LENDI 1
Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Granmèt la ap rasanble tout
nasyon yo nan lapè tout tan Rèy Bondye a»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 2,
1-5
Pawòl Izayi, pitit Amòs la, te wè osijè Jida ak Jerizalèm.
Nan dènye jou yo, mòn kay Granmèt la ap pare anlè tèt mòn yo, l’ap anlè ti
mòn yo, tout nasyon yo ap kouri vin jwenn li. Anpil pèp ap vini, y’ap di :
«Vini, an nou monte sou mòn Granmèt la, ak nan kay Bondye Jakòb la, l’ap
aprann nou cheme l’ yo, n’ap mache nan santye l’ yo; paske se nan Siyon lalwa a
ap sòti, pawòl Granmèt la ap vin sot Jerizalèm».
L’ap jije nasyon yo, l’ap korije anpil pèp: y’ap fonn epe yo pou yo fè pikwa,
ak fwenn yo pou yo fè sèpèt. Nasyon p’ap leve epe kont nasyon ankò, yo p’ap
aprann fè lagè ankò.
Kay Jakòb la, vini an nou mache nan limyè Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 121, 1-2, 34a
(4b-5. 6-7) 8-9
R/ Nan lakay Granmèt la n-apralé ak kè kontan
Mwen kontan, lè yo di m’ : «N’a pral nan lakay Granmèt la».
Pye nou deja kanpe nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Se la reyèlman vre ras yo ap monte, ras Granmèt la, temwayaj Izrayèl, pou
fè lwanj pou non Granmèt la. Paske se la fotèy yo ap poze pou jijman an, fotèy
kay David la.R.
Mande sa k’ap bay Jerizalèm lapè. Se pou yo gen asirans, sila yo ki renmen ou
nan. Se pou gen lapè nan miray ou yo, avèk asirans nan kay defans ou yo. R.
Poutèt frè m’ yo ak pwochen m’ yo m’ap di : «Lapè nan ou ! Poutèt kay
Granmèt Bondye nou an m’ap mande byen pou ou.R.
LEVANJIL
«Anpil moun ap sòti nan direksyon
solèy leve ak nan direksyon solèy kouche, y’ap vin nan rèy syèl yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 8, 5- 11
Lè sa a :
Pandan Jezi t’ap antre Kafanawòm, yon kapitèn pwoche kote l’, li di : «Granmèt,
sèvitè m’ nan kouche lakay la, yon bò mouri, l’ap soufri anpil».
Jezi di l’: «M’a prale, m’ap geri l’».
Kapitèn nan reponn, li di: «Granmèt, mwen pa merite pou ou antre anba fetay
lakay mwen; men di yon pawòl, epi sèvitè m’ nan ap geri. Sèke mwen menm mwen se
yon moun ki anba lòd lòt moun, mwen gen sòlda anba lòd mwen, mwen di sa a: «Ale»,
epi 1’ale; epi lòt la: «Vini», epi li vini; epi sèvitè m’ nan: «Fè sa», epi li
fè l’».
Lè Jezi tande sa, li sezi, li di sila yo ki t’ap suiv li a: «An verite, mwen
di nou, mwen pa jwenn kalite lafwa sa a nan Izrayèl. Ebyen mwen di nou: anpil
moun ap vin sòti nan direksyon solèy leve ak nan direksyon solèy kouche, y’ap
manje avèk Abraam, Izaak ak Jakòb nan rèy syèl yo».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, lè n’ap gade premye lekti a,
nou ka mande kilè jou sa va rive, pou nou viv ak kè poze, pou nasyon pa ta leve
kont nasyon ankò, pou lage ta fini, pou san frè ak sè nou ta sispann koule.
Jodi a lè n’ap gade sa k’ap pase nan lòt peyi,
sa fè nou poze anpil kesyon sou kòman nou menm moun nou pa ka antann nou, kòman
youn ap goumen ak lòt, youn ap dechire lòt.
Poutan Bondye kreye nou pou nou viv ansanm, pou
nou viv nan lanmou youn pou lòt; men nou trayi plan Bondye gen pou nou an ki se
kè poze a.
Bondye te kreye nou pou glwa li eklate, men nou
trayi l’ nan fè peche, nan fè sa ki mal, nan detwi lavi frè ak sè nou yo, nan
detwi kreyasyon an. Jodi a, kòm kretyen, kòm batize, nou dwe poze tèt nou
kesyon pou di: kisa mwen fè pou gen kè poze kote m’ap viv la, nan fanmi an, nan
Legliz la, nan lekòl, nan travay, nan peyi mwen? Zanmi Bondye yo, jodi a nou dwe reflechi sou
relasyon nou ak Bondye pou n’ wè kòman menm jan ak kapitèn sa nan levanjil la,
pou Jezi di li pa janm wè yon moun gen lafwa konsa nan peyi nou an.
Kapitèn nan ki te kwè ke delivrans pa t’ lòt
kote ke nan Jezi, li di: «tanpri Granmèt mwen pa merite pou w’ antre lakay mwen, men di yon sèl pawòl sèvitè m’ nan ap
geri».
Frè ak sè m’ yo, ann mande Bondye menm janm li
te geri sèvitè kapitèn nan pou l’ delivre nou anba tout bagay ki anpeche nou
viv nan lapè ak kè poze, nan renmen youn pou lòt. Ann mande l’ ede nou rete
kole sou li, konsa nou va toujou jwenn sekou nan men li.
LAPRIYÈ:Bondye
Granmèt ou menm ki Sous lapè ak kè poze a, tanpri fè lapè tabli nan peyi nou,
nan fanmi nou, nan kominote nou yo, pou nou youn sispann detwi lòt. Pa pouvwa
Jezikri Granmèt nou, Pititit ou. Amèn.
PWOPOZISYON: Nou kapab pwofite pou nou al wè yon moun ki malad,
ki nan prizon, ki viktim de yon enjistis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario