Páginas

MÈKREDI 9

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Li lè pou nou chèche Granmèt la».
LEKTI LIV PWOFÈT OZE 10, 1-3. 7-8. 12
Se yon bèl jaden rezen Izrayèl te ye, ki donnen fwi; plis l’ap donnen fwi, se plis l’ap bati lotèl; plis tè a rich, se plis l’ap drese zidòl. Kè yo de bò, koulye a y’ap peri; li menm l’ap kraze zidòl yo, l’ap avili lotèl yo. Sèke koulye a y’ap di: «Nou pa gen wa; nou pa respekte Granmèt la, epi wa a, sa l’ fè pou nou?»
Samari fè wa l’ la pase tankou kim sou fas dlo, gran plas zidòl yo, — se peche Izrayèl la menm, — y’ap detwi; raje ak chadwon ap monte sou lotèl li yo, y’ap di mòn yo «Kouvri nou», epi ti wotè yo «Tonbe sou nou».
Simen nan jistis, n’a rekòlte nan kè sansib, sakle tè nou an ki fin repoze a. Li lè pou nou chèche Granmèt la, jous l’a vini, sila a k’ap aprann nou jistis la.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 104, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Chèche fas Granmèt la tout tan.
Chante pou li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo.
Fè lwanj nou nan non l’ ki sen an, se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan.R.
Chèche Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan. Sonje mèvèy li fè yo, pwodij li ak jijman bouch li.R.
Ras Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a li chwazi a. Se li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman l’ yo.R.
LEVANJIL
«Ale kot mouton kay Izrayèl la k’ap peri yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 1-7
Lè sa a:
Jezi rele douz disip li yo, li ba yo pouvwa sou lespri pa-pwòp yo, pou yo chase yo, pou yo geri tout maladi ak tout feblès.
Non douz apot yo se te: Premye a Simon, sa yo rele Pyè a, epi Andre, frè l’ la, Jak pitit Zebede a, ak Jan, frè l’ la, Filip ak Batelemi, Toma ak Matye, pibliken an, Jak pitit Alfe a, ak Tade, Simon Kananeyen an ak Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi l’ la.
Douz sa yo, Jezi voye yo, antan l’ ba yo konsiy, li di: «Pa ale nan wout payen yo, pa antre nan vil Samariten yo; men pito nou ale kot mouton yo k’ap peri nan kay Izrayèl la. Ale, preche, se pou nou di: «Rèy syèl la rive».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Nan premye lekti a pwofèt Oze raple “li lè pou nou chèche Granmèt la.” Nou pa dwe ret tann dènye moman pou nou pran desizyon pou nou suiv li; paske nou pa konn ki jou, ni ki lè Bondye ap mande n’ lavi n’. Epi tou pou nou viv kòm pitit li, nan fè volonte l’, fòk nou chèche, ba l’ plas li merite nan lavi nou. Jodi a, menm jan ak premye patizan li yo, Jezi lanse envitasyon ba nou pou n’ kapab tounen disip-misyonè li, pou nou temwaye bòn nouvèl renmen, padon, jistis ak solidarite a.
Jezi rele douz disip li yo, li ba yo pouvwa pou yo chase demon, pou yo geri tout maladi ak tout feblès. Se menm misyon sa nou genyen nan tan n’ap viv la. Jezi chwazi nou, se yon gwo favè li fè nou. Jezi pa gade sou figi nou pou li chwazi nou. Si nou gade istwa disip li yo, se pa t’ moun rich yo te ye, ni gwo pwofesyonèl, ni moun ki te fè gwo etid labib, oubyen moun ki te genyen anpil pouvwa. Prèske tout, se moun ki t’ap goumen pou yo viv avèk fwi travay yo, epitou yo te lanse yo pou yo fè sa Granmèt la di yo. Si ou tande vwa Granmèt la k’ap rele ou jodi a, pa fè tèt di, pa fèmen kè ou. Koute li.
LAPRIYÈ: Jezi sovè m’, mwen vle suiv ou, ou mèt toujou konte sou mwen, ban m’ fòs ak kouraj pou m’ ka preche bòn nouvèl ou a, ede m’ temwaye renmen w’ lan chak jou nan lavi mwen. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap pran yon ti moman nan jounen jodi a pou m’ pataje ak yon lòt moun bòn nouvèl mwen tande jodi a. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario