Páginas

DIMANCH 30

Koulè Vyolèt
PREMYE DIMANCH LAVAN, ANE B
-KÒMANSMAN YON NOUVO ANE LITIJI [ANE-B]
-KÒMANSMAN TAN LAVAN-
PREMYE LEKTI
«Si ou te kapab chire syèl yo, pou ou desann».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 63, 16b-17; 64, 1, 3b-8
Ou menm, Granmèt, ou se papa nou, sila a k’ap delivre nou an; depi tout tan se non ou sa. Pouki sa, Granmèt, ou kite nou ap pèdi wout lwen chemen ou yo, ou kite kè nou fèmen, pou nou pa respekte ou? Tounen, poutèt sèvitè ou yo, ras eritaj ou a.
Si ou te kapab chire syèl yo, pou ou desann! devan fas ou mòn yo ta koule!
Ou te desann, devan fas ou mòn yo te fonn. Depi tout tan yo pa t’ tande sa, zòrèy pa t’ resevwa sa; je pa t’ wè sa, Bondye, andeyò ou menm, bagay ou prepare pou moun k’ap tann ou yo. Ou vin rankontre moun ki gen kè kontan e ki fè sa ki kòrèk la; y’ap sonje ou nan chemen ou yo.
Men, ou te fè kòlè, sèke nou te fè peche; nou te toujou nan bagay sa yo, men n’ap sove. Nou tout, nou te tankou bagay ki pa pwòp; tout sa nou te kapab fè ki kòrèk, se te tankou twal ki sal ak san, nou tout nou te tonbe tankou fèy bwa, peche nou yo te bwote nou tankou van.
Pa t’ gen pèsòn ki t’ap rele non ou, ki te leve pou chèche ou. Ou te kache fas ou lwen nou, ou te lage nou nan peche nou. Koulye a, Granmèt, se papa nou ou ye, nou menm se te pou fè krich la. Se ou menm k’ap fòme nou, nou tout nou se travay men ou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 79, 2ac e 3b. 15-16. 18-19 (r.: 4)
R/ Bondye, fè nou tounen, klere fas ou, pou nou kapab sove.
Ou menm k’ap gadyen Izrayèl, panche, ou menm ki chita anlè Cheriben yo, klere. Reveye pouvwa ou, vini, pou ou sove nou.R.
Bondye lame yo, tounen ; gade antan ou nan syèl la pou ou wè ; vizite pye rezen sa a,     pwoteje sa ou te plante ak men dwat ou a ; ak sou pitit moun nan ou te rann solid pou ou a. R.
Poze men ou sou moun men dwat ou a, sou pitit moun nan ou te rann solid pou ou a. Nou p’ap vire do ba ou, fè nou viv, n’a rele non ou.R.
DEZYÈM LEKTI
«N’ap tann revelasyon Granmèt nou Jezikri».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL POU KORENTYEN YO 1, 3-9
Frè m’ yo:
Favè pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt la Jezikri.
Mwen di Bondye m’ nan mèsi tout tan pou nou nan favè Bondye a, favè sa a li ba nou nan Jezikri a, paske nan li nou vin rich nan tout kalite bagay, nan tout kalite pawòl ak nan tout kalite syans, jan temwayaj Jezikri a asire nan nou an; pou anyen pa manke nou nan okenn favè, nou menm k’ap tann revelasyon Granmèt nou Jezikri, li menm k’ap asire nou jouskalafen san fot, pou jou Granmèt nou Jezikri ap rive a. Bondye fidèl, li menm ki rele nou pou nou viv asosye avèk Pitit li Jezikri Granmèt nou.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Veye: nou pa konn kilè mèt kay la ap vini»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 13, 33-37
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Gade, se pou nou veye, se pou nou lapriyè; sèke nou pa konnen kilè tan an ap rive. Tankou yon mesye k’ap pati nan vwayaj, ki kite kay li, li bay sèvitè l’ yo pou yo chak okipe travay yo, li pase gad-baryè a lòd pou l’ ret veye.
Konsa se pou nou veye ; sèke nou pa konnen kilè mèt kay la ap vini, si se aswè, si se nan mitan nannuit, si se lè kòk chante, si se nan maten ; pou lè l’ rive san-zatann, li pa jwenn nou ap dòmi. Sa m’ di nou la a, se tout moun mwen di l’: Veye».
REFLEKSYON : Jodi a, se finisman ane Litiji-A, se kòmansman Ane Litiji-B, epitou se kòmansman yon tan trè espesyal ki se Tan Lavan, tan kote n’ap tann Granmèt la, Sovè a, Mesi a, Pitit Bondye a. Se tan ki fè nou sonje Jezi te vini sou tè a epi li gen pou li retounen. Se yon tan ki fè nou viv sa ki te pase e ki deja envite nou sitiye nou pa rapò ak avni an. Kidonk se yon peryòd renovasyon ak preparasyon. Fòk nou prepare nou pou nou akeyi Jezi. Men sitou preparasyon sa a, se chak jou nou dwe fè li.
Jezi ba nou avètisman «se pou nou veye; sèke nou pa konnen kilè mèt kay la ap vini» (Mk 13,33). Vrèman vre, nan lavi a gen yon moman kote nou dwe pran desizyon. Kilè Jezi ap rive ? Nou pa konnen. Granmèt la pa t’ menm vle nou konnen kilè lafen dimond la ap rive.
Pou fini, tout sa mennen nou genyen yon atitid moun k’ap tann epi avèk konsyans ke sa n’ap tann nan ka rive lè nou pa kwè» (Mk 13,36).  Tan lavi nou, se yon tan pou nou ofri lòt yo tèt nou, pou nou kapab rive gen matirite nan kapasite pou nou renmen an, se pa yon tan divètisman. Se yon tan «fiyansay» nan kominyon ak Bondye ak sen li yo.
Men lavi a, se kòmanse toutan epi rekòmanse. Rezon an, se paske gen anpil moman kote nou dwe pran desizyon: chak jou, chak lè ki pase, chak minit kapab tounen yon moman desizyon nan lavi nou. Kit li anpil, kit li piti: se nan moman konkrè sa a ke Granmèt la ap tann nou. «Nan lavi nou, nan lavi kretyen yo, prèmyè konvèsyon an enpòtan - yon moman chak moun kapab sonje, moman ou kapab dekouvri klèman tout sa nou mande Granmèt la - men konvèsyon ki vin aprè yo, yo pi enpòtan epi pi difisil» (Sen Josemaria)
Nan tan litijik sa a n’ap prepare nou pou nou selebre gran «Avènman an»: Sovè nou an k’ap vini an. «Nwèl», «Nativitas», Nesans: Chak jou nan lavi nou dwe yon «nesans» nan lavi lanmou! Pi bon fason pou nou veye, petèt se fè lavi nou tounen yon «Nwèl» toutan. Se pou Manman nou, Lasent Vyèj Mari veye sou nou!
LAPRIYÈ : Prese vini Granmèt, vin sove nou. Nou tankou yon tè sèk k’ap tann lapli, se ou n’ap tann, prese vini.

PWOPOZISYON : Prepare kè mwen pou mwen resevwa Jezi. Akeyi li antan mwen akeyi lòt yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario