV PWOFÈT OZ 8, 4-7.
11-13
Men pawòl
Granmèt la:
Wa yo
kòmande nan Izrayèl, men se pa nan mwen sa sòti; chèf yo enstale, men mwen pa
t’ konnen; ak lajan yo ak lò yo, yo fè zidòl pou tèt yo, pou yo mouri. Y’ap
rejte towo ou la, Samari; kòlè m’ flanbe kont yo. Jouskilè yo p’ap kapab pwòpte
anba li? Paske se nan Izrayèl sa sòti: see yon òfèv ki fè l’, li pa Bondye;
sèke towo Samari a ap vin tounen twal zariyen; Yo simen van, y’ap rekòlte
tanpèt; li p’ap gen ble, grenn nan p’ap fè farin; menm si l’ fè l’, se yon lòt
k’ap manje l’.
Efrayim mete anpil
lotèl pou l’ fè peche, e lotèl yo tounen pou li yon blòk peche. Mwen ekri pakèt
lòd mwen yo pou li, men yo konsidere yo tankou bagay etranje. Y’ap ofri
sakrifis, y’ap sakrifye chè, y’ap manje, Granmèt la p’ap resevwa yo; koulye a
l’ap sonje peche yo, l’ap vizite pechè yo: yo menm y’ap tounin Lejip.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM
REPONS 113
B, 34. 5-6. 7-8. 9-10
R/ Kay Izrayèl la espere
nan Granmèt la.
Bondye nou
an nan syèl la, tout sa l’ vle, li fè l’. Zidòl payen yo se lajan
ak lò, travay men lèzòm.R.
Yo gen bouch, yo p’ap
pale, yo gen je, yo p’ap wè. Yo gen zòrèy, yo p’ap
tande, yo gen nen, yo p’ap santi.R.
Yo gen men, yo p’ap
touche, yo gen pye, yo p’ap mache; se pou yo vin tounen
tankou yo, sila yo ki fè yo a, ak tout moun ki met konfyans nan yo.R.
Kay Izrayèl la espere
nan Granmèt la, li se sekou yo ak zam defans yo.
Kay Aawon an espere nan
Granmèt la, li se sekou yo ak zam defans yo.R.
LEVANJIL
«Rekòlt la anpil, men travayè yo se
yon ti kras yo ye».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 32- 38
Lè sa a:
Yo te mennen yon moun
ki baba bay Jezi, moun nan te gen yon demon. Kon l’ fin chase demon an, baba a
pale, foul yo sezi, yo di: «Yo pa janm wè bagay konsa nan Izrayèl».
Farizyen yo menm t’ap
di: «Se pa pouvwa chèf demon yo l’ap chase demon yo».
Jezi menm t’ap mache
nan tout vil yo ak bouk yo, li t’ap bay lansèyman nan kay reyinyon yo, li t’ap
preche levanjil rèy nan, li t’ap geri tout maladi ak tout feblès. Lè l’ wè foul
yo, li pran lapenn pou yo, paske yo te bouke, yo te kouche tankou mouton ki pa
gen gadyen.
Lè sa a li di disip li
yo: «Rekòlt la anpil, men travayè yo se yon ti kras yo ye; lapriyè Granmèt
rekòlt la, pou l’ voye travayè nan rekòlt li a».
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Jezi gen
pouvwa pou l’ fè tout bagay, se pou sa si w’ap mache ak li ou pa bezwen ni gen
doutans, ni fè kè kase: Jezi gen pouvwa pou fè fonksyone tout sa ki pa
fonksyone nan kò nou (li fè baba pale); li gen pouvwa pou fè satan rete nan wòl
li (li chase demon). Men, pou fè diferans ant pouvwa Bondye ak pouvwa lèzòm,
pouvwa Jezi a, se pa pou li bay yon «cho» oubyen yon demonstrasyon, se pa pou
li fè ekzibisyon; men se yon pouvwa pou li libere moun nan totalman anba tout
sa ki antrave li, tout sa ki kokobe li e ki anpeche li viv ak diyite kòm pitit
Bondye. Pawòl Bondye pou jodi a ap raple nou kijan Granmèt la pwisan, pa gen chenn li pa ka
kase; fòk nou mete tout konfyans nou nan li, paske Bondye renmen nou tout bon,
li renmen nou san limit. Se
fòs renmen sa ki geri malad, ak moun ki gen feblès yo. Se menm fòs renmen sa a
ki fè Jezi te pran lapenn pou foul yo, paske yo te bouke, yo te kouche tankou
mouton ki pa gen gadyen. Granmèt la kontinye genyen konpasyon pou nou, li vle
sove nou, li pran lapenn pou nou lè li wè n’ap soufri, li genyen kè sansib.
Jodi a se yon gran okazyon pou nou rekonèt lanmou Bondye gen pou nou antan ke
Bon Gadyen ki toujou la pou pran swen nou, pou pote nou sou zepòl li.
Nan Levanjil la tou,
nou dekouvri atitid farizyen yo, kòman yo t’ap
kritike Jezi, yo t’ap di se pa Lespri Sen ki nan li men se chèf demon yo
ki t’ap aji nan li. Pafwa nou aji menm jan avèk yo, olye pou nou rekonèt yon
bon zèv yon moun nan kominote a, nou chache tout sa k’ negatif olye pou nou
felisite bon aksyon sa. Nou pi fò nan detwi ke konstwi. An nou mande Bondye pou
li ba nou yon espri pozitif pou nou kapab valorize tout sa l’ap fè nan lavi
nou, e nan lavi frè ak sè n’ yo.
LAPRIYÈ: Bondye
Papa, mwen kwè nan puisans ou. Tanpri delivre mwen. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON:
M’ap pwofite jounen jodi a pou mwen dekouvri tout
mèvèy Granmèt la fè nan mwen. M’ap rekonèt tout sa k’ bon nan moun k’ap viv bò
kote m’ yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario